Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 10


Seksyon 10

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la, te resevwa nan Harmony, Pennsylvania, pwobableman bò zòn Avril 1829, malgre l te petèt resevwa kèk pati ladan siman depi an ete 1828. Nan revelasyon sa a Senyè a enfòme Joseph konsènan chanjman moun mechan te fè nan 116 paj dokiman ki te soti nan tradiksyon liv Leyi a, nan Liv Mòmon an. Paj sa yo ki te pèdi nan men Martin Harris, moun yo te konfye fèy yo tanporèman an. (Gade nan antèt seksyon 3 a.) Konplo mechan an sete pou rete tann dezyèm tradiksyon yo te panse ki ta pral fèt sou sijè ki nan paj yo te vòlè yo, apre sa pou yo te montre diferans ki te genyen ant de vèsyon yo pou yo te kapab diskredite tradiktè a. Malen an te envante plan mechan sa a, epi Senyè a te konnen sa menm pandan Mòmon, ansyen istoryen Nefit la, t ap fè rezime pil plak yo, epi sa parèt nan Liv Mòmon an (gade nan Pawòl Mòmon yo 1:3–7).

1–26, Satan soulve moun mechan pou kontrekare travay Senyè a; 27–33, Li chèche detwi nanm lèzòm; 34–52, Levanjil la dwe ale jwenn Lamanit yo ak tout nasyon pa mwayen Liv Mòmon an; 53–63, Senyè a pral tabli Legliz Li a ak levanjil Li a nan mitan lèzòm; 64–70, Li pral rasanble moun ki repanti yo mete nan Legliz Li a epi li pral sove sa ki obeyisan yo.

1 Kounyeya, gade, m di ou, poutèt ou te livre ekriti sa yo ou te resevwa pouvwa pou tradui pa mwayen Ourim ak Toumim nan, nan men yon nonm mechan, ou te pèdi yo.

2 Epi tou ou te pèdi don ou an an menm tan, epi panse ou te vin konfonn.

3 Men, ou reprann tout bagay ankò, poutèt sa, fè yon jan pou ou fidèl epi kontinye jistan ou fini rès travay tradiksyon an jan ou te kòmanse a.

4 Pa kouri plis oubyen pa travay plis pase fòs ou ni pase mwayen ou genyen ki pou pèmèt ou tradui; men fè dilijans jiska lafen.

5 Priye tout tan, pou ou kapab gen viktwa; wi, pou ou kapab gen viktwa sou Satan, epi pou ou kapab chape anba men sèvitè Satan yo ki sipòte travay li a.

6 Gade, yo te chèche detwi ou; wi, menm nonm ou te fè konfyans la te chèche detwi ou.

7 Epi se poutèt rezon sa a m te di li se yon nonm mechan, paske li te chèche pran bagay m te konfye ou la; epi li te chèche detwi don ou lan tou.

8 Epi paske ou te livre ekriti yo nan men l, gade moun mechan te pran yo nan men ou.

9 Se poutèt sa, ou te livre yo, wi, bagay ki te sakre yo, nan mitan mechanste.

10 Epi gade, Satan te mete nan kè yo pou yo chanje pawòl ou te fè ekri yo, oubyen pawòl ou te tradui yo, ki te soti nan men ou yo.

11 Epi gade, m di ou, paske yo te chanje pawòl yo, yo li bagay ki kontrè avèk sa ou te tradui epi sa ou te fè ekri yo;

12 Epi, nan sans sa a, dyab la te chèche pare yon plan mètdam pou l kapab detwi travay sa a;

13 Paske li te pale nan kè yo pou yo fè sa, nan manti pou yo kapab di yo te bare ou nan pawòl ou pretann ou te tradui yo.

14 An verite, m di ou, m p ap kite Satan akonpli plan malen li an nan bagay sa a.

15 Paske gade, li te pale nan kè yo pou yo fè ou tante Senyè Bondye ou lan, pou ou mande l pou ou tradui sa ankò.

16 Epi apre sa, gade, yo di epi yo panse nan kè yo—Nou pral wè si Bondye te ba l pouvwa pou l tradui; si se sa, l ap ba l pouvwa ankò;

17 Epi si Bondye ba l pouvwa ankò, oubyen si l tradui ankò, oubyen, otreman, si l ekri menm pawòl yo, gade, nou gen menm pawòl yo nan men nou, epi nou te chanje yo;

18 Konsa yo p ap menm bagay, epi nou di konsa li te fè manti nan pawòl li yo, epi li pa gen don, epi li pa gen pouvwa;

19 Konsa nou detwi l epi nou detwi travay li a tou; epi nou fè sa pou nou kapab pa wont alafen, epi pou nou kapab jwenn laglwa nan men mond lan.

