Konferans Jeneral
Bagay Nanm Mwen yo
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Bagay Nanm Mwen yo

Ki bagay ou medite? Ki bagay ki reyèlman enpòtan pou ou? Ki bagay ki nan nanm ou?

Frè m ak sè m yo, pandan m kanpe nan Sant Konferans sa a nou renmen anpil la yon fwa ankò, mwen sonje pawòl Apot Pyè yo: “Mèt, sa bon nèt pou nou isit la.”1

Jodia panse m santre sou pawòl pwofèt Nefi yo, ki te kenbe rejis pèp li a apre lanmò papa li Leyi. Nefi te ekri, “Epi sou plak sa yo, m ekri bagay nanm mwen yo.”2

Mwen konn abitye pase sou vèsè sa a, ap panse ke mo bagay la pa t twò elegan ni espirityèl ase pou l asosye avèk tèm “nanm mwen.” Poutan, mwen aprann ke mo bagay la itilize nan ekriti yo 2.354 fwa.3 Paregzanp, nan Moyiz: “M se Kòmansman ak Lafen, Bondye Toupisan an, pa mwayen Sèl Pitit Literal mwen an, m te kreye bagay sa yo.”4 Ak pawòl Nefi yo: “Gade, nanm mwen pran plezi nan bagay Senyè a yo; e kè m medite tout tan sou bagay m te tande ak wè yo.”5

Pawòl Nefi yo soulve kesyon “Sou ki bagay ou medite?” “Ki bagay ki reyèlman enpòtan pou ou?” “Ki bagay ki nan nanm ou?”

Bagay nanm nou yo souvan vin pi klè ak pi pwofon lè nou poze kesyon.

Imaj
Èldè Rasband nan yon reyinyon virtuel
Imaj
Devosyon pou Jèn yo
Imaj
Retransmisyon pou Jèn Adilt

Pandan pandemi an, mwen te rankontre avèk jèn toupatou nan mond lan nan anpil devosyon, gwo ak piti, atravè emisyon ak medya sosyal, epi nou te diskite sou kesyon yo te genyen.

Joseph Smith, nan laj katòzan, te gen yon kesyon byen fon nan nanm li, epi li te pote l bay Senyè a. Prezidan Russell M. Nelson te souliye: “Pote kesyon ou yo bay Senyè a ak lòt sous fidèl yo. Etidye avèk dezi pou w kwè olye de espwa ke w ka jwenn yon defo nan fabrik lavi yon pwofèt oubyen yon kontradiksyon nan ekriti yo. Sispann ogmante dout ou nan repase yo avèk … lòt moun ki gen dout. Kite Senyè a dirije w nan vwayaj espirityèl ou a.”6

Jèn yo souvan mande m nan kisa m kwè ak poukisa mwen kwè.

Mwen sonje m te gen yon vizit vityèl avèk yon jènfi lakay li. Mwen te mande l si sete premye fwa yon Apot te vin lakay li. Li te souri byen vit epi l te reponn: “Wi.” Li te poze m yon bon kesyon : “Ki bagay ki pi enpòtan mwen ta dwe konnen?”

Mwen te reponn kote m te pale l de bagay nanm mwen yo, bagay ki prepare m pou m tande enspirasyon yo, ki elve vizyon m ale odela fason mond lan, ki bay travay mwen yon sans nan levanjil la ak nan pwòp lavi m.

Èske m ka patate kèk nan bagay nanm mwen yo avèk nou? Bagay sa yo aplike pou nou tout k ap chèche pou nou vin vrè disip Jezikri. Dis t ap yon bon chif awondi. Jodia m ap ba nou sèt avèk espwa ke n ap fè l rive uit, nèf, ak dis apati pwòp eksperyans pa nou.

Premyèman, renmen Bondye Papa a ak Jezikri, Sovè nou.

Jezi te dekrete premye gran kòmandman an: “Se pou ou renmen Senyè a, Bondye ou, avèk tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tou lide ou.”7

Prezidan Nelson te deklare devosyon li pou Bondye, Pè Etènèl nou an ak Pitit Gason L lan, Jezikri, lè l te aple pou l dirije Legliz Senyè a, li te di “Mwen konnen Yo, mwen renmen Yo, epi mwen jire pou m sèvi Yo—ak noumenm—ak tout rès souf ki rete nan lavi mwen.”8

Konsa premyèman, renmen Papa a ak Pitit Gason an.

