2010–2019
Men Mouton Bondye a
Konferans Jeneral Avril 2019


Men Mouton Bondye a

Sèvis modifye jou Dimanch nou an mete aksan sou Sentsèn Senyè a kòm pwen santral sakre e rekoni nan eksperyans adorasyon semèn nou an.

Tout bagay t ap mache byen pou mwen jiskaske m te wè dlo nan je jèn sa yo ki nan koral la. Dlo sa yo pi elokan pase nenpòt diskou m ka janm fè.

Pandan l te leve je l ap gade rivaj la, odela foul enpasyan an ki te bezwen l batize yo a, Jan Batis te wè kouzen l lan, Jezi Nazatèt, ki t ap vini adistans, ki te rezoliman ap avanse vin jwenn ni pou fè menm demann nan. Ak reverans, men ase distenk pou moun ki te tou pre yo ta tande, Jan te eksprime admirasyon l lan ki toujou touche nou de milenè apre: “Men Mouton Bondye a.”1

Sa enteresan ke moun sa a ki t ap anonse Jezi yo te pwofetize depi lontan an pa t rele l “Jewova” ni Sovè” ni “Redanmtè” ni menm “Pitit Gason Bondye a” —tout sa yo sete tit aplikab. Non, Jan te chwazi imaj ki te pi ansyen an e petèt pi rekoni nan tradisyon relijye pèp li a. Li itilize imaj yon anyo sakrifis ki ofri kòm ekspyasyon pou peche ak charen, eprèv ak pwoblèm yon mond dechi avèk tout moun dechi ki peple l yo.

Tanpri, pèmèt mwen pale pou yon moman de istwa ak tradisyon sa a.

Apre yo te fin chase yo nan Jaden Edèn nan, Adan ak Èv te fè fas ak yon avni devastan. Pandan yo te ouvri pòt pou mòtalite a ak lavi sou tè a pou nou, yo te fèmen pòt imòtalite ak lavi etènèl la pou tèt yo. Akoz transgresyon yo te chwazi pou yo te fè a, yo te vin fè fas ak lanmò fizik ak egzil espirityèl kounyea, separe de prezans Bondye ajamè.2 Kisa pou yo te fè alyans? Èske t ap gen yon mwayen pou yo soti nan sitiyasyon sa a? Nou pa konn anpil sou kiijan yo te pèmèt de moun sa yo sonje enstriksyon yo te resevwa yo pandan yo te toujou nan jaden an, men, yo te sonje ke yo te yo te dwe ofri kòm sakrifis bay Bondye yon anyo pur e san tach, premye ne nan twoupo yo a.3

Nan apre yon zanj te vini pou eksplike yo ke sakrifis la sete yon tip, yon prefigirasyon sou ofrann ki t ap gen pou fèt pa Sovè mond lan ki te gen pou vini an. Zanj la te di an palan de ofrann yo a: “Bagay sa a sanble tèt koupe ak yon aresanblans sakrifis Sèl Pitit Literal Papa a.” “Se poutèt sa, … ou dwe repanti epi w dwe rele Bondye non Pitit Gason an tout tan.”4 Erezman, t ap gen yon mwayen pou yo te soti nan bagay sa a ak yon mwayen pou yo sove.

Nan konsèy premòtèl la nan syèl la, yo te pwomèt Adan ak Eve (ak tout nou tout) ke nou t ap resevwa èd nan men moun ki t ap Premye Ne Papa a, pur e san tach, Anyo Bondye a, “imole depi nan fondasyon mond lan,”5 jan Apot Jan te dekri l nan apre a. Nan ofri pwòp ti anyo senbolik pa yo a, Adan ak posterite li te dwe montre ke sali nanm yo te depann sou sakrifis ekspyatwa Jezi, Wen an.6 Nan apre, tabènak la nan dezè a t ap gen pou l te vin andwa pou òdonans sa a, epi apre sa, tanp Salomon t ap gen pou bati a.