20 An verite, an verite, m di ou, Satan gen gwo pouvwa sou kè yo; li pouse yo fè inikite kont sa ki bon;

21 Epi kè yo kòwonpi, epi yo chaje ak mechanste ak abominasyon; epi yo renmen tenèb pase limyè, paske zèv yo se mal; se poutèt sa yo pa vle mande m.

22 Satan pouse yo, pou l kapab kondi nanm yo nan destriksyon.

23 Epi konsa li te pare yon plan mètdam, li te panse pou l detwi travay Bondye a; men m pral mande yo kont pou sa, epi sa pral tounen wont yo ak kondanasyon yo nan jou jijman an.

24 Wi, li soulve kòlè nan kè yo kont travay sa a.

25 Wi, li di yo: Twonpe epi fè manti pou ou pare pèlen, pou ou kapab detwi; gade, pa gen mal nan sa. Epi se konsa li flate yo, epi li di yo se pa peche si yo fè manti pou yo kapab kenbe yon moun nan manti, pou yo kapab detwi l.

26 Epi se konsa li flate yo, epi li mennen yo jistan li trennen nanm yo desann nan lanfè; epi se konsa li lakòz yo foure tèt yo nan pwòp pyèj pa yo.

27 Epi konsa li monte desann, isit lòtbò sou tè, li chèche pou l detwi nanm lèzòm.

28 An verite, an verite, m di ou, malè pou moun ki fè manti pou l twonpe paske l sipoze yon lòt moun ou fè manti pou l twonpe, paske yon moun konsa p ap chape anba lajistis Bondye.

29 Kounyeya, gade, yo te chanje pawòl yo, paske Satan di yo konsa: Li te twonpe ou—epi konsa li flate yo pou yo fè inikite, pou yo fè ou tante Senyè Bondye ou la.

30 Gade, m di ou, pa tradui pawòl ki te soti nan men ou yo ankò;

31 Paske, gade, yo p ap kapab akonpli move plan yo a pou yo fè manti kont pawòl sa yo. Paske, gade, si ou ta vini avèk menm pawòl yo, yo t ap di ou te fè manti epi ou te pretann ou te tradui, men ou te kontredi tèt ou.

32 Epi, gade, yo pral pibliye sa, epi Satan pral fè kè pèp la di pou pouse yo fè kòlè kont ou, pou yo pa kwè pawòl mwen yo.

33 Konsa, Satan panse pou kouvri temwayaj ou nan jenerasyon sa a, pou travay la kapab pa parèt nan jenerasyon sa a.

34 Men gade, sa se lasajès, epi paske m montre ou lasajès, epi m ba ou kòmandman konsènan bagay sa yo, sa ou pral fè a, pa montre l bay mond lan jistan ou akonpli travay tradiksyon an.

35 Pa etone ou poutèt m te di ou: Sa se lasajès, pa montre l bay mond lan paske m te di, pa montre l bay mond lan pou ou kapab epaye.

36 Gade, m pa di ou pa dwe montre l bay moun ki jis yo;

37 Men kòm ou pa toujou kapab konnen kiyès ki mechan, oubyen kòm ou pa toujou kapab distenge mechan yo ak moun ki jis yo, se poutèt sa m di ou, ret anpè jistan m wè l nesesè pou m fè mond lan konnen tout bagay konsènan sijè sa a.

38 Epi kounyeya, an verite m di ou, gen yon istwa konsènan bagay ou te ekri yo, ki te soti nan men ou yo, ki ekri sou plak Nefi yo;

39 Wi, epi ou sonje ekriti sa yo te di gen yon istwa pi detaye ki nan ekriti ki sou plak Nefi yo.

40 Epi kounyeya, poutèt istwa ki ekri sou plak Nefi yo pi detaye konsènan bagay, ki selon lasajès mwen, m pral fè pèp la konnen nan istwa sa a—

41 Se poutèt sa, ou dwe tradui ekriti ki sou plak Nefi yo, desann jistan ou rive nan rèy wa Benjamen an, oubyen jistan ou rive nan sa ou te tradui a, sa ki te rete nan men w lan;

42 Epi gade, ou dwe pibliye l kòm rejis Nefi a; epi konsa m ap konfonn moun ki te chanje pawòl mwen yo.

43 M p ap kite yo detwi travay mwen an; wi, m ap montre yo lasajès mwen pi gran pase mètdam dyab la.

44 Gade, yo te sèlman pran yon pati oubyen yon rezime nan istwa Nefi a.

45 Gade, gen anpil bagay ki ekri sou plak Nefi yo, ki bay yon pi gwo vizyon sou levanjil mwen an; se poutèt sa, se daprè lasajès pa m pou ou tradui premye pati sa a nan ekriti Nefi yo, epi pou ou pibliye l nan travay sa a.

