Vini, Suiv Mwen 2024
26 Fevriye–3 Mas: “Yo Pral Rele Li … Prens Lapè a.” 2 Nefi 11–19


“26 Fevriye–3 Mas: ‘Yo Pral Rele Li …Prens Lapè a.’ 2 Nefi 11–19,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2024)

“26 Fevriye–3 Mas. 2 Nefi 11–19,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2024)

Imaj
Ezayi ki ap ekri sou woulo

26 Fevriye–3 Mas: “Yo Pral Rele Li … Prens Lapè a.”

2 Nefi 11–19

Ekri sou plak metal pa fasil, epi espas sou ti plak Nefi yo te limite. Kidonk, poukisa Nefi t ap fè efò pou l kopye anpil nan liv pwofèt Ezayi yo nan rejis li a? Li te fè sa paske li te vle pou nou kwè nan Jezikri. Li te ekri: “Nanm mwen pran plezi,” “ pou l pwouve pèp mwen an verite konsènan aparisyon Kris la” (2 Nefi 11:4). Nefi te wè sa ki ta pral rive pèp li a nan jenerasyon alavni yo. Li te wè ke, malgre gwo benediksyon yo, yo tap vin ògeye, rebèl, ak monden (gade nan 1 Nefi 12; 15:4–6). Li te wè menm kalite pwoblèm yo tou nan epòk nou an (gade nan 1 Nefi 14). Liv Ezayi yo te bay avètisman kont mechanste sa yo. Men yo te bay Nefi espwa tou konsènan yon avni gloriye —yon fen nan mechanste, yon rasanbleman moun fidèl yo, ak “gwo limyè” pou moun ki t ap “mache nan tenèb” (2 Nefi 19:2). Tout sa tap rive paske “yon timoun [te] pran nesans.” Li tap kapab mete fen a tout konfli—“Prens Lapè a” (2 Nefi 19:6).

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye ak nan Legliz la

Kijan m ka konprann ansèyman Ezayi yo pi byen?

Nefi te rekonèt ke “pawòl Ezayi yo pa klè” (2 Nefi 25:4). Men Nefi te pataje ide tou pou ede nou jwenn siyifikasyon ekriti Ezayi yo:

  • Aplike pawòl li yo a” oumenm (2 Nefi 11:2). Anpil nan ansèyman Ezayi yo gen plizyè siyifikasyon ak aplikasyon posib. Pa egzanp, lè w ap li konsènan kote moun abite yo nan 2 Nefi 14:5–6, konsidere kijan vèsè sa yo aplike pou fwaye w. Mande tèt ou: “Kisa Papa nou ki nan Syèl la vle m aprann?”

  • Chèche jwenn senbòl Jezikri yo (gade nan 2 Nefi 11:4). Anpil nan ansèyman Ezayi yo konsènan Sovè a transmèt atravè senbòl. Pa egzanp, kijan Sovè a reprezante nan 2 Nefi 19:2? Kisa senbòl sa a anseye w konsènan Li?

  • “Chèche pou w ranpli avèk lespri pwofesi a” (2 Nefi 25:4). Pandan w ap etidye, priye pou w jwenn direksyon espirityèl. Ou gen dwa pa konprann tout bagay yon sèl kou, men Lespri a ka ede w aprann sa w bezwen konnen.

Ou gen dwa twouve l itil pou w ale nan èd pou etid nan ekriti yo, ki enkli referans anba paj yo, antèt chapit yo, ak Gid pou Elriti yo. Liv Mòmon ak manyèl enstiti Ansyen Testaman yo gen lòt enfòmasyon ki ka ede w aprann konnen kontèks istorik ansèyman Ezayi yo.

2 Nefi 11–19

Ezayi te temwaye konsènan Jezikri.

Paske Ezayi te itilize yon langaj senbolik, li ka fasil pou neglije temwayaj puisan l lan konsènan Jezikri. Chèche Sovè a nan 2 Nefi 13:13; 14:4–6; 15:1–7; 16:1–7; 17:14; 18:14–15; 22:2. Kisa vèsè sa yo anseye w sou Li?

Pwofesi nan 2 Nefi 19:6 la mansyone plizyè tit Jezikri. Kòman Li te ranpli wòl sa yo nan lavi nou?

Gade tou Ulisses Soares, “Jezikri: Gadyen Nanm nou an,” Lyawona, Me 2021, 82–84.

2 Nefi 12–13; 15

Ògeye yo ak monden yo gen ap gen pou yo sibi imilyasyon.

Nefi te predi ke ògèy tap lakoz chit pèp li a (gade nan 1 Nefi 12:19). Konsa, sa pa etonan ke l tap pataje avèk pèp li a avètisman repete Ezayi yo kont lògèy. Nan chapit 12 ak 13, chèche jwenn mo ke Ezayi te itilize pou dekri ògèy, tankou mepri ak awogans. Nan 2 Nefi 15:1–24, chèche langaj senbolik ki dekri rezilta ògèy yo. Apre sa ou ka eseye rezime sa ou te li a nan pwòp mo pa w. Reflechi sou fason w ap chwazi pou w enb.

