2010–2019
Tande Vwa L
Konferans Jeneral Avril 2019


Tande Vwa L

Frè m ak sè m, nan yon mond si ranpli avèk sitèlman vwa ki an konpetisyon, mwen temwaye ke Papa nou Ki nan Syèl La rann posib pou nou tande ak suiv vwa pa li..

Bonè maten an, frè madanm mwen an te ba l yon nòt li te ekri manman l sa gen plizyè ane. Lè sa a, Sè Homer te yon ti fi tou piti. An pati, nòt la ekri: “Chè manman, mwen dezole dèske m pa t rann temwayaj mwen jodia—men mwen renmen ou.” Pandan nou ta pral manje, m te panse ke sete yon bagay enteresan. Konsa, m te chita, epi m te ekri yon nòt ki di: “Chè Prezidan Nelson, mwen dezole dèske m pa t bay diskou m nan jodia—men mwen renmen ou.” Men, sa pa t sonnen twò byen. Konsa, men m la a, e m kontan pou m ajoute mo pa m sou sa k te pale yo nan sesyon sa a jodia.

Sa gen kèk ane, m t ap vwayaje nan yon ti avyon avèk yon nouvo pilòt ki te fèk diplome sou kontwòl la. Nan fen vòl nou an, yo te bannou pèmisyon pou nou ateri. Men lè nou te prèske touche tè a, m te tande yon alam nan kabin pilotaj la ki te avèti pilòt la pou l “remonte.” Pilòt la te gade lòt kopilòt ki te gen plis eksperyans lan, ki te lonje dwèt li nan direksyon anba, aleka pis aterisaj la, epi l te di “Kounyea!”

Avyon an te rapidman vire sou goch epi l te reprann altitid apwopriye a, li te remete mòd aterisaj la, epi nou te rive a destinasyon an sekirite. Nou te aprann nan apre ke yon lòt avyon te jwenn otorizasyon pou l dekole an menm tan an. Si nou te suiv enstriksyon alam nan, nou ta pral frape ak avyon ki t ap vini an, olye ke nou te evite l. Eksperyans sa te anseye m de leson enpòtan: Premyèman, nan moman kritik nan lavi nou, n ap tande plizyè vwa k ap reklame atansyon nou. Dezyèmman, li enpòtan pou nou koute bon vwa yo.

Vwa ki an konpetisyon

N ap viv nan yon mond kote anpil vwa ki an konpetisyon pou atansyon nou. Avèk tout nouvèl cho, twit, blòg, emisyon radyo, avèk konsèy nan men Alexa, Siri, ak lòt yo, nou ka twouve l difisil pou nou konn ki vwa pou nou fye. Pafwa nou chèche gidans opinyon piblik la, nou, an pansan ke majorite a ap bannou pi bon sous verite. Gen lòt fwa nou “kanpe ... ant de opinyon,”1 epi nou chwazi pou nou pa “ni cho ni frèt.”2 Gen lòt fwa toujou kote nou suiv sa k pi ranje nou an, nou fokis sou yon sèl vwa oubyen yon sèl pwoblèm pou gide nou, oubyen nou fye nou sèlman sou pwòp kapasite nou pou nou reflechi

Pandan ke tout apwòch sa yo kapab itil, eksperyans anseye nou ke yo pa toujou fyab. Sa k popilè yo pa toujou pi bon. Ezite ant de opinyon pa bay okenn direksyon. Sa k pi bon pou nou an raman mennen nan sa k pi enpòtan yof Konsantre nou sou yon sèl vwa ka nui kapasite nou pou nou wè. Epi apiye sèlman sou pwòp refleksyon nou kapab mennen nou nan yon angoudisman panse ipè-entèlektyèl. Si nou pa fè atansyon, move vwa yo ka elwaye nou de sant levanjil la e mennen nou lye kote l difisil pou soutni lafwa, epi nou p ap jwenn lòt bagay ke vid, amètim, ak ensatisfaksyon

Koute move vwa a

Kite m itilize yon analoji ak yon egzanp ekriti pou m demontre ki sa m vle di. Moun ki fè eskalad mòn yo pale de altitid ki pi wo pase 8,000 mèt yo kòm “zòn lanmò” paske, nan altitid sa yo, pa gen ase oksijèn pou moun siviv.. Gen yon ekivalan spirityèl pou zòn lanmò a. Si nou pase twòp tan nan kote ki pa gen lafwa, kèk vwa ki aparamman byen entansyone ap prive nou de oksijèn spirityèl nou bezwen an.

