2010–2019
Pri---ak Benediksyon---yon lavi disip
Avril 2014


Pri---ak Benediksyon---yon lavi disip

Se pou nou solid. Viv levanjil la fidèlman menmsi moun bò kote nou pap viv li ditou.

Prezidan Monson, nou renmen ou. Ou mete tout kè ou ak sante ou nan tout apèl Senyè a ba ou, patikilyèman nan ofis sakre a w detni jodia. Legliz la tout antye remèsye w pou sèvis konstan ou ak egzanp devouman enfayib ou nan travay la.

Avèk admirasyon ak ankourajman pou chak moun ki pral gen kanpe fèm nan dènye jou sa yo, m vle di tout moun, espesyalman jèn yo nan Legliz la, si sa pako rive deja, ou pral twouve tèt ou nan sitiyasyon kote w pral oblije defann lafwa ou petèt menm sibi kèk atak pèsonèl, jis paske ou se manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo. Sitiyasyon sa yo pral mande kouraj ak koutwazi bò kote pa ou.

Paregzanp, gen yon sè misyonè ki te ekri m bagay sa a dènyèman: “Konpay mwen avèk mwen, nou te wè, sou yon plas piblik anba lavil la, yon mesye ki te chita sou yon ban ki t ap manje. Pandan nou t ap pwoche bò kote li, li te leve tèt li e l te plak misyonè a ki gen non nou an. Avèk yon move rega, li te leve kanpe epi l te leve men l pou frape mwen. M te koule atan, men li te krache manje l la sou mwen epi l te kòmanse joure nou byen fò ak mo orib anpil. Nou te deplase san nou pa di anyen. M t ap eseye retire kras manje yo sou figi mwen lè m te santi yon bout pòmdetè frape m nan dèyè tèt mwen. Pafwa li difisil pou yon moun misyonè, paske lè sa a, m te anvi retounen, rale mesye sa a, pou m di l ‘OU PRAL WÈ!’ Men, m pat fè sa.”

Mwen vle di misyonè devwe sa a: chè pitit mwen, ou enbleman antre nan sèk fi ak gason trè distenge, ki, jan pwofèt Jakòb te di nan Liv Mòmon an te “konsidere lanmò [Kris la], epi soufri kwa li a epi [pote] wont mond lan.”1

Anfèt, konsènan Jezi li menm, frè Jakòb la, Nefi, te ekri: “Epi, poutèt inikite lèzòm, yo pral jije l tankou yon bagay san valè; se poutèt sa, yo bat li, li pa di anyen; yo frape l, e li pa di anyen. Wi, yo krache sou li, li aksepte sa poutèt amou sansib li, ak reziztans li genyen pou byen pitit lèzòm.”2

Sou menm liy avèk eksperyans pèsonèl Sovè a, nan tout jenerasyon, pwofèt, apot, misyonè ak manm ki t ap eseye onore apèl Bondye pou elve fanmmi imen an al nan “yon fason ki pi ekselan yo te pase pa yon long istwa rejè e te peye yon pri doulourezman elve”3

Moun ki te ekri liv Ebre a nan Bib la te mande “Kisa m ta di nou ankò ... konsènan [yo]?”

“Moun sa yo ki … te fèmen bouch lyon yo,

“Ki te etenn gwo dife, ki te chape anba pwent epe, … ki te vanyan nan konba, ki te ka kreze lame etranje yo …

“Ki te [wè] moun pa yo ki te mouri leve [pandan] ke lòt te matirize, …

“Epi … ki te sibi mokri ak kout fwèt, … yo te mete yo nan chenn ak nan prizon:

“Yo te lapide yo, … siye yo fè moso, yo te tòtire yo, yo te mouri anba kout epe: … yo te mache pasipala, abiye avèk rad po mouton ak po kabrit; yo te pòv, aflije, [e] pèsekite.

“([Moun sa yo] mond lan pa t menm diy pou yo a:) … te ere nan dezè, ak nan mòn, ak nan twou wòch ak nan twou tè.”4

Zanj yo nan syèl la te siman kriye lè yo t ap ekri pri disip sa yo te oblije peye a nan yon mond ki souvan gen ostilite kont kòmandman Bondye yo. Sovè a li menm te kriye pou moun ki, pandan dè santèn ane, yo te rejte ak touye nan sèvis li yo. Epi kounyeya, se li menm menm yo t apral rejte ak touye.

