Konferans Jeneral
Senpleman Mayifik—Mayifikman Senp
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Senpleman Mayifik—Mayifikman Senp

Se pou nou kenbe levanjil la senp pandan n ap pran sou tèt nou responsablite nou resevwa divinman yo.

Entwodiksyon

M swete yon byenveni plen chalè a nou chak k ap patisipe nan konferans sa a.

Jodia, m vle dekri de eleman nan levanjil retabli Jezikri a, ki ap suiv pa kat istwa emouvan konsènan Sen Dènye Jou nan tout mond lan ki demontre aplikasyon prensip sa yo. Premye eleman levanjil retabli a—Travay sali ak egzaltasyon Bondye a—konsantre sou responsablite ki deside divinman. Dezyèm eleman an raple nou ke levanjil la klè, presye, ak senp

Responsablite Senp ki Divinman Deside

Pou nou ka resevwa lavi etènèl, nou dwe “vin jwenn Kris la, e pèfeksyone nou nan li,”1 Lè nou vin jwenn Kris la epi nou ede lòt moun fè menm bagay la, nou patisipe nan travay sali ak egzaltasyon an, ki konsantre sou responsablite ki divinman deside.2 Responsablite diven sa yo aliyen yo avèk kle prètriz yo ki te retabli pa Moyiz, Elyas, Eli yo, ki nan seksyon 110 Doktrin ak Alyans yo,3 ak dezyèm gran kòmandman Jezikri ba nou pou nou renmen pwochen nou menmjan avèk tèt nou an.4 N ap jwenn yo nan de premye paj Manyèl Jeneral laremanye a, ki disponib pou tout manm.

Si lè w tande mo “Manyèl Jeneral” oubyen “responsablite divinman deside” yo sa fè w fremi paske w pè bagay ki konplike, tanpri, pa pè. Responsablite sa yo senp, enspirasyonèl, yo motivan epi yo ka fèt. Men yo:

  1. Viv levanjil Jezikri a

  2. Pran swen moun ki nan nesesite

  3. Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la

  4. Ini fanmi yo pou letènite

Nou ka konsidere yo menm jan avèk mwen: tankou yon kat jewografi pou retounen al jwenn Pè Selès ki renmen nou an.

Imaj
Eleman travay sali ak egzaltasyon an

Plan Levanjil la klè, Presye, epi Senp.

Yo di ke levanjil Jezikri a “senpleman mayifik epi li mayifikman senp.”5 Mond la pa konsa. Li konplike, li konplèks, epi l chaje ak twoub ak goumen. Nou beni lè nou pran prekosyon pou nou pa kite konpleksite, ki si komen nan tout mond lan, antre nan fason nou resevwa ak pratike levanjil la.

Prezidan Dallin H. Oaks te di: “Yo anseye nou anpil ti bagay ki senp nan levanjil Jezikri a. Nou bezwen yo raple nou ke, an total, epi apre yon peryòd tan siyifikatif, bagay ki aparaman piti sa yo pral pèmèt nou reyalize gran bagay.”6 Jezikri Limenm te dekri ke jouk li fasil, epi chay li yo lejè.7 Nou tout ta dwe fè efò pou nou kenbe levanjil la senp—nan lavi nou, nan fanmi nou, nan klas ak kolèj nou yo, epi nan pawas ak pieu nou yo.

Pandan n ap koute istwa m pral pataje avèk nou yo, rekonèt ke yo te chwazi yo avèk swen pou enspire nou ak enfòme nou alafwa. Aksyon chak nan Sen Dènye Jou sa yo vin yon modèl pou nou chak pou nou aplike levanjil la nan fason ki klè, presye, ak senp pandan n ap akonpli yonn nan responsablite divinman òdone yo nou te fèk prezante w yo yo.

Viv Levanjil Jezikri a

Viv levanjil Jezikri a Jens ki nan Danemark priye chak jou pou l viv levanjil la ak pou l santi enspiration Sentespri a. Li aprann pou l aji vit lè l santi Lespri a enspire l.

