Vini, Suiv Mwen 2024
8–14 janvye: “Mwen Prale epi M ap Fè.” 1 Nefi 1–5


“Janvye 8–14: ‘Mwen prale ak fè.’ 1 Nefi 1–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2024)

“8–14 Janvye. 1 Nefi 1–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2024)

Imaj
Fanmi Leyi k ap vwayaje nan dezè a

Leyi k ap Vwayaje Bò Lanmè Wouj la, pa Gary Smith

8–14 janvye: “Mwen Prale epi M ap Fè.”

1 Nefi 1–5

Liv Mòmon an kòmanse avèk yon resi sou yon fanmi reyèl ki ap rankontre difikilte reyèl. Sa te pase an 600 Avan Jezikri, men gen bagay nan istwa sa a ki ta kapab sanble yo familye pou anpil fanmi jodi a. Fanmi sa a t ap viv nan yon mond plen mechanste, men Senyè a te pwomèt yo ke, si yo te suiv Li, Li t ap mennen yo nan sekirite. Pandan yo te sou wout la, yo te gen bon moman ak move moman; yo te fè eksperyans gwo benediksyon ak mirak, men yo te gen anpil goumen ak kontansyon tou. Se raman nan ekriti yo nou jwenn yon istwa si detaye konsa sou yon fanmi k ap eseye viv levanjil la: paran ki gen difikilte pou enspire lafwa nan fanmi yo epi ki enkyete pou sekirite yo, timoun k ap deside si yo kwè paran yo, ak frè k ap fè fas a jalouzi ak kontansyon—epi pafwa padonnen youn lòt. An jeneral, gen pouvwa nan egzanp lafwa fanmi enpafè sa a.

Ide pou Aprantisaj Nan Fwaye ak nan Legliz la

1 Nefi 1–5

Pawòl Bondye a gen “gwo valè” pou mwen.

Youn nan pi gwo mesaj nan Liv Mòmon an se “gwo valè” pawòl Bondye a (1 Nefi 5:21). Pandan n ap li 1 Nefi 1–5, chèche fason pawòl Bondye a dirèkteman oubyen endirèkteman beni fanmi Leyi (pa egzanp, gade 1:11–15; 3:19–20; 5:10–22). Kisa fraz sa yo anseye nou sou enpòtans travay Bondye a? Kisa w jwenn ki enspire w pou w sonde ekriti yo?

Gade tou nan “Pour sonder tes écritures,” Cantiques, no. 277; “Scriptures Legacy (Eritaj Ekriti yo)” (video), Medyatèk Levanjil la.

1 Nefi 2

Mwen ka jwenn ak ranfòse temwayaj mwen lè m vire al jwenn Senyè a.

Nefi te renome poutèt lafwa puisan li nan Senyè a, men, li ta bon pou manm klas yo ta reyalize ke li te oblije travay di pou l te ka akeri temwayaj li—jan nou tout ta dwe fè. Ki sa w li nan 1 Nefi 2 ki montre rezon ki fè Nefi te kapab jwenn yon temwayaj ki te fè l konnen pawòl papa l yo te vrè? Poukisa Laman ak Lemyèl pa t jwenn temwayaj sa a? Gade tou 3 Nefi 27:1–11). Ki lè ou te santi Senyè a adousi kè ou?

Gade tou videyo “The Lord Commands Lehi’s Family to Leave Jerusalem (Senyè a Kòmande Fanmi Leyi pou yo Kite Jerizalèm” (video), Medyatèk Levanjil la.

1 Nefi 3–4

Imaj
senbòl seminè
Bondye ap prepare yon fason pou m fè volonte L.

Lè Senyè a te kòmande Leyi ak fanmi li pou yo t al chèche plak eren yo nan men Laban an, Li pa t ba yo enstriksyon espesifik sou kijan pou yo te fè sa a. Sa souvan vrè pou lòt kòmandman oswa revelasyon pèsonèl nou resevwa nan men Bondye, e sa ta kapab fè nou panse ke Li mande nou “yon bagay ki difisil” (1 Nefi 3:5). Kisa ki enspire w konsènan repons Nefi te bay pou kòmandman Senyè a, ke nou jwenn nan 1 Nefi 3:7, 15–16la?

Pandan w ap li 1 Nefi 3–4, chèche varyete difikilte Nefi rankontre. Kijan Senyè a te “prepare yon fason” pou Nefi pou “akonpli bagay li [kòmande]”? Poukisa li enpòtan pou nou konnen ki sa Senyè a te fè pou Nefi?

Yon fason puisan ke Bondye te prepare nou pou nou respekte kòmandman l yo se nan voye Jezikri pou vin Sovè nou. Konsidere pou w li mesaj Prezidan Dallin H. Oaks la “Kisa Sovè nou an fè pou nou?Lyawona, Me 2021, 75–77). Kijan Jezikri te prepare yon mwayen pou nou chak? Konesan ke li te simonte tout bagay pou ou, kisa ou santi w enpresyone pou w “ale epi fè”?

Gade tou “Lespri a Dirije Nefi pu L Jwenn Plak Eren yo” (videyo), Medyatèk Levanjil la; Sijè Levanjil yo, “Obeyisans,” Medyatèk Levanjil la.

Itilize istwa ak egzanp pou anseye prensip levanjil yo. Pandan w ap prepare w pou w anseye, reflechi sou eksperyans pèsonèl ou te fè ki ta ka ajoute yon dezyèm temwayaj nan istwa ki nan ekriti yo. Pa egzanp, ki lè Senyè a te prepare yon mwayen pou ou pou w fè volonte Li?

