Èd pou Etid
TJS, Jenèz 19


TJS, Jenèz 19:9–15. Konpare avèk Jenèz 19:8–10

Lo reziste anba mechanste Sodòm, epi zanj pwoteje li.

9 Epi yo te di l konsa, fè bak. Epi yo te fache kont li.

10 Epi yo te di nan pami yo, Nonm sa a te vini pou rete avèk nou, epi li ta vle tabli tèt li kòm yon jij; kounyeya, nou pral trete l pi mal pase yo.

11 Se poutèt sa yo te di nonm nan konsa, n ap pran gason sa yo ansanm avèk pitit fi w yo tou; epi n ap fè sa nou vle avèk yo.

12 Kounyeya bagay sa a te fèt daprè mechanste Sodòm.

13 Epi Lo te di konsa, reyèlman, m gen de pitit fi ki pa janm konnen gason; m priye nou, kite mal diskite sa avèk frè m yo pou m pa mennen yo deyò a ba nou; pou nou pa fè sa nou vle avèk yo;

14 Paske Bondye pa p jistifye sèvitè li a nan bagay sa a konsa; kite m diskite sa avèk frè m yo fwa sa a sèlman, pou nou pa fè nonm sa yo anyen, pou yo kapab gen lapè lakay mwen; paske se poutèt rezon sa a yo te vini chèche refij la kay mwen.

15 Epi yo te fache kont Lo epi yo pwoche pou yo kraze pòt la, men, zanj Bondye yo ki te sete òm sen, te lonje men yo epi yo te rale Lo antre andedan kay la kote yo te ye a, epi yo te fèmen pòt la.