Malerezman, kòm senbòl repantans sensè ak yon lavi plan lafwa, ofrann rityèl sa a de anyo san tach la pa t byen fonksyone, tankou anpil lòt bagay Ansyen Testaman an revele. Detèminasyon moral ki te dwe akonpaye sakrifis sa yo te pafwa dire mwens tan pase tan san an te pran pou l te seche sou wòch yo. Antouka, li pa t dire ase lontan pou l te anpeche frè touye frè depi nan premye jenerasyon an, avèk Kayen ki te touye frè li, Abèl, nan yon kerèl—iwoni nan tout iwoni—sou pwòp fòm senbolik ofrann sakrifis yo a te dwe pran an.7

Ak sitèlman eprèv ak pwoblèm ki pase pandan dè syèk, li pa etonan ke zanj yo nan syèl la te chante ak lajwa lè, finalman, Jezi te fèt—Mesi yo te pwomèt depi lontan an. Epi, apre ministè brèf li nan mòtalite a, anyo paskal ki te pi pur sa a te prepare disip li yo pou lanmò li, kote l te entwodui sakreman Soupe Senyè a, yon fòm òdonans pi pèsonèl ke yo te entwodui andeyò Edèn. T ap toujou gen yon ofrann, li t ap toujou enplike yon sakrifis, men se t ap avèk senbòl konsènan lanmò Kris la ki t ap pi pwofon, pi plis pèsonèl pase vèse san yon anyo premye ne. A Nefit yo, apre Rezirèksyon l lan, Sovè a te di:

“Pa ofri m pou san koule ankò; …

“ … Epi, ofri m yon kè brize ak yon lespri kontri kòm sakrifis. Epi, nenpòt moun ki vin jwenn mwen avèk yon kè dou, ak yon lespri kontri, m ap batize l avèk dife epi avèk Sentespri a. …

“Se poutèt sa, … repanti, … pou n ka sove.”8

Frè ak sè byeneme m yo, avèk nouvo aksan eksitan sa a sou aprantisaj levanjil la nan fwaye a, li enpòtan pou nou sonje ke nou toujou sou kòmand (jan ekriti yo di a) pou nou “ale nan kay priyè a pou nou ofri sakreman nou nan jou sen mwen an.”9 Anplis libere tan pou plis ansèyman levanjil santre nan fwaye a, orè modifye jou Dimanch yo la pou redui konpleksite orè reyinyon yo nan yon fason pou nou mete aksan konvenabman sou Sentsèn Senyè a kòm pwen sakre ki dwe rekonèt nan eksperyans adorasyon chak semèn nou yo. Nou dwe sonje nan yon fason osi pèsonèl ke posib ke Kris la te mouri anba yon kè brize ak yon lespri kontri ki te koze pa pwa peche, chagren, ak soufrans tout limanite ke l te pran sou zepòl li.

Paske nou te kontribye nan fado fatal sa a, moman sa a mande respè. Nou ankouraje w pou w vini alavans e avèk reverans, abiye konvenabman pou w patisipe nan òdonans sakre sa a. “Rad jou Dimanch” yon ti jan pèdi siyifikasyon yo nan epòk nou an, e, pa respè pou limenm nou vin an prezans li a, nou ta dwe retabli tradisyon prezantasyon ak abiye sa a lè nou kapab ak kote nou kapab.

Kanta pou rive alè, n ap toujou emableman konsidere reta chè manman sa yo ki, avèk timoun, sereyal, ak sak kouchèt y ap trennen dèyè yo nan yon bèl dezòd, rive gen chans pou yo vini yo. Epitou, ap toujou gen moun ki twouve yo nan pozison kote bèf yo kole nan labou yon jou Dimanch maten. Men, n ap di dènye gwoup sa a ke, yon reta okazyonèl akseptab men, si bèf la kole nan labou chak Dimanch, enben, nou grandman rekòmande w pou w vann bèf la oubyen konble labou a.

Nan menm espri sa a, n ap fè yon demann apostolik pou nou redui bri andedan chapèl nou yo. Nou youn renmen pale ak lòt, e se byen—se youn nan lajwa prezans nou nan Legliz la—men, sa pa ta dwe fèt nan yon andwa ki espesifikman konsakre pou adorasyon. Mwen pè pou moun k ap vizite nou yo pa choke pafwa pa sa ki ka parèt yon tapaj san reverans nan yon andwa ki ta dwe karakterize pa lapriyè, temwayaj, revelasyon, ak lapè. Petèt syèl la ka yon ti jan choke tou.

Sa t ap amelyore espri reyinyon Sentsèn nou yo si moun k ap prezide yo ta sou chè a lontan anvan reyinyon yo kòmanse, ap koute mizik prelid la e avèk reverans yo ta montre egzanp nou ta dwe suiv la. Si gen bri pale sou chè a, nou pa dwe etone pou pale nan kongregasyon an. Nou felisite episkopa sa yo ki elimine anons k ap distrè lespri adorasyon nou yo. Mwen menm, m pa ka imajine yon prèt nan ansyen tanp Senyè a—ki pral patisipe nan sèl e grenn privilèj sakrifis li ka genyen kòm prèt pou tout lavi li—ki t ap kanpe devan otèl la pou raple nou ke gen yon kous machin ki pral fèt nan sis semèn.