Imaj
Jens ki soti Danemark

Jens te pataje bagay sa a avèk nou:

“Nou abite nan yon ti kay ideyal ki fèt a mwatye an bwa avèk yon tèt kay an pay, nan mitan yon bèl ti vilaj konfòtab, tou pre rivyè nan vilaj la.

Imaj
Vilaj ideyal
Imaj
Rivyè vilaj la

“Yon jou swa nan pi bèl tanperati ete Danwa imajinab sa a, pòt yo ak fenèt yo te ouvri, epi tout bagay te pezib ak trankil. Paske sware mwa ete nou yo gloriyezman klere ak long, m pa t prese pou m te ranplase yon anpoul elektrik ki te boule nan chanm depo nou an.

Imaj
Limyè nan sal la

“Toudenkou, m te gen yon santiman fò pou m te ranplase l imedyatman! An menm tan, m te tande madanm mwen, Mariann, ki te rele m avèk timoun yo pou vin lave men nou paske dine a te pare!

“M marye ase lontan pou m te konnen ke se pa t lè pou m te eseye fè okenn lòt bagay eksepte al lave men m, men, m te tande vwa m ki te di Mariann, m ap kouri al nan boutik la al achte yon anpoul. M te santi yon pouse fò pou m te deplase imedyatman.

“Boutik la te sou lòtbò rivyè a. Dabitid nou te konn mache apye al ladan l, men, jou sa a, m te pran bisiklèt mwen. Pandan m t ap pedale pase devan rivyè a, nan bò kwen je m, m te remake yon tigason, anviwon dezan ki t ap mache poukont li, tou pre pwent rivyè a, li te twò pre dlo a anpil—toudenkou, li te tonbe nan dlo a! Yon minit li te la—epi yon lòt minit li pa t la!

“Pèsonn pat wè bagay sa a, eksepte mwenmenm. M te voye bisiklèt mwen an atè a, m te kouri, epi m te plonje nan dlo rivyè a ki te rive nan tay mwen. Anlè dlo a te kouvri nèt avèk zèb, sa k te fè l enposib pou m te wè nan dlo a. Lè sa a, m te santi yon mouvman sou yon bò. M te plonje bra m nan dlo a, m te atrape yon mayo, epi m te rale tigason an monte. Le te kòmanse esoufle, touse, epi kriye. Tousuit apre, tigason an te reyini avèk paran li.”

Imaj
Jens ak fanmi li

Lè Frè Jens ap priye chak maten pou l ka jwenn èd pou l ka rekonèt enspirasyon Sentespri a, menm pou yon bagay osi inabityèl ke chanje yon anpoul elektrik imedyatman, li priye pou yo ka itilize l kòm enstriman pou beni pitit Bondye yo tou. Jens viv levanjil la nan chèche direksyon dvin chak jou, nan fè efò pou l rete diy, epi apresa, li fè tout sa l kapab pou l suiv direksyon sa a lè l vini.

Pran Swen Moun ki nan Nesesite

Men yon egzanp sou pran swen moun ki nan nesesite. Yon jou, yon dirijan nan Pieu Cucuta, nan peyi Colombie te akonpaye prezidant Jènfi pieu a pou yo t al vizite de jènfi—ak pigran frè yo a ki te yon adolesan—ki t ap konfwonte kèk difikilte tèrib. Papa yo te mouri pa twò lontan, epi manman yo te mouri ennan de sa. Twa frè ak sè yo te rete poukont yo kounyea nan ti kay tou piti yo a. Miray yo te fèt avèk planch bwa aliyen avèk sache plastik, epi do tòl la te sèlman kouvri bòkote yo te dòmi an.

Apre vizit yo a, dirijan sa yo te konnen yo te bezwen pote èd. Atravè konsèy pawas la, yon plan pou ede yo te kòmanse parèt. Dirijan pawas ak pieu yo—Sosyete Sekou, kowòm ansyen, Jènjan, jènfi—ak plizyè fanmi, yo tout te mete yo anba travay pou beni fanmi sa a.