Dezyèmman, “Renmen pwochen ou.”9

Se pa jis yon bòn ide; se dezyèm gran kòmandman an. Pwochen w se konjwen w ak fanmi ou, manm pawas yo, kolèg travay yo, kamarad chanm ou, moun ki pa nan legliz ou, moun ki bezwen yon men ki pou ede yo, epi, franchman, tout moun. Esans “Renmen pwochen w lan” eksprime nan kantik sa a “Aimez Vos Frères.”10

Prezidan Nelson raple nou, “Lè nou renmen Bondye avèk tout kè nou, Li vire kè nou sou byennèt lòt moun.”11

Twazyèmman, renmen tèt ou.

Se la anpil moun gen pwoblèn. Èske sa pa etranj ke renmen tèt nou sanble l mwens fasil pase renmen lòt moun? Men, Senyè a te di, “Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.”12 Li valorize divinite ki nan nou an; se sa nou dwe fè tou. Lè nou akable anba fado erè, kè sere, santiman enkonpetans, desepsyon, kòlè, oswa peche, pouvwa Ekspyasyon Sovè a, pa dekrè diven, se youn nan bagay k ap elve nanm nan.

Katriyèmman, kenbe kòmandman yo.

Senyè a di byen klè: “Si nou renmen mwen, kenbe kòmandman m yo.”13, Fè efò chak jou pou nou vin yon tijan pi miyò epi fè yon tikras pi byen epi avanse nan ladwati.

Senkyèmman, toujou rete diy pou w ale nan tanp.

Mwen rele sa rekòmande pou Senyè a. Kit nou gen aksè a yon tanp ou pa, rete diy pou yon rekòmandasyon tanp aktif ap kenbe nou santre byen fèm sou bagay ki enpòtan yo, sou chemen alyans lan.

Sizyèmman, fè kè nou kontan.

“Fè kè nou kontann, epi pa krenn,”14 Senyè a di. Poukisa? Kijan pou nou fè sa lè n ap rankontre difikilte nan chak kafou? Paske Jezikri te fè pwomès sa a: “Mwen menm Senyè a, m avèk nou, epi m ap kanpe bò kote nou.”15

Prezidan Nelson dekri levanjil retabli a kòm “yon mesaj lajwa!”16 Epi li eksplike “Lajwa nou santi a pa gen anpil pou l wè ak sikonstans lavi nou, li konplètman depann sou objektif lavi nou.”17

Setyèmman, suiv pwofèt vivan Bondye a.

Sa ka setyèm nan lis bagay mwen yo, men li anpremye nan lespri m an tèm enpòtans li jodia.

Nou gen yon pwofèt Bondye sou tè a jodia! Pa janm minimize kisa sa vle di pou nou. Nou sonje jènfi m te mansyone nan kòmansman an. Li te vle konnen ki bagay ki pi enpòtan. “Suiv pwofèt vivan an,” m te di l deja e m ap repete l ankò jodia.

Youn nan karakteristik nou kòm yon Legliz sèke nou dirije pa pwofèt, vwayan, ak revelatè Bondye aple pou epòk sa a. Mwen pwomèt ke si nou koute epi nou suiv konsèy yo, nou p ap janm pèdi chemen an. Jamè!

N ap viv nan yon epòk kote nou balote “pasi pala,”18 kote espirityalite, desans, entegrite ak respè anba atak. Nou bezwen fè chwa. Nou gen vwa Senyè a atravè pwofèt Li a pou kalme krent nou yo epi elve vizyon nou, paske lè Prezidan Nelson pale, li pale pou Senyè a.

Nou beni avèk ekriti yo ak ansèyman ki raple nou, “Lide pa m pa menm ak lide pa nou, ni chemen pa nou pa menm ak chemenm pa m. Se Senyè a menm ki di sa.”19

Se konsa l te ye pou Naaman, yon gran dirijan militè nan peyi Syrie, men ki te yon lepre yo te di li ke pwofèt Eli te ka geri li. Eli te voye mesaje l la al di Naaman pou l al lave kò l nan rivyè Jouden an sèt fwa epi l t ap geri. Naaman te moke li. Asireman te gen yon rivyè ki te pi gran pase rivyè Jouden an, epi poukisa li te voye yon sèvitè alòske li te atann sete Eli pwofèt la li menm ki t ap geri li pèsonèlman? Naaman te ale, men finalman sèvitè l yo te konvenk li: “Si pwofèt la te mande w pou w fè kèk gwo bagay, eske w pa t fè li?”20 Alafen Naaman te plonje l sèt fwa nan rivyè Jouden an epi li te geri.

