2010–2019
Ekspyasyon Jezikri a
Konferans Jeneral Avril 2019


Ekspyasyon Jezikri a

Ekspyasyon Sovè a non sèlman enfini nan efè li, men li enfini nan fason endividyèl tou.

Nan sezon sa nan ane a nou patikilyèman rejwi epi reflechi sou Ekspyasyon Sovè a. An reyalite sa se doktrin ki pi grandyoz, pi esktraòdinè ak pi pasyonan ke mond sa a oswa linivè a janm konnen. Se sa ki bay lespwa ak rezondèt pou lavi nou.

Kisa Ekspyasyon Jezikri a ye menm? Nan yon sans, se yon seri evènman diven ki te kòmanse nan Jaden Jetsemani an, ki te kontinye sou kwa a, epi ki te fini avèk Rezireksyon Sovè a soti nan tonbo a. Sa k te motive li sete yon lanmou enkonpreyansib pou nou chak. Sa te oblije pou genyen yon moun ki san peche, ki te gen pouvwa enfini sou tout bagay—menm lanmò, ki te posede yon kapasite san limit pou soufri konsekans pou tout peche ak tout enfimite nou, epi ki anfèt te desann anba tout bagay.1 Sa sete misyon Jezikri—sa sete Ekspyasyon l la.

Kisa objektif li te ye menm? Sete pou rann posib pou nou retounen nan prezans Bondye, pou nou vini plis tankou li, epi gen yon plenitid lajwa. Sa te fèt nan simonte kat obstak:

  1. Lanmò fizik

  2. Lanmò espirityèl ki lakoz pa Adan ak peche nou yo

  3. Afliksyon ak enfimite nou yo

  4. Feblès ak enpèfeksyon nou yo

Men kijan Sovè a te ka akonpli sa san vyole lwa jistis yo?

Imaj
Tonbe an chit lib sot nan avyon

Imajine pou yon moman yon moun k ap kontanple efè grizan yon chitlib e ki toudenkou pran yon desizyon tètchaje pou l vole soti nan yon ti avyon. Apre l fin fè sa, li rapidman reyalize foli jès li a. Li vle ateri ansekirite, men gen yon obstak—lwa pezantè a. Li ajite bra l a yon vitès ekstraòdinè, nan lespwa pou l vole, men san siksè. Li pozisyone kò l pou l flote oubyen plane pou l desann dousman, men lwa pezantè a enkontounab ak enpitwayab. Li eseye rezone avèk lwa natirèl fondamantal sa a: “Sete yon erè. Mwen pap janm fè sa ankò.” Men pèsonn pa t tande siplikasyon l yo. Lwa pezantè a pa gen okenn konpasyon; li pa fè ekspesyon pou pèsonn. Men, toudenkou, mesye a sibitman santi yon bagay sou do li. Zanmi l la nan avyon an, ki te reyalize moman foli l la, te mete yon parachit nan do l jis avan l te sote a. Li jwenn kòd pou ouvri l la epi l rale li. Avèk soulajman, li te flote desann atè san danje. Nou ta ka mande: “Èske l te vyole lwa pezantè a, oswa èske parachit sa a te fonksyone nan kad lwa sa a pou l te fasilite yon aterisaj san danje?”

Imaj
Parachit pou aterisaj an sekirite

Lè nou peche, nou tankou mesye fou sa a ki vole soti nan avyon an. Kèlkeswa sa nou fè poukont nou, nou konnen ke nou pral kraze. Nou dwe suiv lwa jistis, ki, tankou lwa pezantè a, enpitwayab ak entrepid. Nou kapab sove sèlman paske Sovè a, nan mizerikòd li, atravè Ekspyasyon l lan, founi yon modèl parachit espirityèl pou nou. Si nou gen lafwa nan Jezikri epi nou repanti (ki vledi nou fè pati pa nou an epi nou rale kòd ki pou louvri l la), pouvwa pwoteksyon Sovè a ap deplòtonnen anfavè nou, epi nou ka ateri esprityèlman san danje.

Men, sa posib sèlman, paske Sovè a te simonte kat obstak ki ka anpeche pwogresyon espirityèl nou yo.

