Èd pou Etid
TJS, Jenèz 15


TJS, Jenèz 15:9–12. Konpare avèk Jenèz 15:1–6

Abraram aprann sou Rezirèksyon an epi li fè yon vizyon sou ministè Jezi nan mòtalite a.

9 Epi Abram te di konsa, Senyè Bondye, kòman w ap fè ban mwen tè sa a pou yon eritaj etènèl?

10 Epi Senyè a te di l: Menm si ou te mouri, èske m pa t ap kapab ba ou l?

11 Epi si w mouri, w ap posede l kanmèm, paske jou a ap vini pou Pitit Gason Lòm nan va resisite; men kòman l ap fè viv si l pa mouri? Li dwe resisite anvan.

12 Epi se te konsa, Abram te gen yon vision epi l te wè epòk Pitit Gason Lòm nan, epi l te kontan, epi nanm li te jwenn repo, epi li te kwè nan Senyè a; epi Senyè a te konte sa pou li kòm lajistis.