Vini, Suiv Mwen 2024
1–7 janvye: Yon lòt Temwayaj konsènan Jezikri. Paj entwodiksyon Liv Mòmon an


“Janvye 1–7: Yon lòt Temwayaj konsènan Jezikri. Paj Entwodiksyon Liv Mòmon an: ‘Yon lòt Temwayaj Konsènan Jezikri,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2024 (2024)

“1–7 Janvye. Paj Entwodiksyon Liv Mòmon an,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2024)

Imaj
Mòmon ki ap ekri sou plak lò yo

1–7 janvye: Yon lòt Temwayaj konsènan Jezikri

Paj entwodiksyon Liv Mòmon an

Anvan menm ou rive nan 1 Nefi chapit 1, w ap remake ke Liv Mòmon an se pa yon liv òdinè. Paj entwodiksyon l yo dekri yon istwa aryèplan san parèy, ki gen vizit zanj, yon rejis tan lontan ki te antere pandan dè syèk sou yon mòn, ak yon jèn gason ki tradui rejis la pa pouvwa Bondye. Liv Mòmon an se pa sèlman yon istwa sivilizasyon Amerik tan lontan. Li chèche konvenk tout moun “ke Jezi se Kris la” (paj tit Liv Mòmon an), epi Bondye Limenm te bay direksyon sou kijan li te ekri, prezève, epi fè l disponib pou nou. Ane sa a, pandan w ap li Liv Mòmon an, priye sou li, epi aplike ansèyman ll yo, w ap envite pouvwa Sovè a nan lavi w. Epi ou ka santi w enspire pou w di, tankou Twa Temwen yo te fè nan temwayaj yo: “Sa se yon mèvèy nan je [m].”

Ide pou Aprantisaj Lakay ak nan Legliz la

Paj tit Liv Mòmon an

Liv Mòmon an ka fòtifye lafwa m nan Jezikri.

Paj tit Liv Mòmon an founi plis pase sèlman yon tit. Pami lòt bagay, li bay lis plizyè objektif rejis sakre sa a. Chèche objektif sa yo nan paj tit la. Kesyon tankou sa yo ka ede w pandan w ap medite: Poukisa nou gen Liv Mòmon an? Ki diferans ki genyen ant Liv Mòmon an e lòt liv?

Kounyeya ka yon bon moman pou nou fè yon plan pèsonèl oswa familyal pou li Liv Mòmon ane sa a. Kilè ak ki kote w ap li? Kijan w pral envite Lespri a nan etid ou a? Èske gen yon bagay espesifik ou pral chèche lpandan w ap etidye a? Pa egzanp, ou ta kapab chèche pasaj ki akonpli bi ou te jwenn nan paj tit la. Ou ta kapab kenbe yon lis vèsè ki bati lafwa ou nan Jezikri.

Gade tou 2 Nefi 25:26; Mozya 3:5–8; Alma 5:48; 7:10–13; Elaman 5:12; 3 Nefi 9:13–18; 11:6–14; Mowoni 10:32–33.

Yon pwomès pwofetik. Prezidan Russell M. Nelson te di: “Mwen pwomèt nou ke, si nou medite sou sa n ap etidye [nan Liv Mòmon an], fenèt syèl yo ap ouvri, epi n ap resevwa repons pou pwòp kesyon nou yo ak direksyon pou pwòp vi nou” (“Liv Mòmon an: Kijan Lavi W Tap Ye san Li?,” Lyawona, Nov. 2017, 62–63).

Imaj
senbòl seminè

Entwodiksyon nan Liv Mòmon an; “Temwayaj Twa Temwen yo”; “Temwayaj Uit Temwen yo

M ka yon temwen Liv Mòmon an.

Sentespri a kapab temwaye w ke Liv Mòmon an se verite, menm si w pa t wè plak lò yo jan Twa Temwen yo ak Uit Temwen yo te wè yo a. Pandan w ap li pawòl yo, reflechi sou fason temwayaj yo fòtifye w.

Kisa kii enspire w sou fason temwen sa yo te pataje temwayaj yo konsènan Liv Mòmon an? Reflechi sou fason ou ka pataje temwayaj ou konsènan Liv Mòmon an—espesyalman temwayaj li konsènan Jezikri. Pa egzanp, imajine w ap pale avèk yon zanmi ki pa t janm tande pale de Liv Mòmon an anvan. Kisa w tap di l konsènan sa? Kijan w tap eseye enspire zanmi w lan pou l li l? Anvizaje revize Entwodiksyon Liv Mòmon an. Ou ta kapab jwenn detay ladan ki tap itil pou w pataje avèk zanmi w lan. Videyo sa yo ta ka ba w kèk ide tou:

Anvizaje fè yon lis bagay ou ta pataje avèk yon zanmi konsènan Liv Mòmon an. Eseye itilize app Liv Mòmon an pou pataje Liv Mòmon an.

