2010–2019
Diskou ouvèti
Oktòb 2018


Diskou ouvèti

Moman an rive pou n gen yon Legliz ki santre sou fwaye ki soutni pa sa k ap dewoule andedan batiman branch, pawas, ak pieu nou yo.

Chè frè m ak sè m yo, nou pat ka tann pou n te reyini avèk nou ankò nan konferans jeneral Oktòb sa a nan Legliz la. Nou swete nou chak yon e byenveni plen chalè. Nou pwofondeman rekonesan pou priyè soutyen i nou. Nou santi efè yo. Mèsi!

Nou rekonesan pou efò ekstraòdinè nou fè pou nou aplike konsèy nou te resevwa sis mwa pase nan dènye konferans jeneral la. Prezidan pieu yo nan tout mond lan te chèche revelasyon ki te nesesyè pou yo te reòganize kowòm ansyen yo. Mesye nan kowòm sa yo ansanm avèk sè devwe Sosyete Sekou nou yo ap travay avèk dilijans pou yo fè sèvis pastoral pou frè ak sè nou yo nan yon fason pi wo ak pi sakre. Nou te enspire pa bonte ak efò ekstraòdinè nou pou n pote lanmou Sovè a bay fanmi, vwazen, ak zanmi nou yo epi rann yo sèvis pastoral jan l t ap fè.

Depi apre konferans Avril la, Sè Nelson avèk mwen te rankontre avèk manm yo nan kat kontinan yo ak nan zile sou lanmè yo. Soti Jerizalèm rive Harare, soti Winnipeg rive Bangkok, nou te wè gwo lafwa nou ak fòs temwayaj nou.

Nou anchante pou kantite kantite nan jèn nou yo ki rantre nan batayon Senyè a pou ede rasnble Izrayèl ki dispèse a.1 Nou remèsye nou! Epi, nan kontinye suiv envitasyon m te fè nou nan devosyon mondyal pou jèn yo, n ap tabli yon modèl pou tout rès nan pami nou yo suiv. Epi, ala yon diferans noumenm jèn yo n ap fè!

Nan ane k sot pase yo, noumenm, nan konsèy prezidan Legliz yo, nou t ap reflechi anpil sou yon kesyon fondamantal: kijan nou ka pote levanjil la nan tout senplisite li ak òdonans yo ak efikasite etènèl yo, bay tout pitit Bondye yo?

Antanke Sen Dènye Jou, nou vin abitye panse ak “legliz la kòm yon bagay ki fèt nan chapèl nou yo, sipòte pa sa k pase lakay nou. Nou bezwen yon ajisteman nan modèl sa a. Moman an rive pou n gen yon Legliz ki santre sou fwaye, ki sipòte pa sa k ap pase andedan batiman branch, pawas, ak pieu nou yo.

Pandan Legliz la ap kontinye etann ni nan tout mond lan, anpil manm ap viv kote k pa gen chapèl—epi petèt gen dwa pa genyen pou yon bon bout tan ankò. M sonje yon fanmi ki, akoz sitiyasyon sa yo, te oblije reyini lakay yo. Mwen te mande manman an si l te renmen al legliz nan pwòp kay li. Li te reponn, “Mwen renmen sa! Mari m itilize yon langaj pi kòrèk nan kay la kounyea, paske l konnen li pral beni sentsèn nan kay la chak Dimanch.”

Objektif Legliz la depi lontan se pou ede tout manm yo ogmante lafwa yo nan Senyè a, Jezikri ak nan Ekspyasyon l lan, pou ede yo fè ak kenbe alyans avèk Bondye, epi pou fòtifye ak sele fanmi yo. Non mond konplèks sa a jodia, sa pa fasil. Advèsè a ap ogmante atak li kont lafwa ak atak li sou noumenm ak fanmi nou nan yon vitès agresif. Pou n ka siviv espirityèlman, nou bezwen estrateji ak plan pou n ka kontrekare li. Se poutèt sa, kounyeya, nou vle mete anplas kèk ajisteman òganizasyonèl ki pral fòtifye manm yo ak fanmi yo pi plis.

Depi dèzane, dirijan Legliz yo t ap travay sou yon pwogram etid pou fòtifye fanmi yo ak moun yo endividyèlman, atravè yon plan santre sou fwaye a epi ki sipòte pa Legliz la pou aprann doktrin, fòtifye lafwa, ak ankouraje pi gwo adorasyon pèsonèl. Efò nou nan dènye ane sa yo pou sanktifye Saba a—pou fè l vin yon delis ak yon siy pèsonèl pou montre Bondye amou nou pou li—pral ogmante pa ajisteman nou pral entwodui yo kouneya.

Maten an m ap anonse yon nouvo balans ak koneksyon ant ansèyman levanjil nan fwaye a ak nan Legliz la. Nou chak responsab pou pwogresyon espirityèl endividyèl nou. Epi ekriti yo rann klè ke paran yo gen responsablite prensipal pou anseye pitit yo doktrin nan.2 Responsablite Legliz la se pou ede chak manm atenn objektif ki divinman defini pou ogmante konesans li sou levanjil la.

Eldè Quentin L. Cook pral eksplike nou chanjman enpòtan sa yo. Tout manm Konsyèy Premye Prezidans la ak Kowòm Douz Apot yo ini ansanm pou andose mesaj sa a. Nou rekonesan pou enspirasyon Senyè a ki te enfliyanse devlòpman plan ak pwosedi sa yo Eldè Cook pral prezante yo.

Chè frè m ak sè m yo, m konnen Bondye vivan! Jezi se Kris la! Sa a se Legliz li ke l ap dirije pa pwofesi ak revelasyon l bay enb sèvitè l yo. Mwen temwaye konsa nan non Jezikri, amèn.