Nan Liv Mòmon an, nou li konsèna Korihor, ki te viv yon eksperyans konsa. Li te trè popilè, paske ansèyman l yo te “agreyab pou espri chanèl la.”3 Li te di ke paran yo ak pwofèt yo anseye tradisyon moun fou ki la pou limite libète epi mentni inyorans.4 Li te di ke moun dwe lib pou yo fè kèlkeswa sa yo chwazi paske kòmandman yo pa lòt bagay ke restriksyon moun envante.5 Pou limenm, kwè nan Ekspyasyon Jezikri a se te “efè panse moun ki twouble,” ki te kreye akoz de kwayans nan yon èt ki pa t kapab ekziste paske nou pa t ka wè l.6

Koriyò te tèlman kreye latwoublay ke yo te mennen l devan jij anchèf la ak gran prèt la. La, li te “pale avèk vye pawòl nan bouch li,” ap kritike dirijan yo epi ap mande yon siy. Yo te ba l yon. Li te frape ki te fè l pa kapab pale. Apresa Koriyò te reyalize ke yo te twonpe l, epi lè l t ap panse ak verite presye l te abandone yo, li te lamante, “M te toujou konnen.”7

Apresa Koriyò te vin ap mande pou l te manje jiskaske yon gwoup Zoramit te pyetine l jiskaske l te mouri. 8 Dènye vèsè nan istwa sa a gen refleksyon solanèl sa a: “Se konsa nou wè finisman moun ki t ap kontrarye chemen Senyè a; e konsa, nou wè dyab la p ap sipòte pitit li yo nan dènye jou a, men, li trennen yo desann nan lanfè rapid.”9

Bon Vwa a

Paske Papa nou Ki nan Syèl La vle sa k pi bon pou nou, li rann posib pou nou tande vwa li. Le pli souvan, nou tande L atravè enpresyon Sentespri a bay. Sentespri a se twazyèm manm Divinite a. Li temwaye de Papa a ak Pitit Gason an,10 Yo voye l vin “anseye [nou] tout bagay,”11 epi l ap “montre nou tout sa [nou] dwe fè.”12

Lespri a pale ak diferant moun nan fason diferan, epi li gen dwa pale ak menm moun nan plizyè fason diferan nan moman diferan. Kòm rezilta, aprann fason lespri a pale avèk nou se yon rechèch tout yon lavi. Pafwa, Li pale nan “lespri [nou] epi nan kè [nou]”13nan yon vwa ki piti, men, ki pwisan, ki menm penetre “moun ki... tande yo jouk nan nanm yo.”14 Lòt fwa, enpresyon L yo “okipe panse nou]” oubyen “touche .... santiman [nou].”15 Gen lòt fwa, nou santi n ap “chofe andedan [nou].”16Lòt fwa ankò, li ranpli nanm nou ak lajwa, li eklere lespri nou,17oubyen l pote lapè nan kè twouble nou.18

Jwenn vwa li

N ap jwenn vwa Papa nou Ki nan Syèl La plizyè kote. N ap jwenn li lè nou priye, lè nou etidye ekriti yo, epi lè nou asiste legliz, angaje nan diskisyon fidèl, oubyen ale nan tanp. Asireman, n ap jwenn ni nan konferans sa a wikenn sa a menm.