Frè m ak sè m yo, lè sa a Senyè a òdone a se lè ki pi sakre pou nou nan semèn nan. Pa kòmandman, nou reyini pou òdonans ki pi inivèsèlman resevwa nan Legliz la. Se an souvni limenm ki te mande si koup sa a li ta pral bwè a te ka elwanye, men, li te kontinye paske li te konnen ke, poubyen nou koup la pa t ka elwanye. Sa ap ede nou si nou ta raple n ke senbòl koup sa a ap mache rive jwenn nou lantman nan ranje kote nou chita a nan moman sa a menm.

Lè lè sakre pou nou prezante don sakrifis nou an bay Senyè a rive, nou gen pwòp peche, ak erè ak pwoblèm pa nou pou n rezoud. Men, nou ka pi byen reyisi fè kontrisyon sa a si nou atantif a lòt kè brize ak lespri chagren ki bò kote nou yo. Bò kote nou an, gen moun ki chita ap kriye—kèk nou ka wè, men anpil kriye andedan yo—depi reyinyon an te kòmanse a. Eske nou pa ta ka pran nòt de sa an silans epi ofri ti myèt rekonfò ak tigode konpasyon nou—èske nou konsakre l a youmenm? oubyen a manm an difikilte k ap kriye a ki pa legliz la epi ki, sans sèvis pastoral redanmtè nou, p ap la a semèn pwochèn nan nonplis? oubyen a frè ak sè nou yo ki pa manm Legliz la nan ki se anfèt frè nou ak sè nou? Soufrans pa manke nan mond sa a, andedan Legliz la ak deyò, konsa, gade nan tout direksyon epi, w ap jwenn yon moun ke doulè l twò lou pou l pòte epi chagren l sanble l pa janm fini. Yon fason pou nou “toujou sonje li”10 se t ap mete men avèk Gwo Doktè a nan tach ki pa janm fini l la pou soulaje moun ki chaje yo ak rekonfòte moun ki dezespere yo.

Zanmi byeneme m yo, pandan nou ini nou chak semèn atravè tout mond lan nan sa nou espere ki se rekonesans plis an plis sakre pou sakrifis ekspyatwa Sèl Pitit Gason Byeneme Bondye a, se pou nou pote sou lotèl sentsèn nan “plis dli nan je nou pou soufrans li [ak] plis konpasyon pou doulè l yo.” Pandan n ap reflechi, priye, ak renouvle alyans nou, se pou nou tire nan moman sakre sa a “plis pasyans pou n sipòte tout bagay, … plis rekonesans pou sekou.”11 Mwen priye pou nou tout ka gen kalite pasyans ak rekonesans sa a, sentete ak esperans sa a, nan non limenm ki te kase pen padon an ak vèse premye diven redanmsyon an, limenm Jezikri, Anyo presye, mizèrikòdye, ak sen Bondye a, amèn.

Nòt

  1. Jan 1:29.

  2. Gade 2 Nefi 9:8–9.

  3. Gade Moyiz 5:5; gade tou Egzòd 12:3–10.

  4. Moyiz 5:7–8; gade tou Moyiz 5:9.

  5. Revelasyon 13:8.

  6. Gade Diksyonè Bib la, “Moun ki wen an”; gade Gid Ekriti yo tou, “Moun ki wen an,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org.

  7. Iwonikman, Kayen ki touye Abèl la, yon zak ki te finalman dirije pa Satan, ka petèt liye ak premye kòlè Kayen pou sakrifis li te ofri ke Senyè a te rejte a pandan ke l te aksepte pa Abèl la.

    “Bondye … te prepare yon sakrifis nan don Pitit Gason l lan, ki t ap … ouvri yon pòt ki ka fè nou antre an prezans Senyè a. …”

    “Pa lafwa nan ekspyasyonn l lan oubyen plan redanmsyo an, Abèl te ofri Bondye yon sakrifis ke l te aksepte, ki sete premye bèt nan twoupo l la.” Kayen te ofri fwi k te sot nan tè a, e yo pa t aksepte yo. [Sakrifis li a te enkli] vèse san” (Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith [2007], 48; gade tou 107–8).

  8. 3 Nefi 9:19-20, 22.

  9. Doktrin ak Alyans 59:9.

  10. Mowoni 4:3; 5:2.

  11. “Ah, donne-moi, Père,” Cantiques no. 70.