46 Epi, gade, tout rès travay sa gen tout pati sa yo nan levanjil mwen an, pwofèt sen mwen yo, wi, ak disip mwen yo te vle nan priyè yo pou vin jwenn pèp sa a.

47 Epi m te di yo, sa t ap fèt pou yo daprè lafwa yo nan priyè yo;

48 Wi, epi se te lafwa yo—pou levanjil mwen an, m te ba yo a ta preche nan epòk pa yo a, pou l ta vin jwenn frè yo, Lamanit yo, ak tout lòt moun ki te vin tounen Lamanit yo poutèt disansyon yo.

49 Kounyeya, se pa tout—lafwa yo nan priyè yo se te pou, si sa ta posib, lòt nasyon ki ta posede tè sa a ta konnen levanjil la tou;

50 Epi konsa yo te kite yon benediksyon sou tè sa a nan priyè yo, pou nenpòt moun ki kwè nan levanjil sa a nan peyi sa a ta gen lavi etènèl;

51 Wi, pou l kapab lib pou tout moun nan nenpòt nasyon, fanmi, lang, oubyen pèp yo kapab ye.

52 Epi kounyeya, gade, daprè lafwa yo nan priyè yo, m pral fè pèp mwen an konnen pati sa ki nan levanjil mwen an. Gade, m pa pote l pou detwi sa yo te resevwa, men pou bati l.

53 Epi se poutèt rezon sa a m te di: Si jenerasyon sa a pa fè kè yo di, m ap tabli legliz mwen an nan mitan yo.

54 Kounyeya, m pa di sa pou m detwi legliz mwen an, men m di sa pou m bati legliz mwen an;

55 Se poutèt sa, nenpòt moun ki nan legliz mwen an li pa bezwen , paske moun sa a pral eritye wayòm syèl la.

56 Men se moun ki pa krent mwen yo, ni tou ki pa respekte kòmandman m yo, men ki bati legliz pou tèt pa yo pou enterè, wi, epi tout moun ki fè mechanste epi ki bati wayòm dyab la—wi, an verite, an verite, m di ou, se yo menm m ap annwiye, epi m ap fè yo tranble epi m ap souke tout anndan yo.

57 Gade, mwen se Jezikri, Pitit Gason Bondye a. M te vin jwenn moun pa m yo, epi moun pa m yo pa t resevwa m.

58 M se limyè ki klere nan tenèb la, epi tenèb la pa rekonèt sa.

59 M se moun ki te di disip mwen yo konsa—M gen lòt brebi ki pa nan twoupo sa a—epi te gen anpil ladan yo ki pa t konprann mwen.

60 Epi m pral montre pèp sa a m te gen lòt brebi, epi yo se yon branch nan kay Jakòb la;

61 Epi m pral devwale travay ekstraòdinè moun sa yo te fè nan non m yo;

62 Wi, epi tou m pral devwale levanjil mwen an yo te resevwa a, epi, gade, yo p ap nye sa ou te resevwa a, men yo pral bati l, epi yo pral devwale vrè pwen yo ki nan doktrin mwen an, wi, epi sèl doktrin ki nan mwen an.

63 Epi m fè sa pou m kapab tabli levanjil mwen an, pou kapab pa gen tout rivalite sa a; wi, Satan pouse kè pèp la pou gen rivalite konsènan pwen yo ki nan doktrin mwen an; epi nan bagay sa a, yo egare tèt yo, paske yo lite kont ekriti yo epi yo pa konprann yo.

64 Se poutèt sa, m pral deplwaye gwo mistè sa a devan yo;

65 Paske, gade, m pral rasanble yo menm jan yon manman poul rasanble ti poul li yo anba zèl li, si yo pa fè kè yo di;

66 Wi, si yo vle vini, yo kapab, pou yo bwè nan dlo lavi a san peye.

67 Gade, se doktrin mwen an sa—nenpòt moun ki repanti epi ki vin jwenn mwen, moun sa a se legliz mwen an.

68 Nenpòt moun ki deklare plis oubyen mwens pase sa a, moun sa pa pou mwen, men li kont mwen; se poutèt sa li pa nan legliz mwen an.

69 Epi kounyeya, gade, nenpòt moun ki nan legliz mwen an, epi ki pèsevere nan legliz mwen an jiska lafen, se moun sa a m ap tabli sou wòch mwen an, epi pòt lanfè yo p ap gen pouvwa sou li.

70 Epi kounyeya, sonje pawòl moun ki se lavi ak limyè mond lan, Redanmtè w la, Senyè w la ak Bondye w la. Amèn.