Resi Naaman an raple nou danje ki genyen nan triye ak chwazi kèk pati nan konsèy pwofèt yo ki koresponn avèk panse nou, atant, oubyen nòm ki egziste yo jodia. Pwofèt nou an kontinyèlman montre nou wout pwòp rivyè Jouden pa nou pou nou ka geri.

Pawòl ki pi enpòtan nou kapab koute, medite, ak suiv yo se sa ki revele palentèmedyè pwofèt vivan nou an. Mwen rann temwayaj ke m konn chita nan reyinyon konsèy avèk Prezidan Nelson pou nou diskite sou bagay enpòtan konsènan Legliz la ak mond lan, e mwen konn wè revelasyon ap koule atravè li. Li konnen Senyè a, li konnen fason Senyè a, epi li vle ke tout pitit Bondye yo tande, Senyè a, Jezikri.

Pandan anpil ane, nou tande pwofèt la defwa pa ane nan konferans jeneral. Men avèk pwoblèm konplèks yo nan epòk nou an, Prezidan Nelson pale pi souvan toujou nan fowòm,21 nan medya sosyal,22 nan devosyon,23 e menm nan entèvyou nan laprès.24 Mwen te obsève li k ap prepare ak prezante mesaj revelasyon pwofon ki ankouraje plis rekonesans, ki ankouraje pi gwo entegrasyon tout frè ak sè nou yo sou tè a, epi ki ogmante lapè, lespwa, lajwa, sante, ak gerizon nan lavi endividyèl nou.

Prezidan Nelson gen yon don pou l kominike avèk moun, men sa k pi enpòtan toujou, li se yon pwofèt Bondye. Sa etonan lè w ap panse avè l, men li esansyèl pou nou reyalize ke direksyon klè li bay yo ap pwoteje nou kont tout twonpri, riz, ak mwayen pwofàn ki ap pran elan nan mond lan jodia.25

Manto pwofetik la se yon manto revelasyon. “Retablisman Plenitid Levanjil Jezikri a: Deklarasyon Bisantnè pou Mond lan,” ki te bay nan konferans jeneral Avril 2020 an souliye ke Senyè a ap dirije travay sa a. Nan pwoklamasyon sa a, Premyè Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo deklare: “Nou deklare avèk jwa ke Retablisman yo te pwomèt la ap avanse atravè revelasyon kontinyèl. Tè sa a pa p janm menm ankò, paske Bondye pral ‘rasanble tout bagay fè youn nan Kris la‘ (Efezyen 1:10).”26

“Tout bagay nan Kris”27 la ak “bagay nanm mwen yo”28 se sa Legliz sa a, levanjil sa a ak moun sa yo tout reprezante.

M ap tèmine avèk yon envitasyon pou nou chak panse sou sèt “bagay namm mwen yo” m te pataje jodia: renmen Bondye Papa a ak Jezikri, Sovè nou an; renmen pwochen nou; renmen tèt pa nou; kenbe kòmandman yo; toujou rete diy pou yon rekòmandasyon tanp; fè kè nou kontan; epi suiv pwofèt vivan Bondye a. Mwen envite nou pou nou idantifye pwòp uit, nèf ak dis pa nou. Panse sou fason nou ta ka pataje “bagay” sensè nan kè nou yo avèk lòt moun epi ankouraje yo pou yo priye, medite epi chèche direksyon Senyè a.

Bagay nanm mwen yo presye pou mwen menmjan pa nou yo presye pou nou. Bagay sa yo ranfòse sèvis nou nan Legliz la ak nan tout domèn nan lavi a. Yo angaje nou a Jezikri, yo raple nou de alyans nou yo, epi yo ede nou santi sekirite nan bra Senyè a. Mwen temwanye ke Li vle ke nanm nou “pa janm grangou ni swaf, men ranpli”29 avèk lanmou Li pandan n ap chèche pou nou vin vrè disip Li, pou nou fè youn avèk Li menmjan Li fè youn avèk Papa a. Nan non Jezikri, amèn.