2010–2019
Egzèse Mis Espirityèl Nou Yo
Konferans Jeneral Avril 2019


Egzèse Mis Espirityèl Nou Yo

Menmjan li ak aprann sou mis nou yo pa ase pou bati mis yo, li ak aprann sou lafwa san ajoute aksyon sou li pa ase pou bati lafwa.

Mwen rekonesan pou benediksyon pou m gen yon kò fizik la, ki se yon kado mèveye nan men Pè Selès la. Kò nou gen plis pase 600 mis.es.1 Anpil mis mande egzèsis pou yo ka nan kondisyon pou aktivite chak jou yo. Nou ka depanse anpil efò mantal ap li ak aprann sou osijè mis nou, men si nou panse sa ap fè yo pi solid, n ap trè desi. Mis nou yo grandi lè nou sèvi avèk yo.

Mwen rive rann mwen kont ke nan anpil aspè, don espirityèl yo konpòte yo menm jan an. Yo bezwen egzèsis pou l grandi tou. Lafwa se pa sèlman yon santiman oswa yon imè; li se yon prensip aksyon ki parèt souvan nan ekriti ki gen rapò avèk vèb egzèse a2 Menmjan li ak aprann sou mis nou yo pa ase pou bati mis yo, li ak aprann sou lafwa san ajoute aksyon sou li pa ase pou bati lafwa.

Lè m te gen 16 an, pi gran frè m nan, Ivan, ki te gen 22 an nan moman sa a, te vin lakay yon jou e li te pataje kèk nouvèl avèk fanmi an. Li te deside pou l batize nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Paran nou yo te gade l avèk yon ti dout nan rega yo, e m sonje m pa fin konprann sa tap pase a nèt. Anviron yon ane apre, li te ban nou plis nouvèl siprenan: li te deside pou l sèvi kòm yon misyonè Legliz la, sa ki te vle di ke li ta pral kite kay nou an e nou ta pral pa wè l pandan de zan. Mwen sonje ke paran m yo pat kontan tande nouvèl sa a; sepandan, m te wè nan li yon detèminasyon klè ki te ogmante admirasyon m pou li ak desizyon li te pran an.

Plizyè mwa apre, pandan lvan tap fè misyon l lan, mwen te gen opòtinite planifye yon vakans avèk kèk kondisip mwen. Nou te vle selebre fen ane klas segondè nou yo epi pase kèk jou sou plaj la.

Mwen te ekri yon lèt voye bay frè misyonè m nan kote m te pale de plan m pou vakans ete a. Li te reponn ke vil kote l tap sèvi a te sou wout kote m ta prale a. Mwen te deside se tap yon bon ide pou m fè yon ti rete nan zòn nan epi vizite l. Se te apre sa mwen te vin aprann ke misyonè pa sipoze resevwa visit fanmi yo.

Mwen te fè tout aranjman yo. Mwen sonje m te chita nan yon bis kote m tap panse a kijan Ivan ak mwen ta pral amize nou ansanm nan bèl jounen solèy sa a. Nou tap dejene, pale, jwe nan sab la, pran beny solèy -- se pa tikras bèl moman nou ta pral pase!

Lè bis la te rive nan estasyon an, m te wè Ivan kanpe bò kote yon lòt jennonm, toulède te gen chemiz blan ak kravat. M te desann bis la, nou youn bay lòt akolad, e li te fè m fè konesans avèk konpayon l lan. San m pa pèdi yon minit an plis, m te pale frè m lan de plan m te genyen pou jounen an, men mwen pa t gen yon ide konsènan sa Ivan te genyen nan pwogram pa l. Li te gade m, li te souri, epi li te di: “Bien si! Sepandan, nou bezwen al regle kèk bagay anvan. Èske w vle ale avèk nou?” Mwen te dakò, paske m te panse ke nou tap gen ase tan pou nou jwi plaj la apre sa.

Jou sa a, pandan plis ke 10 èd tan, mwen te mache nan lari vil sa a avèk frè m nan ak konpayon l. M te souri avèk moun tout jounen an. M te salye moun m pa t janm te wè nan lavi m. Nou te pale ak chak moun, nou te frape pòt moun nou pat konnen, e nou te vizite moun frè m nan ak konpayon l tap anseye.

Diran youn nan vizit sa yo, frè m lan ak konpayon l lan tap anseye konsènan Jezikri ak plan sali a. Toudenkou, Ivan te fè yon poze epi l tonbe gade m. Sa ki te fè m sezi sè ke li te mande m jantiman pou m pataje opinyon m konsènan sa yo tap anseye a. Te gen yon gwo silans nan chanm lan, epi tout je te fikse sou mwen. Avèk kèk difikilte, m te finalman jwenn mo yo e mwen te pataje santiman konsènan Sovè a. Mwen pa konnen si sa m te pataje te bon ou pa. Frè m nan pat janm korije m; okontrè, li te di m mèsi poutèt mwen te pataje panse m ak sa m te santi.