Imaj
Kay k ap bati
Imaj
Kay k ap bati

Òganizasyon yo nan pawas la te kontakte plizyè manm nan pawas la ki te travay nan konstriksyon. Kèt te ede trase plan, kèk lòt te bay tan yo ak travay yo, kèk te fè manje, epi lòt ankò te bay materyo.

Imaj
Kay ki fini

Lè ti kay la te fini, sete yon jou plen lajwa pou moun ki te ede yo ak pou twa jèn manm pawas sa yo. Timoun òfelen sa yo te santi lyen amikal ak rekonfòtan manm ki fòme fanmi pawas yo a, ki te fè yo konnen ke yo pa poukont yo epi Bondye toujou la pou yo. Moun ki te lonje lamen yo te santi amou Sovè a pou fanmi sa a epi yo te aji kòm men Li pou sèvi yo.

Envite Tout Moun pou yo Resevwa Levanjil la

M panse nou pral kontan egzanp sa a sou envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Cleiton ki te gen disètan ki te abite nan Cap Vert pa t gen okenn ide sou sa k ta pral pase pandan l t ap mache al nan klas seminè nan pawas la yon jou. Men, lavi l ak lavi lòt moun ta pral chanje ajamè poutèt li te fè sa.

Cleiton, ansanm avèk manman l ak gran frè l la, te batize nan Legliz la kèk tan anvan sa, epi fanmi an te sispann al Legliz. Aksyon senp li te fè pou l t al nan seminè a ta pral sèvi kòm yon gwo bagay pou ouvri pòt pou fanmi li.

Lòt jèn yo ki te nan klas seminè a te akeyi l jantiman epi yo te swete l byenveni. Yo te fè Cleiton santi l ke l te lakay li epi yo te ankouraje l patisipe nan yon lòt aktivite. Li te fè sa, epi byento, li te kòmanse patisipe nan lòt reyinyon nan Legliz la. Yon evèk saj te wè Cleiton gen potansyalite epi l te envite l pou l te vin asistan li. “Apati lè sa a,” Evèk Pina di, “Cleiton te vin tounen yon egzanp ak yon enfliyans pou lòt jèn yo.”

Premye moun Cleiton te envite retounen Legliz sete manman l, apresa, gran frè l la. Apresa, li te laji sèk la pou zanmi. Yonn nan zanmi sa yo sete yon jèn gason menm laj avèk li, Wilson. Nan premye rankont li avèk misyonè yo, Wilson te eksprime dezi l pou l te batize. Misyonè yo te enpresyone epi yo te etone pou kantite sa Cleiton te deja pataje avèk Wilson.

Imaj
Jènjan nan Cap Vert
Imaj
Ki ap envite lòt moun vin legliz
Imaj
Gwoup jèn aktif k ap grandi

Efò Cleiton yo pa t sispann la. Li te ede lòt manm ki pa t ase aktif retounen, anplis pataje levanjil la avèk zanmi ki nan lòt legliz. Jodia, pawas la gen 35 jèn ki aktif, avèk yon pwogram seminè k ap pwogrese, gras, an majorite a efò Cleiton pou l renmen, pataje, ak envite. Cleiton, ansanm avèk gran frè l la, Cléber, yo toude ap prepare pou y al sèvi yon misyon aplentan.

Ini Fanmi yo pou Letènite

Finalman, kite m pataje yon bèl egzanp sou ini fanmi pou letènite. Lydia ki abite an Kharkiv, Ukraine, te aprann konsènan tanp nan men misyonè yo. Imedyatman, Lydia te santi yon gran anvi pou l t al nan tanp, epi apre batèm li, li te kòmanse fè preparasyon pou l te resevwa yon rekòmandasyon tanp.

