Vini, Suiv Mwen 2024
15–21 Janvye: “Vini epi Patisipe nan Fwi a.” 2 Nefi 6–10


“15–21 Janvye: ‘Vini epi Patisipe nan Fwi a.’ 1 Nefi 6–10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2023)

“15–21 Janvye. 1 Nefi 6–10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2023)

Imaj
Vizyon Leyi sou pyebwa lavi a

Rèv Leyi a, pa Steven Lloyd Neal

15–21 Janvye: “Vini epi Patisipe nan Fwi a”

1 Nefi 6–10

Rèv Leyi a—avèk ba fè a, gouf tenèb la, gwo kay byen laj la, ak pyebwa a ki gen fwi “ki trè dous la”—se yon envitasyon enspiran pou w resevwa benediksyon lanmou Sovè a ak sakrifis ekspyatwa L la. Men, pou Leyi, vizyon sa a se te osijè fanmi l tou: “Epi gade, poutèt bagay m te wè a, m gen rezon pou m rejwi nan Senyè a pou Nefi ak pou Sam. … Men, Laman ak Lemyèl, m pè anpil pou nou” (1 Nefi 8:3–4). Lè Leyi te fin dekri vizyon l lan, li te egzòte Laman ak Lemyèl pou yo “koute pawòl li yo, petèt sa ta fè Senyè a gen mizèrikòd pou yo” (1 Nefi 8:37). Menm si w te etidye vizyon Leyi a anpil fwa, fwa sa a, pran tan pou w reflechi sou li jan Leyi te fè a—panse a yon moun ou renmen. Pandan w ap fè sa, sekirite ba fè a, danje gwo kay laj la, ak dousè fwi a ap pran yon nouvo siyifikasyon pou ou. Epi w ap vin konprann pi byen “tout santiman [yon] paran sansib” ki te resevwa vizyon remakab sa a.

Ide pou Aprantisaj Lakay ak nan Legliz la

2 Nefi 7:6–21

M ka padone lòt moun.

Kisa ki enpresyone w konsènan egzanp Nefi a nan 1 Nefi 7:6–21? Kijan nou beni lè nou youn “padone lòt franchman”? Videyo “Senyè a Delivre Nefi Anba Frè Rebèl Li yo” (Bibliyotè Levanjil) ta kapab ede nan etid nou.

1 Nefi 8

Kenbe Pawòl Bondye a fèm mennen m al jwenn Sovè a epi sa ede m santi lanmou Li.

Vizyon Leyi a ofri yon envitasyon pou nou reflechi sou kote nou ye nan vwayaj pèsonèl nou an pou nou vin tankou Kris. Prezidan Boyd K. Packer te di: “Ou ladan l; nou tout ladan l. Rèv oubyen vizyon Leyi a konsènan ba fè a gen ladan l tout sa yon … Sen Dènye Jou bezwen pou l konprann tès lavi a” (“Rèv Leyi a avèk Oumenm,” New Era, Jan. 2015,2).

Pandan w ap etidye a, anvizaje ranpli yon tablo tankou sa a.

Senbòl ki nan vizyon Leyi a

Siyifikasyon

Kesyon pou medite

Senbòl ki nan vizyon Leyi a

Pyebwa a ak fwi l (1 Nefi 8:10–12)

Siyifikasyon

Kesyon pou medite

Kisa m ap fè pou m envite lòt moun pou yo vin patisipe nan lanmou Bondye?

Senbòl ki nan vizyon Leyi a

Rivyè (1 Nefi 8:13)

Siyifikasyon

Kesyon pou medite

Senbòl ki nan vizyon Leyi a

Ba fè (1 Nefi 8:19–20,30)

Siyifikasyon

Kesyon pou medite

Senbòl ki nan vizyon Leyi a

Gouf tenèb (1 Nephi 8:23)

Siyifikasyon

Kesyon pou medite

Senbòl ki nan vizyon Leyi a

Gwo kay byen laj(1 Nefi 8:26–27, 33)

Siyifikasyon

Kesyon pou medite

Ou ta kapab fè rechèch sou vèsè sa yo pou w jwenn enfòmasyon konsènan kat gwoup moun Leyi te wè yo: 1 Nefi 8:21–23, 24–28, 30, ak 31–33. Ki diferans ou remake ant gwoup sa yo? Poukisa kèk moun te ale apre yo fin rive nan pyebwa a epi goute fwi a (gade vèsè 24–28)? Kisa w aprann nan eksperyans sa a?

Gade tou Kevin W. Pearson, “Rete Bò Kote Pyebwa a,” Lyawona, Me 2015, 114–16; videyo “Leyi Wè yon Vizyon Pyebwa Lavi a” (videyo), Bibliyotèk Levanjil la.

Pou yon eksperyans entèaktif pou ede nouaprann konsènan vizyon Leyi a, klike la a.

Kite moun ki ap aprann yo pataje pwòp dekouvèt pa yo. Anvizaje envite etidyan yo pou yo chèche verity yo jwenn yo poukont yo nan ekriti yo. Pa egzanp, ou ta ka envite yo chèche ekriti referans ekriti yo nan tablo pi wo a poukont yo oswa nan ti gwoup. Y ap sonje e y ap apresye verite yo dekouvri yo.