Imaj
Leyi ak Sarya k ap akeyi Nefi ak frè l yo

Lajwa Yo Te Total, tablo Walter Rane

1 Nefi 4:1–3; 5:1–3

Sonje travay Bondye yo ka ban m lafwa pou m obeyi kòmandman L yo.

Lè Laman ak Lemyèl te santi yo anvi bougonnen oubyen plenyen, yo te toujou gen Nefi ak Leyi bò kote yo pou te enspire yo ak sipòte yo. Lè w santi w anvi plenyen, sa ka itil pou w ta li pawòl Nefi ak Leyi yo. Kijan Nefi ak Leyi te eseye ede lòt moun bati lafwa nan Bondye? (gade nan 1 Nefi 4:1–3; 5:1–8; gade tou nan 1 Nefi 7:6–21). Kisa w aprann nan egzanp sa yo ki ka ede w lè w gen tantasyon pou w bougonnen oubyen plenyen?

1 Nefi 4:5–18

“Lespri a te dirije m.”

Nan 1 Nefi 4:5–18, ki sa ki enpresyone ou sou kapasite Nefi pou rekonèt epi suiv Lespri a? Ou ka etidye mesaj Prezidan Russell M. Nelson an “Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou lavi nou” (Liahona, Me 2018, 93–96) pou aprann plis sou resevwa revelasyon nan men Senyè a.

Pou plis ide, gade piblikasyon revi Liahona mwa sa a ak nan bwochi Pou Fòs Jèn yo .

Ide pou Anseye Timoun yo

1 Nefi 2:16

Mwen ka gen pwòp temwayaj pa m.

  • Ki jan Nefi te fè konnen sa papa l te anseye yo sete laverite? Ede pitit ou jwenn repons pou kesyon sa a nan 1 Nefi 2:16, 19. Yo gen dwa ta kontan ekri aksyon Nefi yo sou blòk oswa lòt objè tou epi apresa, bati yon bagay avèk objè yo. Sa ta ka mennen nan yon konvèsasyon sou fason aksyon sa yo ede nou bati yon temwayaj.

  • Ou kapab montre timoun ou yo foto oswa objè ki reprezante bagay yo ka chèche yon temwayaj konsènan yo, tankou yon Liv Mòmon oswa yon foto Jezikri, yon tanp, oswa pwofèt vivan an. Envite yo pou yo chwazi youn epi pataje temwayaj yo sou bagay sa a. Ou kapab di timoun ou yo tou ki jan w te vin akeri temwayaj ou. Poukisa nou bezwen pwòp temwayaj pa nou?

1 Nefi 3–4

Bondye ap ede m respekte kòmandman yo.

  • Konsidere itilize youn oswa plis nan resous sa yo pou ede pitit ou yo pale sou fason Bondye te ede Nefi jwenn plak eren yo: 1 Nefi 3–4; paj aktivite semèn sa a; “Le courage de Néphi” (Chants pour les enfants, 120–21); ak “Chapit 4: Plak Eren yo” (nan Istwa Liv Mòmon yo, 8–12).

  • Oumenm ak timoun ou yo kapab kontan jwe wòl sou 1 Nefi 3:2–7. Petèt ou ta ka pretann ke w se Leyi epi envite timoun yo pou yo pou yo retounen Jerizalèm pou y al chèche plak eren yo. Envite yo pou yo reponn nan pwòp mo pa yo kòmsi yo sete Laman ak Lemyèl oswa Nefi. Site kèk bagay Bondye kòmande nou pou nou fè? (gade foto 103–15 nan Liv Ilistrasyon Levanjil la oswa Mozya 18:8–10 pou ide). Kijan nou ka tankou Nefi?

1 Nefi 3:19–21; 5:19–22

Ekriti yo se yon gwo trezò.

  • Ekriti yo te presye anpil pou fanmi Leyi. Pou w ilistre sa, ou ta ka envite timoun yo pou yo ede w rakonte oubyen jwe wòl sou sa Nefi ak frè l yo te fè pou yo te jwenn plak eren yo: yo te vwayaje sou yon distans byen long, yo te abandone lò ak lajan yo, epi yo te oblije kache nan yon gwòt pou sove lavi yo. Apresa, ou ta ka li 1 Nefi 5:21 epi pale sou rezon ki fè ekriti yo te si tèlman gen anpil valè pou fanmi Leyi. Poukisa yo gen valè pou nou? Kijan nou ka trete ekriti yo tankou yon trezò?

Imaj
Nefi ak fanmi li k ap etidye plak yo

Nefi ak fanmi l te valorize ekriti yo.

1 Nefi 4:6

Sentespri a ap gide m lè m ap chèche fè volonte Senyè a.

  • Apre yo fin revize ansanm nan 1 Nefi 3 ki jan Nefi ak frè l yo te eseye jwenn plak eren yo, li avèk timoun ou yo 1 Nefi 4:6 pou chèche konnen ki sa Nefi te fè ki te pèmèt li te finalman reyisi. Apre sa, timoun ou yo te ka fè yon lis bagay Bondye vle pou yo fè. Kijan Sentespri a ka ede nou nan sitiyasyon sa yo?

Pou plis ide, gade nan piblikasyon revi Zanmi mwa sa a.

Imaj
Nefi kanpe bò kot Laban ki sou

Mwen Te Obeyi Vwa Lespri a, pa Walter Rane