Jodi a nou sot soutni 15 mesye kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè. Spirityalite yo ak eksperyans yo ba yo on pèspektif inik ke noudezespereman bezwen. Mesaj yo fasil pou nou jwenn e yo pale avèk klate absoli. Yo di nou sa Bondye vle nou konnen, ke l popilè ou pa.19

Chèche vwa L nan youn nan kote sa yo bon, men chèche l nan plizyè nan kote sa yo pi bon toujou. E lè nou tande l, nou bezwen suiv direksyon l bay la. Apot Jak te di, “Fòk nou mete pawòl la an pratik, pa ret ap koute l sèlman.”20 Epi Prezidan Thomas S. Monson te ansenye yon lè: “Nou veye. Nou tann. Nou pote atansyon a ti vwa piti sa a. Lè l pale, gason ak fi ki saj yo obeyi.”21

Lè Direksyon Pran Tan Pou l Vini

Nan kòmansman lavi pwofesyonèl mwen, yo te mande Sè Homer avèk mwen pou n te aksepte yon chanjman nan jòb nou. Nan moman sa a, sa te sanble yon kokennchenn desizyon. Nou te etidye, nou te jene, e nou te priye, men repons la te pran tan pou l vini. Finalman, nou te pran yon desizyon epi nou te avanse devan. Lè n te fè sa, nou te santi nou satisfè, epi pa two lontan aprè nou te aprann ke se te youn nan pi bon desizyon ke nou te janm pran.

Kòm rezilta, nou te aprann ke pafwa repons yo konn pran tan pou vini. Se oubyen paske moman an poko rive, paske yon repons pa nesesè, oubyen paske Bondye fè nou konfyans pou nou pran desizyon an pou tèt pa nou. Eldè Richard G. Scott te anseye yon fwa ke nou dwe rekonesan pou moman sa yo epi li te fè pwomès sa a: “Lè w ap viv diy epi chwa w yo konsistan avèk ansèyman Sovè a epi w bezwen aji, avanse avèk konfyans. ... Bondye pa p kite w ale twò lwen san l pa ba w yon sinyal avètisman si w te pran move desizyon an.”23

Nou Dwe Chwazi

Epi konsa, nou dwe deside kiyès, nan pami tout vwa diferan yo, n ap obeyi. Èske n ap swiv vwa ki pa fyab mond lan bay yo, oubyen èske n ap fè sa k nesesè pou pèmèt vwa Papa nou an gide nou nan desizyon nou yo epi pwoteje nou kont danje? Plis nou chache vwa L avèk dilijans, se plis l ap vin fasil pou nou tande l. Se pa vwa L ki vin pi wo men se kapasite nou pou tande li ki ogmante. Sovè a te pwomèt ke si nou “koute presèp [Li] yo, epi nou pote atansyon ak konsèy [Li] yo,” L ap “ban [nou] plis.”24 Mwen temwaye ke pwomès sa a vrè--pou chak nan nou.

Sa gen prèske ennan, nou te pèdi gran frè m nan nan yon aksidan machin trajik. Premye ane John yo te ranpli pwomès ak akonplisman. Men lè l te vin pi gran, yon kò ki pa t bon ak yon lespri ki pa t vle kowopere te rann lavi l difisil. Pandan ke gerizon li te espere a pa t vini nan lavi sa a, John te kenbe lafwa l, detèmine pou l te pèsevere, otan l te kapab, jiska lafen.

M konnen John pa t pafè, men m te toujou mande tèt mwen kisa ki te ba l pèseverans sa a. Anpil vwa te envite l pou l te vin sinik, men li te chwazi pou l pa t koute yo. Olyedesa, li te fè tout sa l te konnen pou l te ankre lavi l nan sant levanjil la. Li te viv lavi l ladann, paske l te konnen li t ap jwenn vwa Mèt li a la a; li te viv lavi l ladann, paske l te konnen se te la li t ap vin aprann.

Konklizyon

Frè m ak sè m, nan yon mond si ranpli avèk sitèlman vwa ki an konpetisyon, mwen temwaye ke Papa nou Ki nan Syèl La rann posib pou nou tande ak suiv vwa pa li.. Si nou dilijan, Limenm ak Pitit Gason L lan ap bannou direksyon n ap chache a, fòs nou bezwen an, ak bonè nou tout vle a. Nan non Jezikri, amèn.