Imaj
moun ki kenbe ba fè ki mennen moun nan pyebwa lavi a

Common Thread (Pwen Komen), pa Kelsy and Jesse Barrett

1 Nefi 10:2–16

Pwofèt tan lontan yo te gen enfòmasyon sou misyon Jezikri a e yo te rann temwayaj sou Li.

Poukisa ou panse Senyè a ta renmen pou fanmi Leyi—ak nou tout—konnen verite nou jwenn yo nan 1 Nefi 10:2–16? Reflechi sou kijan ou ta kapab ede moun ou renmen yo envite Sovè a nan lavi yo.

1 Nefi 10:17–19

Imaj
senbòl seminè
Bondye ap revele m laverite pa pouvwa Sentespri a.

Kijan w reponn lè yo mande w pou w viv yon prensip levanjil ou pa konprann? Nan ekriti sa yo, note diferans ki genyen ant repons Nefi te bay pou vizyon Leyi a (gade nan 1 Nefi 10:17–19; 11:1) ak repons Laman ak Lemyèl la (gade 1 Nefi 15:1–10 Ki verite Nefi te konprann ki fè l te reponn jan l te reponn nan?

Avèk egzanp Nefi a nan lespri w, fè yon lis prensip levanjil ou ta renmen konprann pi byen. Kisa w ka kapab fè pou w jwenn repons pou tèt ou? (Gade tou “Verite Ap Fè W Lib“ nan Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Moun Ki Ap Fè Chwa, 30–33.)

Menm jan Nefi te vin rann li kont pawòl papa l yo se te laverite, nou kapab fè menm bagay la tou lè nou tande pawòl pwofèt ak apot modèn yo. Kisa pwofèt ak apot yo te anseye nou nan konferans jeneral ki pi resan an? Kijan w te rive gen yon temwayaj pèsonèl konsènan sa yo te anseye yo?

Gade tou 1 Nefi 2:11–19; Doktrin ak Alyans 8:1–3; “Quand je lis l’Ecriture sainte,” Chants pour les Enfants, 109; Sijè Levanjil yo, “Revelasyon,” Gospel Library.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou fòs jèn yo .

Ide pou Anseye Timoun

1 Nephi 8

Kenbe Pawòl Bondye a ap fèm mennen m bali epi sa ede m santi lanmou Li.

  • Timoun ou yo ta gendwa kontan desine yon imag vizyon Leyi a pandan nou ap li 1 Nefi 8 ansanm. Kite yo pataje foto yo, epi ede yo dekouvri kisa senbòl ki nan rèv la reprezante (gade nan 1 Nefi 11:21–22; 12:16–18; 15:23–33, 36 ak paj aktivite semèn sa a). Mande yo pou yo pataje tout repons yo kapab sou kesyon sa a: Kisa nou aprann nan vizyon Leyi a?

  • Eske w gen yon bagay ki ka reprezante ba fè ki nan vizyon Leyi a, tankou yon tiyo oswa yon baton. Kite timoun yo kenbe l pandan w ap dirije yo nan yon sal kote ki gey yon foto Sovè a. Poukisa ba fè a enpòtan nan vizyon Leyi a? (Gade 1 Nefi 8:20–24, 30). Ki resanblans ki genyen ant ba fè a e pawòl Bondye a?

  • Envite kèk nan timoun ou yo pou yo li 1 Nefi 8:10–12 epi dekri kisa Leyi te wè. Mande lòt yo pou yo li 1 Nefi 11:20–23 epi dekri kisa Nefi te wè. Poukisa anj lan te montre Nefi tibebe Jezi pou l te anseye l konsènan lanmou Bondye? Pale avèk timoun yo de jan yo te santi lanmou Bondye nan lavi yo. Yon chan tankou “Je ressens son amour” (Chants pour les enfants, 42) ta kapab ede yo panse a egzanp.

1 Nefi 10:17–19; 11:1

Bondye ap revele m laverite pa pouvwa Sentespri a.

  • Kijan w ka ede timoun ou yo konprann sa Nefi te anseye nan 1 Nefi 10:19? Petèt ou ta kapab pliye yon foto Sovè a oswa yon lòt bagay espesyal anndan yon ti dra epi envite timoun ou yo pou yo depliye l. Pandan w ap li 1 Nefi 10:19, yo ka leve men yo lè yo tande mo “depliye” ak “Sentespri.” Apresa, ou ta kapab pataje yon eksperyans lè Sentespri a te ede w dekouvri laverite.

  • Mande timoun yo pou yo pale de sa yo fè pou yo ka jwenn repons pou yon kesyon. Kisa Nefi tap di si yon moun ta mande l kijan l pou l fè jwenn repons pou yon kesyon sou levanjil la? Ankouraje timoun yo pou yo chèche konnen nan li 1 Nefi 10:17–19; 11:1.

  • Èske timoun ou yo te janm santi Sentespri a te ede yo konnen ke yon bagay te vrè? Kite yo pataje eksperyans yo. Kisa nou tap di yon zanmi ki panse ke l pa ka resevwa repons atravè Sentespri a. Kisa nou jwenn nan 1 Nefi 10:17–19 ak 11:1 ki ta kapab ede zanmi sa a?

Pou plis ide, gade sijè mwa sa a nan revi Zanmi an.

Imaj
Vizyon Leyi a

Pyebwa Lavi a, pa Avon Oakeson