Gade tou “Chapit 18: Prenez garde à l‘orgueilEnseignements des Présidents de l‘Eglise: Ezra Taft Benson (2014], 249–60).

2 Nefi 12:2–3

Imaj
senbòl seminè
Tanp lan se kay Senyè a.

Ezayi te rele tanp lan “mòn kay Senyè a” (2 Nefi 12:2). Poukisa yon montay se yon bon senbòl pou tanp?

Kijan w tap esplike yon moun poukisa nou bezwen tanp? Ou ta ka jwenn kèk repons posib nan 2 Nefi 12:2–3 ak nan mesaj Prezidan Russell M. Nelson ki pote tit: “Tanp lan ak Fondasyon Espirityèl ou” (Lyawona, Nov. 2021, 93–96). Dapre sa w li yo, kisa Senyè a vle w aprann ak ki eksperyans Li vle m fè nan kay sen L lan? Ki eksperyans ou te fè la?

Ou ka jwenn kesyon entèvyou pou rekòmandasyon tanp lan nan paj 36–37 nan Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Moun Ki AP Fè Chwa. Anvizaje pou li yo chak epi mande tèt ou, kisa kesyon sa a anseye konsènan jan Senyè a ye? Kijan li ede m “mache selon fason Li”?

Gade tou nan Sijè Levanjil: “Tanp,” Bibliyotèk Levanjil la; “Tout au Sommet des Monts,” Cantiques, no 5.

2 Nefi 12–19

Jezikri ap rasanble pèp Li a

Malgre mechanste li te obsève yo, Ezayi te wè espwa pou lavni. Anvizaje etidye chak pasaj sa yo. Ekri youn oubyen plis verite chak pasaj anseye konsènan epòk nou an: 2 Nefi 12:1–5; 14:2–6; 15:20–26; 19:2–8. Poukisa w santi pasaj sa yo enpòtan pou nou konprann?

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan Lyawona ak nan magazin Pou Fòs Jèn yo.

Chèche modèl. Nan ekriti yo, nou ka jwenn modèl ki montre nou kijan Senyè a travay. Nan 2 Nefi 11–19, ou ta kapab chèche modèl ki montre kijan Senyè a avèti kont peche ak padonnen moun ki repanti.

Ide pou Anseye Timoun

2 Nefi 12:2–3

Tanp lan se kay Senyè a.

  • Ezayi te dekri tanp lan kòm “mòn kay Senyè a.” Timoun ou yo ta kapab renmen pretann y ap monte yon mòn pandan n ap li 2 Nefi 12:2–3. Ede yo jwenn ekspresyon nan vèsè sa yo ki dekri poukisa nou gen tanp.

  • Pou ilistre ekspresyon “nou pral mache nan chemen li” ki nan 2 Nefi 12:3, ou ta ka fè yon chemen sou planche a, ki mennen nan yon foto yon tanp. Pandan pitit ou yo ap mache sou chemen an, yo te kapab site bagay yo ka fè pou mache nan chemen Senyè a.

  • Envite timoun yo pou yo desine tèt yo ki prale nan tanp. Chante oswa koute yon chan konsènan tanp avèk timoun yo, tankou “Oh, j aime voir le temple” (Chants pour les enfants,, 99). Ede yo jwenn mo ak ekspresyon nan chan an ki anseye sa tanp lan ye ak sa nou fè ladan.

2 Nefi 11:4–7; 17:14; 19:6

Jezikri se Sovè m.

  • Gen plizyè non pou Jezikri nan 2 Nefi 11:4–7; 17:14; 19:6. Ede timoun ou yo jwenn yo epi pale de sa yo vle di. Pa egzanp, “Kris” vle di “Moun ki Wenn nan” epi “Emanyèl” vle di “Bondye avèk nou.” Kisa non sa yo anseye nou konsènan Jezi?

  • Montre k&k pòsyon nan video “The Christ Child” la(Medyatèk Levanjil la) ki monte diferan moun k ap wè Jezi pou lapremyè fwa. Poze video a pandan deskripsyon sa yo, epi mande timoun yo kisa moun sa yo dwe te santi. Kisa nou tap santi si nou te la? Kijan nou apl santi nou lè nou wè L ankò?

2 Nefi 15:20

Satan ap eseye konfonn mwen konsènan byen ak mal.

  • Montre yo yon bagay ki anmè oubyen si, tankou yon tranch sitwon, ki vlope andedan yon papye sirèt. Li ansanm 2 Nefi 15:20. Kijan Satan eseye fè bagay ki mal sanble bon bagay? Ou gen dwa pase premye 90 segond video “You Will Be Freed” la (Medyatèk Levanjil la). Poukisa pechè a degize pyèj li a? Poukisa Satan degize peche? Kijan Senyè a ede nou pou nou pa kite Satan twonpe nou?

Pou plis ide, gade nimewo mwa sa a nan magzin Zanmi an.

Imaj
Tanp Panama nan vil Panama

Tanp Panama nan vil Panama. “Kay Senyè a pral tabli sou tèt mòn yo, … epi tout nasyon pral vide kò yo sou li” (2 Nefi 12:2).