1. Lanmò. Li te simonte lanmò atravè rezireksyon gloriye l la. Apot Pòl te anseye: “Menmjan nan Adam tout moun mouri, se konsa tou nan Kris tout moun pral rejwenn lavi.”2

2. Peche. Sovè a te simonte peche ak kilpabilite pou tout moun ki repanti. Pouvwa netwayan li a tèlman pwofon ak konplè ke Ezayi te pwomèt, “Menmsi peche nou wouj tankou san, y ap vin blan tankou lanèj.”3

Souvan, m konn rankontre bonjan Sen ki gen difikilte pou padone tèt yo, ki inosaman men enkòrèkteman mete limit sou pouvwa redanmsyon Sovè a. Envolontèman, yo chanje yon ekspyasyon enfini pou vin fè l tounen yon ekspyasyon limite ki sanble l pa sifi pou efase peche yo oswa feblès patikilye yo. Men, li se yon Ekspyasyon enfini paske li anbrase ak anglobe chak peche ak chak feblès, osibyen ke chak abi oswa soufrans lòt moun lakòz.

Truman G. Madsen te fè remak rekonfòtan sa a:

“Si gen kèk moun nan pami nou ki twonpe pa konviksyon ke nou ale twò lwen, ... ke nou gen pwazon peche a ki rann enposib pou nou janm vin sa nou te ka ye a—enben, koute mwen

“Mwen rann temwayaj ke nou pa ka tonbe sitèlman fon ke limyè ak entelijans sanfay Jezikri a pa ka atenn nou. Mwen rann temwayaj ke toutotan gen yon etensèl volonte pou n repanti epi vire jwenn ni, li toujou la. Li pa t sèlman desann nan nivo nivo; li te desann piba pase sa, ‘pou ke, nan tout bagay e atravè tout bagay, li ka limyè laverite.”Doktrin ak Alyans 88:6.]”4

Youn nan rezon k fè l vrèman esansyèl pou nou konprann ekspyasyon Sovè a ak enplikasyon enfini li sèke yon pi gran konpreyansyon mache avèk pi gwo pou nou padone tèt nou ak lòt moun.

Malgre nou ka kwè nan pouvwa Kris la pou netwaye a, nou souvan poze kesyon sa a: “Kijan m ka konnen si m jwenn padon pou peche m yo?” Si nou santi lespri a, donk sa se temwayaj nou ke nou jwenn padon, oubyen ke pwosesis pirifikasyon an ap fèt. Prezidan Henry B. Eyring te anseye, “Si nou santi enfliyans Sentespri a, nou ka pran sa kòm prèv ke Ekspyasyon an ap aji nan lavi nou.”5

Imaj
Yon enpas

Kèk moun mande, “Men si m jwenn padon, poukisa m toujou santi m koupab?” Petèt ke, nan mizerikòd Bondye, souvni kilpabilite sa a se yon avètisman, yon tankou yon “pano stop” espirityèl omwen pou yon tan, ki avèti w lè w anfas lòt tantasyon: “Pa retounen sou wout sa a. Ou konn ki doulè sa ka pote.” Nan sans sa a, li sèvi kòm yon pwoteksyon, pa yon pinisyon.

Donk, èske l posib pou n sonje peche nou yo e n sepandan libere anba kilpabilite?

Alma te sonje peche l yo, menm dèzane apre l te fin repanti. Men, lè li te sipliye Jezi pou gen mizerikòd pou li, li di, “Mwen pa t ka sonje doulè m yo ankò; wi, souvni peche m yo pa t ap devore m ankò.”6

Kijan l te fè sonje peche l yo men l pa t gen okenn doulè ni kilpabilite? Paske lè nou repanti, nou “ne nan Bondye.”7 Nou vin tounen, jan ekriti yo di a , “kreyati tounèf”8 nan Kris la. Avèk onètete pafèt nou ka di kounyea, “Mwen se pa gason oswa fi ki te komèt ansyen peche sa yo. Mwen se yon moun nouvo e transfòme.”

3. Afliksyon ak Enfimite yo. Alma te pwofetize ke Kris “ta pral soufri lapenn, afliksyon ak tout kalite tantasyon.” Poukisa? “Pou zantray li ka ranpli ak mizerikòd, … pou li ka konnen dapre lachè kijan pou l sekouri pèp li a nan enfimite yo.”9

Kijan l akonpli sa? Pafwa li retire afliksyon an, pafwa li fòtifye nou pou n andire l, epi pafwa li ba nou yon pèspektiv etènèl pou n ka pi byen konprann nati tanporè yo. Apre Joseph Smith te soufri nan Prizon Liberty a pandan anviwon de mwa, li te finalman kriye, “O Bondye, kote w ye?”10 Olye l te akòde l soulajman imedyatman, Bondye te reponn: “7 Pitit gason m nan, lapè nan nanm ou; aadvèsite ou ak afliksyon ou yo pral sèlman pou yon ti moman; epi apre sa, si ou te asipote byen, Bondye ap leve ou anlè”11

