Èd pou Etid
TJS, Jenèz 48


TJS, Jenèz 48:5–11. Konpare avèk Jenèz 48:5–6

Efrayim ak Manase vin tounen tribi Izrayèl. Menmjan Jozèf te sove fanmi li tanporèlman nan ansyen tan an, desandan l yo pral sove Izrayèl espirityèlman nan dènye jou yo.

5 Epi kounyeya, konsènan de pitit gason w yo, Efrayim ak Manase, ou te fè peyi Ejip la, anvan m te vin kote w an Ejip; reyèlman, se pou mwen yo ye, epi Bondye zansèt mwen yo pral beni yo; yo pral menm beni tankou Riben ak Simeyon, paske yo pou mwen; se poutèt sa yo pral pote non mwen. (Se poutèt sa yo rele Izrayèl.)

6 Epi desandan w fè apre yo menm, pral pou ou, epi yo pral pote non frè yo nan eritaj yo, nan tribi yo; se poutèt sa yo te pote non tribi Manase ak tribi Efrayim.

7 Epi Jakòb te di Josèf konsa, Lè Bondye zansèt mwen yo te parèt devan m nan Lous, nan peyi Kanaran an; li te sèmante ban mwen pou asire ke l ap ban mwen, epi pa mwayen desandan m yo tè a kòm yon posesyon etènèl.

8 Se poutèt sa, O pitit gason m nan, li te beni m lè li leve w pou w kabab yon sèvitè pou mwen, pou w kapab sove kay mwen anba lanmò;

9 Pou delivre pèp mwen an, frè w yo anba famin ki te rèd nan peyi a; se poutèt sa, Bondye zansèt ou yo pral beni ou, ak zantray ou yo, pou yo beni plis pase frè ou yo, epi plis pase kay papa w la;

10 Paske w te gen viktwa, epi kay papa w la te bese devan w, menm jan m te montre w la, anvan frè w yo te vann ou an Ejip la; se poutèt sa, frè w yo pral bese devan w, de jenerasyon an jenerasyon, devan desandan pou tout tan;

11 Paske w pral yon limyè pou pèp mwen an, pou w delivre yo nan jou kaptivite yo, anba esklavaj; epi pou w pote sali ba yo, lè yo tout ansanm ap kraze anba peche.