Gade tou Ronald A. Rasband, “Jou sa a,” Lyawona, Nov. 2022, 25–28; Sijè Levanjil yo, “Liv Mòmon,” Bibliyotèk Levanjil la; “Yon Zanj ki soti Anwo,” Kantik, no. 13.

Imaj
Joseph Smith ak Twa Temwen yo ap priye ansanm

Twa Temwen yo te rann temwayaj yo sou Liv Mòmon an.

Temwayaj Pwofèt Joseph Smith

Parisyon Liv Mòmon an se te yon mirak.

Si yon moun te mande w ki kote Liv Mòmon an soti, kisa w tap di? Kijan w tap dekri enplikasyon Senyè a nan ba nou Liv Mòmon an? Pandan w ap li temwayaj Joseph Smith la, prete atansyon a fason li te dekri l. Selon sa w li a, kijan w panse Bondye santi l konsènan enpòtans Liv Mòmon an?

Gade tou Ulisses Soares, , “Parisyon Liv Mòmon an,” Liahona, Me 2020, 32–35; Les Saints, vol. 1, L Etandard de la vérité, 21–30; Essai Sijè Levanjil yo, “Tradiksyon Liv Mòmon an,” Libreri Levanjil la.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan Lyawona a ak revi Pou Fòs Jèn yo .

Ide pou Ansèyman Timoun yo

Paj tit Liv Mòmon an

Liv Mòmon an ede m gen lafwa nan Jezikri.

  • Kite pitit ou yo gade epi kenbe yon kopi Liv Mòmon an. Ede yo lonje dwèt sou soutit la, Yon lòt Temwayaj konsènan Jezikri. Ou ta kapab ede yo jwenn tou, nan paj tit la, ekspresyon “Jezi se Kris la, Bondye Etènèl la, k ap manifeste tèt li bay tout nasyon yo.” Ede yo konprann ke Liv Mòmon an anseye nou konsènan Jezikri. Di yo an kèlke mo kijan Liv Mòmon an te ranfòse lafwa w nan Jezikri. Ou ta kapab poze yo kesyon tou sou liv istwa yo pi renmen nan Liv Mòmon an. Chante “Book of Mormon Stories” (Liv Chan timoun yo, 118–19) te kapab raple yo kèk nan istwa sa yo.

Entwodiksyon Liv Mòmon an.

Liv Mòmon an se pyè angilè relijyon nou an.

  • Paj aktivite semèn sa a ak imaj ki pi ba la a ka ede timoun ou yo konprann pawòl Joseph Smith sa yo nan entwodiksyon Liv Mòmon an: “Liv Mòmon an [se] pyè angilè relijyon nou an.” Li ta kapab enteresan tou pou bati oswa trase yon ach ak yon pyè angilè sou anlè a. Kisa k tap rive si yo ta retire pyè angilè sa a? Kisa k tap rive si nou pa t gen Liv Mòmon an? Nou ta kapab li ansanm dènye paragraf entwodiksyon an pou nou chèche konnen ki lòt bagay nou aprann lè nou aksepte verite Liv Mòmon an. Kijan nou kapab fè Liv Mòmon an vin pyè angilè lafwa nou nan Jezikri?

Imaj
yon vout an wòch ki gen yon pyè angilè ki kenbe l anplas.

Liv Mòmon an se pyè angilè relijyon nou an.

Temwayaj Twa Temwen yo”; “Temwayaj Uit Temwen yo

M kapab yon temwen Liv Mòmon an.

  • Pou ede timoun ou yo konprann sa sa vle di pou yon temwen, ou ka dekri pou yo yon bagay ou te wè ke yo pa genyen. Apre sa, kite yo fè menm bagay la pou ou. Sa ta kapab mennen nan yon konvèsasyon konsènan 11 moun ki te wè plak lò yo kote tradiksyon Liv Mòmon an te soti. Pandan n ap li temwayaj yo ansanm, nou ka pale de rezon ki fè temwen sa yo te vle lòt moun konnen temwayaj yo. Kiyès nou vle pale de Liv Mòmon an?

Temwayaj Pwofèt Joseph Smith la

Nou resevwa Liv Mòmon an pa pouvwa Bondye.

Pou plis ide, gade nimewo mwa sa a nan magazin Zanmi an.

Imaj
Joseph ki ap resevwa plak lò yo nan men Mowoni

Mowoni Delivre Plak Lò yo, tablo Gary L. Kapp