Joseph te vin konprann kounyea ke eksperyans amè sa a sete sèlman yon tipwen sou gran tablo etènite a. Avèk pi bon vizyon sa a, li te ekri Sen yo pandan l te nan chanm prizon sa a: “Chè frè byenneme m yo, se pou nou fè tout sa ki nan pouvwa nou avèk kè akontan; epi apre sa nou kapab kanpe trankil, avèk asirans ki pi solid la, pou nou wè sali Bondye.”12 Gras ak Ekspyasyon Sovè a, nou ka gen yon pespektiv etènèl ki bay eprèv nou yo yon sans ak esperans ke n ap jwenn delivrans.

4. Feblès ak Enpèfeksyon. gras ak Ekspyasyon l la, Sovè a gen pouvwa andiran, ke yo pafwa rele gras,13 ki ka ede nou simonte feblès ak enpèfeksyon nou yo, epi konsa, ede nou nan rechèch pou n vin plis sanble avèk li a.

Mowoni te anseye: “Wi, vin jwenn Kris la, epi pèfeksyone nou nan li, … pou nou kapab vin pafè nan Kris la atravè gras li.”14 Sanble gen omwen de kanal oubyen mwayen pou nou ka jwenn pouvwa andiran sa a ki ka rafine—menm pèfèksyone—nou an.

Premyèman, òdonans sali yo. Ekriti yo di nou: “Nan òdonans sa yo, pouvwa Bondye a manifeste.”15 Pafwa, nou ka konsidere òdonans yo tankou yon lis verifikasyon—ki nesesè pou egzaltasyon, men an verite, yo chak libere yon pouvwa diven ki ede nou vin pi sanble ak Kris la. Pa egzanp:

  • Lè nou batize epi nou resevwa don Sentespri a, nou vin pwòp—epi konsa nou vin pi sen tankou Bondye.

  • Lè nou resevwa don Sentespri a, lespri nou yo ka vin pi klè epi kè nou adousi nan yon fason pou nou ka reflechi ak santi nou plis tankou li.

  • Epi lè nou sele avèk konjwen nou, nou eritye “twòn, wayòm, prensipote, ak pouvwa”16 kòm kado Bondye ba nou.

Yon dezyèm kanal pou pouvwa andiran sa yo se don Lespri yo. Gras ak Ekspyasyon Kris la, nou elijib pou n resevwa don Sentespri a ak don espirityèl ki akonpaye l yo. Don sa yo se atribi diven; se poutètsa, chak fwa nou akeri yon don Lespri a, nou vin plis tankou Bondye. Pa gen dout ke se pousa ekriti yo mande nou nan plizyè okazyon pou nou chèche don sa yo.17

Prezidan George Q. Cannon te anseye: “Okenn moun pa ta dwe di, ’O, se pa fòt mwen; se nan nati m sa ye.’ Sa pa jistifye anyen, paske Bondye pwomèt pou l bay don k ap elimine [feblès nou yo]. ... Si gen nenpòt nan nou ki enpafè, se devwa nou pou nou priye pou don ki ap ran nou pafè a.”18

An rezime, Ekspyasyon Sovè a ba nou lavi nan plas lanmò, “bote nan plas sann,”19 gerizon nan plas blesi, ak pèfeksyon nan plas feblès. Sa se antidot selès kont obstak ak difikilte mond sa yo.

Nan dènye semèn Sovè a nan mòtalite a, li te di, “Nan mond lan nou pral gen tribilasyon: men pran kouraj; mwen te venk mond lan.”20 Paske Sovè a te akonpli Ekspyasyon l lan, pa gen okenn fòs ekstèryè ni evenman ni moun—okenn peche ni lanmò ni divòs—ki ka anpeche nou atenn egzaltasyon, toutotan nou kenbe kòmandman Bondye yo. Avèk konesans sa a, nou ka avanse avèk rezolisyon ak kourajak asirans absoli ke Bondye avèk nou nan demach selès sa a.

Mwen rann temwayaj ke Ekspyasyon Sovè a non sèlman enfini nan etandi li, men li endividyèl nan pòte li—ke l ka non sèlman pèmèt nou retounen nou nan prezans Bondye, men l ka pèmèt nou vin tankou li—ki se bi siprèm Ekspyasyon Kris la. Konsènan sa mwen rann temwenyaj solanèl ak sèten mwen, nan non Jezikri, amèn.