Vini, Suiv Mwen 2024
22–28 Janvye: “Ame avèk Jistis epi avèk Pouvwa Bondye” 1 Nefi 11–15


“22–28 Janvye: ‘Ame avèk Jistis ak Pouvwa Bondye.’ 1 Nefi 11–15,” Vini, Suiv Mwen—Pou LakaY ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2024)

“22–28 Janvye. 1 Nefi 11–15,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2024)

Imaj
moun ki ap manje fwi pyebwa lavi a

Lanmou Bondye, pa Sabrina Squires

22–28 Janvye: “Ame avèk Jistis epi avèk Pouvwa Bondye”

1 Nefi 11–15

Lè Bondye gen travay monimantal pou pwofèt Li a fè, souvan Li bay pwofèt sa a yon vizyon monimantal. Moyiz, Jan, Leyi, ak Joseph Smith tout te gen vizyon konsa—vizyon ki te elaji lespri yo epi te ede yo wè jis kijan travay Bondye a reyèlman gran ak jan li enpresyonan.

Nefi tou te gen youn nan vizyon sa yo ki chanje lavi. Li te wè ministè Sovè a, avni posterite Leyi a nan tè pwomiz lan, ak destine travay Bondye a nan dènye jou yo. Apre vizyon sa a, Nefi te pi byen prepare pou travay ki t ap tann yo pi devan. Epi lekti konsènan vizyon sa a ka ede prepare w tou —paske Bondye gen travay pou ou pou w fè nan wayòm Li an. Ou nan pami “sen yo nan legliz Anyo a” Nefi te wè yo, “ki te dispèse sou tout sifas tè a; epi yo te ame avèk lajistis, e avèk pouvwa Bondye nan anpil glwa” (1 Nefi 14:14).

Gade tou “Nefi Fè Yon Vizyon sou Evenmen Fiti yo” (video), Medyatèk Levanjil la.

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye ak nan Legliz

1 Nefi 11

Bondye te voye Jezikri kòm yon ekspresyon lanmou Li.

Lè Nefi te poze zanj lan keszyon konsènan siyifikasyon pyebwa a nan vizyon Leyi a, zanj lan te kapab tou senpleman di, “Li reprezante lanmou Bondye.” Olye de sa, li te montre Nefi yon seri senbòl ak evènman ki te rive nan lavi Sovè a. Chèche senbòl sa yo ak evènman sa yo pandan w ap li ak medite sou 1 Nefi 11. Kisa w twouve ki ede w konprann rezon ki fè Jezikri se dènye ekspresyon lanmou Bondye?

Ou ta kapab anvizaje gade touVideyo Bib la nan Bibliyotèk Levanjil la ki koresponn a evènman Nefi te wè yo. Kijan Sovè a te ede w santi lanmou Papa nou ki nan Syèl la?

Gade tou Susan H. Porter, “Lanmou Bondye: Sa ki ba Nanm lan plis Lajwa,” Lyawona, Nov. 2021, 33–35.

1 Nefi 12–14

Mwen ka “ame avèk jistis” ak pouvwa.

Nefi pa t viv lontan ase pou l te temwen anpil nan sa l te wè nan vizyon l lan. Poukisa w panse li te enpòtan pou Nefi te konn bagay sa yo? Poukisa li enpòtan pou w konnen bagay sa yo? Poze kesyon sa yo chak fwa ou li bagay ki konsène sa Nefi te wè nan vizyon l lan (gade nan 1 Nefi 12–14). Ki enpresyon ou resevwa konsènan wòl ou nan “gran … travay mèveye Senyè a”? (1 Nefi 14:7). Èske w ka site kèk nan bagay gran ak mèveye Li te fè pou ou?

Konsidere espesyalman pwomès ki nan 1 Nefi 14:14. Kijan Sovè a te akonpli pwomès sa a nan lavi w? (Pou kèk egzanp, gade David A. Bednar, “Avèk Pouvwa Bondye nan Gran Glwa,” Lyawona, Nov. 2021, 28–30, espesyalman de dènye seksyon yo.)

1 Nefi 13:1–9; 14:9–11

Ki “gwo legliz abominab” Nefi te wè a?

Prezidan Dallin H. Oaks te eksplike ke “gran legliz abominab la” Nefi te dekri a reprezante “tout filozofi oubyen òganizasyon ki opoze a kwayans nan Bondye. Epi ‘kaptivite’ ke ‘legliz’ sa a ap chèche mennen sen yo ladan an se pa p anprizònman fizik men se kaptivite fo ide yo” (“Kanpe kòm Temwen Bondye,” Ensign,, Mas 2015, 32). Kijan Sovè a ede w evite—epi chape anba—kaptivite fo ide?

1 Nefi 15:1–11

Bondye ap reponn mwen si m mande ak lafwa.

Èske w janm konn santi ke w pa t resevwa revelasyon pèsonèl—ke Bondye pa t ap pale avèk ou? Ki konsèy Nefi te bay frè l yo lè yo te santi yo konsa? (Gade nan 1 Nefi 15:4–5.) Kijan w ka aplike konsèy Nefi a nan lavi w?

1 Nefi 15:23–25

Imaj
senbòl seminè
Kenbe fèm nan pawòl Bondye a ede m reziste anba enfliyans Satan.