Pandan tan nou te pase ansanm nan, frè m nan ak konpayon l lan pa t pase yon sèl minit ap anseye m yon leson eksklizivman, epoutan mwen te akeri plis konesans ke nan tout konvèsasyon m te genyen avèk li anvan. Mwen te temwaye kijan figi moun yo te chanje lè yo te resevwa limyè espirityèl nan lavi yo. Mwen te wè kijan kèk nan yo te jwenn espwa nan mesaj yo, e mwen te aprann kijan pou m sèvi lòt yo epi bliye tèt mwen ak pwòp dezi pa m yo. Mwen tap fè sa Senyè a te anseye a: “Si yon moun vle mache dèyè m, se pou li bliye tèt li”3

Lè m fè yon ti gade dèyè, mwen rann mwen kont ke lafwa m te grandi jou sa a paske frè m lan te ban m opòtinite pou m te mete l an aksyon. Mwen te egzèse l jan nou te li nan ekriti yo, mwen te chèche moun pou m anseye, mwen te rann temwayaj mwen, mwen te sèvi lòt yo, etsetera. Mwen pa t janm pran beny solèy jou sa a, men kè m te benyen nan limyè ki sot nan syèl la. Mwen pa t wè menm yon ti grenn sab sou plaj la, men mwen te santi lafwa m grandi tankou yon ti grenn moutad.4 Mwen pa t pase jounen solèy la kòm yon touris, men mwen te akeri anpil eksperyans mèveye, e san m pa panse a sa, mwen te yon misyonè -- san m pa t menm manm Legliz la!

Opòtinite pou Fòtifye Mis Espirityèl

Gras a Retablisman levanjil la, nou kapab rive konprann kijan Papa nou ki nan Syèl ede nou develope don espirityèl nou yo. Li pi pwobab ke Li ap ban nou opòtinite pou nou develope don sa yo olye pou L annik ban nou yo san efò espirityèl ak fizik. Si nou an amoni avèk Espri L la, nou ap aprann idantifye opòtinite sa yo epi aji sou yo apre sa.

Si nou chèche plis pasyans, nou kapab dekouvri ke nou bezwen pratike l pandan nou ap tann yon repons. Si nou vle gen plis lanmou pou vwazen an, nou kapab fasilite sa lè nou chita bò kote yon nouvo moun nou wè nan Legliz la. Se menm jan li ye pou lafwa: Lè dout vin nan lespri nou, kwè nan pwomès Senyè a ap nesesè pou nou ka pwogrese. Konsa nou ap egzèse mis espirityèl nou yo e nou ap develop yo pou yo vin tounen sous fòs nan lavi nou.

Pwobableman sa p ap fasil nan kòmansman, e sa ta kapab menm vin tounen yo gwo defi. Pawòl Senyè a atravè pwofèt Mowoni aplike a noumenm jodi a: “Epi, si lèzòm vin jwenn mwen, m ap montre yo feblès yo. M bay lèzòm feblès pou yo kapab gen imilite; epi lagras mwen ase pou tout moun ki gen imilite devan m; paske, si yo gen imilite devan m, epi yo gen lafwa nan mwen, lè sa a m ap fè bagay ki fèb vin fò pou yo.”5

Mwen rekonesan pou frè m Ivan ki pa t sèlman pataje levanjil la avèk mwen men tou ki te envite m endirèkteman pou m viv li ak rekonèt feblès mwen yo. Li te ede m asepte envitasyon Mèt la: “Vin suiv me”6—pou mache jan Sovè a te konn mache a, chèche jan Sovè a te konn chèche a, epi renmen jan Sovè a renmen nou an. Kèk mwa apre sa, apre eksperyans misyonè m lan, mwen te deside pou m batize ak sèvi pwòp misyon pa m.

An nou asepte envitasyon Prezidan Russell M. Nelson epi vin jwenn Senyè a avèk tout èt nou7 pandan nou ap idantifye mis sa yo ki bezwen plis aktivite espirityèl epi kòmanse egzèse yo. Sa a se yon kous long distans olye de yon kous vitès. Donk, nou pa dwe bliye aktivite spirityè sa yo ki piti men ki toujou la ki ap fòtifye mis espirityèl enpòtan sa yo. Si nou vle ogmante lafwa nou, enben ann fè bagay sa yo ki mande lafwa.

Mwen rann temwayaj mwen ke nou se pitit yon Pè Selès ki gen anpil lanmou. Pitit Gason L lan, Jezikri, renmen nou. Li te vin nan mond sa a pou montre nou chemen an e apre sa Li te bay vi L volontèman pou nou te ka gen espwa. Sovè a envite nou pou nou suiv egzanp pafè L la, pou nou egzèse lafwa nou nan Li ak Sakrifis Ekspyatwa L la, epi pou nou develop tout don espirityèl ke nou te gen benedisksyon resevwa yo. Li se chemen an. Sa se temwanyaj mwen nan non Jezikri, amèn.