Jezi te kriye: “Jerizalèm, Jerizalèm, ou menm ki touye pwofèt yo, ou menm k ap touye moun Bondye voye ba ou yo ak kout wòch, konbyen fwa m te vle rasanble pitit ou, tankou yon manman poul rasanble ti poul li yo anba zèl li, men, ou pa t vle!

“Se poutèt sa, kay ou yo rete san moun ladan yo.”5

E nan deklarasyon sa a, gen yon mesaj pou chak jènjan ak jènfi nan Legliz sa a. Ou gen dwa ap mande tèt ou si sa vo lapèn pou w kourajezman defann valè moral ou nan lekòl ou, oubyen pou w ale nan yon misyon kote moun pral meprize kwayans ou pi respekte yo, oubyen pou w lite kont pakèt bagay nan yon sosyete k ap pafwa ridikilize yon lavi devouman relijye. Wi, sa vo lapèn, paske san sa, kay nou yo ap rete “nan dezolasyon”---moun dezole, fanmi dezole, vwazinaj dezole, e peyi dezole.

Konsa, la a nou wè chay ki sou do moun ki aple pou pote mesaj Mesi a. Anplis anseye, ankouraje, ak soutni moun (ki se pati agreyab nan lavi disip la), tanzantan, menm mesaje sa yo aple pou yo enkyete, pou yo avèti moun, e pafwa menm kriye (sa se pati dezagretab nan lavi disip la). Yo konnen trè byen ke wout ki mennen nan tè pwomiz la “kote lèt ak siyo myèl koule”6 a oblije pase pa Mòn Sinayi a ki chaje avèk “bagay pou w fè” ak “bagay pou w pa fè.”7

Malerezman, mesaje ki pote kòmandman divnman mandate yo souvan pa popilè jodia jan sa te ye nan tan lontan an, jan omwen de sè misyonè yo te krache pòmdetè sou yo kapab temwaye. Rayi se yon mo ki lèd, epoutan, gen moun jodia ki ap di menmjan avèk Akab ki te kowonpi a: “Mwen rayi [pwofèt Miche]; paske li pa janm di anyen ki bon pou mwen men, li toujou wè malè pou mwen.”8 Kalite rayiman sa a pou yon onètete yon pwofèt la te lakoz Abinadi pèdi lavi li. Paske l te di Wa Nowe: “Paske m te di nou verite a, nou fache kont mwen. … Paske m te pale pawòl Bondye a, nou jije m tankou mwen fou”9 oubyen nou ka ajoute, nou di m se retade, diktatè, m gen patipri, m pa janti, m bòne, m pa alamòd, m se vye granmoun.

Jan Senyè a te lamante bay pwofèt Ezayi a:

“[Timoun] sa yo ... pa vle koute lwa Senyè a:

“[Yo] di vwayan yo: Pa wè; epi yo di pwofèt yo, pa pwofetize nou bagay ki verite, di nou bèl pawòl dous k ap fè nou plezi, kite nou ak sa nou kwè:

“Retire kò nou sou bon wout la, Ekate nou sou wout la, elwaye Sen Izrayèl la devan nou.”10

Malerezman, chè jèn zanmi m yo, sa tris ke karakteristik epòk nou an, se si pa aza moun yo ta vle bondye, yo vle bondye ki pa mande yo anpil, bondye ki konfòtab, bondye ki dou, ki non sèlman pap deranje yo men ki pa menm bouje, bondye ki ba nou yon ti tap sou zepòl, pou fè nou fè yon ti ri, epi apresa ki di nou pou n al keyi flè.11

Sa se reyèlman moun k ap kreye bondye nan pwòp imaj pa yo! Pafwa---e sa ki pi iwonik nan tout la---moun sa yo envoke non Jezi kòmsi l sete youn nan “bondye konfòtab” sa yo. Vrèman? Li menm ki di non sèlman pou nou pa kraze kòmandman yo, men pou nou pa menm panse dezobeyi yo a. E si nou menm panse pou kraze yo, nou deja kraze yo nan kè nou. Èske sa sonnen tankou yon doktrin “konfòtab”, ki fasil pou tande e ki popilè nan peyi ensousyans lan?”

