Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 97


Seksyon 97

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Kirtland, Ohio, 2 Out 1833. Revelasyon sa a patikilyèman okipe zafè Sen Siyon yo ki nan Konte Jackson, Missouri, kòm repons pou demand Pwofèt la te fè Senyè a pou ba li enfòmasyon. Nan epòk sa a nan Missouri, manm legliz yo te soumèt anba pèsekisyon grav, epi nan 23 Jiyè 1833, yo te fòse yo siyen yon akò pou yo kite Konte Jackson nan.

1–2, Anpil nan Sen Siyon yo (Konte Jackson, Missouri) beni poutèt fidelite yo; 3–5, Parley P. Pratt jwenn konpliman pou travay li nan lekòl Siyon an; 6–9, Moun ki obsève alyans yo, Senyè a aksepte yo; 10–17, Yon kay dwe bati nan Siyon, kote moun ki gen kè pi pral wè Bondye; 18–21, Siyon se moun ki gen kè pi; 22–28, Siyon ap echape anba afliksyon Senyè a si l fidèl.

1 An verite m di nou zanmi m yo, m ap pale nou avèk vwa m, vwa Lespri m menm, pou m kapab montre nou volonte m konsènan frè nou yo ki nan peyi Siyon an, anpil ladan yo gen imilite an verite epi y ap chèche avèk dilijans pou yo aprann lasajès epi pou yo jwenn verite.

2 An verite, an verite m di nou, moun konsa beni, paske y ap jwenn; paske mwen menm Senyè a, m ap montre moun ki dou yo mizèrikòd, epi sou tout moun m vle, pou m kapab jistifye lè m mennen yo nan jijman.

3 Gade, m di nou, konsènan lekòl Siyon yo, mwen menm Senyè a, m kontan pou gen yon lekòl nan Siyon, epi tou m kontan avèk sèvitè m nan, Parley P. Pratt, paske li rete nan mwen.

4 Epi toutotan li kontinye rete nan mwen l ap kontinye prezide sou lekòl la nan peyi Siyon an jistan m ba li lòt kòmandman.

5 Epi m ap beni l avèk yon bann benediksyon, m ap esplike tout ekriti yo ak mistè yo pou edifikasyon lekòl la, ak legliz la nan Siyon.

6 Epi pou rès lekòl la, mwen menm Senyè a m vle montre mizèrikòd; sepandan gen moun m dwe chatye, epi moun pral vin konnen zèv yo.

7 Rach la poze sou rasin pyebwa a; epi tout pyebwa ki pa pote bon fwi l ap derasinen, jete nan dife. Paske mwen menm Senyè a m te di sa.

8 An verite m di nou, tout moun pami yo ki konnen yo onèt, epi ki gen kè brize, epi lespri yo kontri, epi ki vlesakrifis pou obsève alyans yo—wi, chak sakrifis mwen menm Senyè a m kòmande—m ap aksepte yo.

9 Paske mwen menm Senyè a, m ap fè yo donnen tankou yon pye fwi ki plante nan yon bon tè, kote yon kouran dlo pi ki bay anpil fwi ki bon.

10 An verite m di nou, se volonte m pou nou bati yon kay pou mwen nan peyi Siyon an, tankou modèl m ba nou an.

11 Wi, se pou l bati rapid rapid, avèk ladim pèp mwen an.

12 Gade, se ladim ak sakrifis sa mwen menm Senyè a, m rekòmande nan men yo, pou yon kay kapab bati pou mwen pou sali Siyon—

13 Kòm yon plas remèsiman pou tout sen yo, epi kòm yon plas enstriksyon pou tout moun ki aple pou travay nan ministè a nan tout kalite apèl yo ak ofis yo;

14 Pou yo kapab pèfeksyone nan konpreyansyon ministè yo, nan teyori, nan prensip, ak nan doktrin, nan tout bagay ki gen rapò avèk wayòm Bondye sou tè a, kle wayòm sa m te konfere nou an.

15 Epi toutotan pèp mwen an bati yon kay pou mwen nan non Senyè a, epi yo pa kite okenn bagay ki papwòp vini ladan l, pou l pa sal, laglwa mwen ap repoze sou li;

16 Wi, epi prezans mwen pral ladan l, paske m ap vini ladan l, epi tout moun ki gen kè pi ki vini ladan l ap wè Bondye.

17 Men, si l sal m p ap vini ladan l, epi laglwa mwen p ap ladan l; paske m p ap vini nan tanp ki pa sen.

18 Epi kounyeya, gade, si Siyon fè bagay sa yo l ap pwospere, l ap gaye kò l epi l ap vin gloriye anpil, gran anpil, epi terib anpil.

19 Epi nasyon yo ki sou tè ap onore l, epi y ap di: Asireman Siyon se vil Bondye nou an, epi asireman Siyon pa kapab tonbe, ni tou moun pa kapab deplase l nan plas li a, paske Bondye la, epi men Senyè a la;

20 Epi li sèmante avèk pouvwa pisans li pou l sali l ak a fòtrès elve li a.

21 Se poutèt sa, an verite, Senyè a di, se pou Siyon rejwi, paske sa se Siyonmoun ki gen kè pi yo; Se poutèt sa, se pou Siyon rejwi, pandan tout mechan yo pral lamante.

22 Paske gade, vanjans ap vini rapid rapid sou moun ki san Bondye yo tankou yon toubiyon; epi kiyès ki pral chape anba l?

23 Epidemi Senyè a pral pase nan nuit ak lajounen, epi konsekans la pral ajite tout moun; wi, li p ap sispann jistan Senyè a vini;

24 Paske endiyasyon Senyè a limen kont abominasyon yo ak zèv mechan yo.

25 Sepandan, Siyon ap chape si l obsève pou l fè tout bagay m kòmande l.

26 Men, si l pa obsève nenpòt sa m kòmande l, m ap vizite l daprè tout zèv li yo, avèk move afliksyon, avèk lapès, ak maladi kontajye, avèk epe, avèk vanjans, avèk dife devoran.

27 Sepandan, se pou yo li sa nan zòrèy li yon fwa, pou fè konnen mwen menm Senyè a, m aksepte ofrann li; epi si l pa peche ankò okenn nan bagay sa yo p ap vini sou li;

28 Epi m ap beni l avèk benediksyon, epi m ap miltipliye yon bann benediksyon sou li, ak sou jenerasyon li yo pou toujou epi ajamè, se sa Senyè Bondye a nou an di. Amèn.