Lydia t al nan tanp Freiberg la an Almay pou l te ka resevwa dotasyon li epi apresa li te pase plizyè jou ap fè travay pou pa pwokirasyon pou desede yo ladan. Apre konsekrasyon Tanp Kyev la nan Ukraine, Lydia t al nan tanp pi souvan. Limenm ak mari l la, Anatoly, te sele pou letènite nan tanp lan epi nan apre, yo te resevwa apèl pou sèvi kòm misyonè tanp. Ansanm, yo te jwenn plis pase 15.000 non zansèt yo epi yo te travay pou fè òdonans tanp pou yo.

Imaj
Koup Ikrenyen nan tanp lan

Lè yo te mande l sa l santi apwopo travay tanp, Lydia di, “Ksa m te resevwa nan tanp la? M fè nouvo alyans avèk Bondye. Temwayaj mwen ranfòse. M aprann resevwa revelasyon pèsonèl. M ka akonpli òdonans pou sove zansèt desede m yo. Epi m ka renmen ak sèvi lòt moun.” Li te fini avèk vrè deklarasyon sa a: “Senyè a vle wè nou nan tanp souvan.”

Konklizyon

Mwen enspire pa bonte Sen Dènye Jou sa yo, yo chak, nan sikonstans divès ak varye, te santre nan kat istwa sa yo. Nou ka aprann anpil nan rezilta mirakile ki vini nan senp aplikasyon prensip senp levanjil yo. Tout sa yo te fè yo se bagay nou ka fè tou.

M swete nou kenbe levanjil la senp, pandan n ap pran sou nou responsablite senp ki divinman deside yo: Pou nou viv levanjil Jezikri a yon fason pou nou ka sansib a enspirasyon, tankou Jens nan Danemark la. Pou nou pran swen moun ki nan bezwen, jan manm nan Pieu Cucuta nan Colombie yo te fè lè yo te mete kouvèti sou kay manm òfelen nan pawas yo a. Pou nou envite tout moun resevwa levanjil la, nan fason Cleiton nan zile Cap Vert an Afrik la te fè avèk zanmi l yo ak fanmi li. Finalman, pou nou ini fanmi yo pou letènite, jan Sè Lydia nan Ukraine te fè atravè pwòp òdonans tanp pa l, pwòp efò istwa familyal pa l, ak sèvis li nan tanp la.

Si nou fè sa, sa ap reyèlman pote lajwa ak lapè. Konsènan sa mwen pwomèt nou epi m temwaye—epi konsènan Jezikri kòm Sovè nou ak Redanmtè nou—nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Mowoni 10:32.

  2. Gade Manyèl Enstriksyon Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 1.2, ChurchofJesusChrist.org.

  3. Gade nan Doktrin ak Alyans 110:13–16 Gade tou Dallin H. Oaks, “Prètriz Mèlkisedèk la ak Kle yo,” Liahona, Me 2020, 70: “Apre konsekarasyon premye tanp nan dispansasyon sa a nan Kirtland, Ohio, twa pwofèt—Moyiz, Elyas, ak Eli—te retabli ‘kle dispansasyon sa a,’ ki enkli kle pou rasanble Izrayèl ak travay tanp Senyè a.” Gade tou Quentin L. Cook, “Prepare pou rankontre Bondye,” Liahona, Me 2018, 114: “Ansyen pwofèt te retabli kle prètriz yo pou òdonans sali etènèl yo nan levanjil Jezikri a. … “Kle sa yo bay ‘pouvwa ki soti anwo’ [Doktrin ak Alyans 38:38] pou responsablite ki bay nan yon fason diven e ki reprezante bi prensipal Legliz la.

  4. Gade Matye 22:36–40

  5. Gade nan Matthew Cowley Speaks: Discourses of Elder Matthew Cowley of the Quorum of the Twelve of The Church of Jesus Christ of Latter-day Saints (1954), xii.

  6. Dallin H. Oaks, “Ti Bagay Senp yo,” Liahona, Me 2018, 89.

  7. Gade nan Matye 11:30.