E moun ki jis vle gade peche oubyen touche l a distans yo? Jezi te di klèman, si se grenn je w ki ta pou fè w tonbe nan peche, rache li. Si men dwat ou ki pou ta fè w peche, koupe li.12 “Mwen pa vin [pote] lapè, men, yon epe,”13 Li te avèti moun ki te panse sete sèlman pawòl li t ap pale yo. Se pa etonan ke, diskou apre diskou, kominote lokal yo te “priye l pou l te kite peyi yo a.”14 Se pa etonan ke, mirak apre mirak, yo te di di se pa t pouvwa Bondye li te genyen men se pouvwa dyab la.15 Sa klè ke pawòl ki di “Kisa Jezi t ap fè” a pap toujou jwenn yon repons popilè.

Nan somè ministè mòtèl li a, Jezi te di: “Se pou nou youn renmen lòt, jan mwen te renmen nou an you.”16 Pou l te sèten yo te konprann egzakteman ki kalite amou l tap pale a, li te di yo: “Si nou renmen mwen, se pou nou obeyi komandman m yo”17 e “moun … ki dezobeyi youn nan pi piti nan komandman m yo, e ki anseye lèzòm pou yo fè sa tou, moun sa a ap … pi piti nan wayom syèl la.”18 Amou kretyen se pi gwo bezwen nou genyen sou planèt sa a, anpati, paske jistis te toujou sanse akonpaye li. Konsa, si amou dwe slogan nou, jan l ta dwe ye, lè sa a, avèk pawòl Li menm ki se lanmou pèsonifye a, nou dwe abandone trasngresyon ak tout soupson pou ankouraje li kay lòt moun. Jezi te komprann klèman sa anpil moun nan kilti modèn nou an sanble yo bliye: Gen yon diferans enpòtan ant kòmandman pou padone peche a (ke l gen kapasite enfini pou l fè) ak avètisman kont tolere peche a (ke li pa t janm te fè, pa yon fwa).

Zanmi m yo, espesyalman jèn zanmi m yo, pran kouraj. Amou Kris la ki soti nan vrè fidelite a kapab chanje mond lan. Mwen temwaye ke levanjil vrè e vivan Jezikri a sou tè a e nou se manm vrè Legliz vivan l lan, k ap eseye pataje sa. Mwen rann temwayaj konsènan levanjil sa a ak legliz sa a, avèk yon temwayaj patikilye sou kle prètriz retabli yo ki delòk pouvwa ak efikasite òdonans sali yo. Mwen pi sèten toujou ke kle sa yo te retabli e òdonans sa yo disponib yon fwa ankò nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, pase jan m sèten m kanpe devan nou la a sou chè a e nou chita devan m nan nan konferans sa a.

Kenbe fèm. Viv levanjil la fidèlman menmsi lòt moun bòkote nou p ap viv li ditou. Defann kwayans nou avèk koutwazi ak konpasyon, men, defann yo. Yon long lis vwa enspire, enkli vwa nou pral tande yo nan konferans sa a, ak vwa Prezidan Thomas S. Monson nou fèk sot tande a, ap dirije nou sou chemen disip la. Se yon chemen etwat ak kwense, ki pa gen lajè, men nou ka vwayaje sou li avèk kontantman ak siksè, “avèk ... fèmte nan Kris la, … avèk yon esperans pafètman klè, e avèk yon lanmou pou Bondye ak pou tout moun.”19 Si nou mache kourajezman sou chemen sa a, n ap jwenn yon lafwa inebranlab, yon pwoteksyon kont move van yo, menm refij kont tanpèt la, e n ap jwenn fòs solid tankou wòch Redanmtè nou an, ki, si nou bati lavi disip devwe nou sou li, nou pa ka tonbe.20 Nan non sakre Jezikri, amèn.