Souvan Nefi te konn gen bagay ijan pou l di frè l yo. Men, li te sanble li te pasyone sitou pou sa li te di yo nan 1 Nefi 15:23–25. Kisa mesaj Nefi a te ye, e poukisa w panse li te santi l tèlman fèm konsènan li?

Èldè David A. Bednar te anseye ke “pawòl Bondye a” ka fè referans ak ekriti yo, ak pawòl pwofèt vivan yo, epi ak Jezikri Limenm. Kisa w panse “kenbe fèm” nan ekriti yo ak pawòl pwofèt vivan yo vle di? Kisa “kenbe fèm” nan Jezikri ta kapab vle di? Ou ta kapab chèche repons posib pou kesyon sa yo nan mesaj Èldè Bednar la “Men, Nou Pa Te Koute Yo” (Lyawona, Me 2022, 14–16).

Kijan kenbe fèm nan pawòl Bondye a ede w reziste kont advèsè a? Ranpli yon tab tankou sa a ta kapab ede òganize panse w:

 … ede m simonte tenèb tantasyon yo? (gade nan 1 Nefi 12:17)

 … ede m “pa koute” vanite ak ògèy nan mond lan? (1 Nefi 12:18)

Kijan kenbe fèm nan ekriti yo ak pawòl pwofèt vivan yo …

Kijan kenbe fèm nan Sovè a …

Gade tou nan “The Iron Rod [La Barre de Fer],” Hymns, noimewo 274; Jorge F. Zeballos, “Konstwi yon Lavi Ki kapab Reziste anba Advèsite,” Lyawona, Nov. 2022, 50–52.

Imaj
yon fanmi ki ap li ekriti yo

Ekriti yo se tankou yon baton fè ki mennen nou nan pyebwa lavi a.

Pou plis ide, gade nimewo mwa sa a nan magazin Lyawona ak Pou Fòs Jèn yo.

Ide pou Anseye Timoun

1 Nefi 11:16–33

Pè Selès la te voye Jezikri paske Li renmen m.

  • Pou anseye Nefi konsènan lanmou Bondye, yon zanj te montre l evènman ki soti nan lavi Sovè a. Ou ta ka fè menm bagay la pou pitit ou yo—ba yo foto sou evènman Nefi yo te wè nan 1 Nefi 11:20, 24, 27, 31, ak 33 (gade Liv Imaj Legliz la, nos. 30, 35, 39, 42,57). Pandan w ap li vèsè sa yo, ede timoun ou yo jwenn foto ki koresponn avèk li. Kisa nou aprann konsènan Jezikri nan vèsè ak foto sa yo?

  • Chante yon chan tankou “Il Envoya Son Fils Aimé” (Chants pour les Enfants, 34–35) te kapab ede pitit ou santi lanmou Bondye. Apre w fin chante, mande timoun ou yo sa yo aprann nan chan an. Ki lòt bagay nou aprann sou lanmou Bondye ki soti nan 1 Nefi 11:22–23?

Itilize imaj pou ede timoun yo aprann. Lè w ap anseye timoun yo yon istwa nan ekriti yo, chèche fason pou w ede yo vizyalize l. Ou ta kapab itilize foto, videyo, maryonèt, degizman, eksetera.

1 Nefi 13:26–29, 35–36, 40

Liv Mòmon an anseye verite ki presye.

  • Pou ede timoun ou yo valorize verite “klè ak presye” yo nan Liv Mòmon an, ou ka desinen yon foto epi envite pitit ou yo pou yo chanje oswa retire kèk pati nan foto a pou fè li parèt diferan. Ou kapab itlize sa pou w anseye bagay nan Bib la ke yo te chanje ak retire pandan tan t ap pase. Li kèk pati nan 1 Nefi 13:40 epi pale de jan Liv Mòmon an (“dènye anal sa yo”) ede nou konprann “verite klè ak presye” ki te pèdi nan Bib la (“premye anal” yo). Ki “verite klè ak presye” ou te aprann nan Liv Mòmon an?

  • Videyo “Liv Mòmon an—yon Liv ki soti nan Bondye” (Bibliyotèk Levanjil la) te kapab ede timoun ou yo wè poukisa li enpòtan pou gen ni Bib la ni Liv Mòmon an. Timoun yo ta kapab jwi re-kreye ilistrasyon an apati de videyo a.

Imaj
kopi Liv Mòmon an divès lang

Liv Mòmon an retabli verite levanjil yo ki te pèdi pandan Apostazi a.

1 Nefi 15:23–24

Kenbe fèm nan pawòl Bondye a ede m reziste anba tantasyon

  • Bay pitit ou yon chans pou pataje sa yo sonje konsènan vizyon Leyi a. Li ta kapab ede si w itilize yon foto, tankou sila ki nan plan semèn pase a. Kisa ki te anpeche moun yo rive nan pyebwa a? Kisa ki te ede yo atenn li? Ou ka mande yo pou yo jwenn ba fè a nan foto a. Li ansanm 1 Nefi 15:23–24 pou chèche jwenn ki sa ba fè a reprezante ak kijan li ka ede nou.

Pou plis ide, gade nimewo mwa sa a nan magazin Zanmi an.

Imaj
Vizyon Nefi sou Mari ak tibebe Jezi

Vizyon Nefi konsènan Mari, pa James Johnson