Vini, Suiv Mwen 2024
5–11 Out: “Gran Plan Bonè a.” Alma 39-42


“5–11 Out: ‘Gran Plan Bonè a.’ Alma 39–42,” Vini, Suiv Mwen—Pou Fwaye ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2023)

“5–11 Out. Alma 39–42,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2024 (2023)

Imaj
Jezi k ap kite tonm lan

Li Resisite,pa Del Parson

5–11 Out: “Gran Plan Bonè a”

Alma 39-42

Lè yon moun nou renmen komèt yon fot grav, li ka difisil pou nou konn kijan pou nou reponn. Yon pati nan sa ki fè Alma 39–42 valab konsa sè ke li revele kijan Alma—yon disip Kris ki te gen pwòp peche grav pa l ke l te dwe repanti pou yo—te jere yon sitiyasyon konsa. Pitit gason Alma a, Koryanton, te komèt peche seksyèl epi Alma, jan l te aprann fè nan ministè l la, te fè pouvwa vrè doktrin nan konfyans pou l bay pitit gason l lan yon pèspektiv etènèl ak ankouraje repantans (gade nan Alma 4:19; 31:5). Nan chapit sa yo, nou obsève kouraj Alma pou l te kondane peche ak tandrès ak lanmou l pou Koryanton. Epi finalman, nou santi jan Alma te gen konfyans ke Sovè a “ap vin efase peche mond lan [epi] deklare pèp li a bon nouvèl sali.” (Alma 39:15). Lefèt ke Koryanton te repanti epi li te retounen finalman nan travay ministè a (gade nan Alma 49:30) ka ba nou espwa padon ak redanmsyon lè nou santi nou “twouble” konsènan pwòp peche pa nou oubyen peche yon moun ki chè pou nou (gade nan Alma 42:29).

Gade tou videyo “Alma Konseye Pitit gason Li yo,” Bibliyotèk Levanjil la.

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye ak nan Legliz la

Alma 39

Mwen ka evite peche seksyèl.

Konsèy Alma a bay pitit gason l lan Corianton nan Alma 39 la bay yon gwo opòtinite pou moun aprann konnen efè devastatè peche seksyèl, ansanm avèk pònografi. Petèt sa ki pi enpòtan toujou, li ka ede w konprann tou òf padon ak gerizon Sovè a pou moun ki repanti. Kesyon sa yo ak aktivite sa yo kapab ede:

  • Ki erè ki te mennen Koryanton nan vyole lwa chastete a? (gade nan Alma 39:2–4, 8–9). Ki konsekans aksyon l yo te genyen? (gade nan vèsè 5–13). Ki prèv nou genyen ke Koryanton te repanti? (gade nan Alma 42:31; 49:30; 48:18). Kisa nou aprann osijè Sovè a apati eksperyans sa a?

  • Li paj 19–20 nan Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa. Apre sa ekri pwòp eksplikasyon pa w sou sa pònografi ye, poukisa li danjere, ak sa w ap fè lè w rankontre l. (Gade tou nan Matye 5:27–28 ak Doktrin ak Alyans 63:16.)

  • Kijan w tap eksplike yon zanmi w poukisa w chwazi pou evite pònografi epi pou w viv lwa chastete a? Ki ide ou ta kapab pataje apati “Kò Ou Sakre” nan Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa (paj 22–29)?

  • Anivzaje gade videyo “Gade Sou” (Bibliyotèk Levanjil la). Mete videyo a sou poz chak fwa David te kapab fè yon chwa diferan. Ki resanblans ki genyen ant chwa David yo e chwa ou ta kapab rankontre yo?

Pran yo ti poz pou w medite. Lè w ap gade yon videyo, ke w ap anseye oswa w ap etidye pou kont ou, mete videyo a sou poz detanzantan pou w mande, “Kisa m ap aprann?” Sa ka envite enspirasyon Sentespri a.

Gade tou Bradley R. Wilcox, “Diyite Se Pa San Defo,” Lyawona, Nov. 2021, 61–67; “Pònografi” nan koleksyon “Ed pou Lavi” nan Bibliyotèk Levanjil la.

Alma 40–41

Kisa ki ap pase apre lanmò m?

Koryanton te gen kèk kesyon sou sa k ap pase apre lanmò. Enkyetid li yo te fè Alma anseye bann prensip ke nou jwenn nan Alma 40–41 yo. Pandan w ap etidye a, fè yon lis verite ou jwenn sou bagay tankou mond espri yo, rezirèksyon ak jijman. Anvizaje li chapit sa yo apati pèspektiv yon moun ki bezwen repanti menm jan avèk Koryanton—an reyalite, sa vrè pou nou tout.

Alma 40

M ka chèche repons kesyon m yo avèk lafwa nan Jezikri.

Pafwa nou ta kapab panse ke pwofèt yo konnen repons tout kesyon sou levanjil la. Men remake kesyon ki pa jwenn repons Alma te genyen nan chapit 40. Kisa l te fè pou l te ka jwenn repons? Kisa l te fè lè l pa genyen repons? Kijan egzanp Alma ka ede w?

Imaj
yon fi k ap priye

Lapriyè se youn nan fason nou ka jwenn repons pou kesyon levanjil la.

Alma 42

Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a rann redanmsyon posib.

Koryanton te kwè ke pinisyon pou peche yo pa jis (gade Alma 42:1). Nan Alma 42, kijan Alma te adrese enkyetid li? Ou ta kapab òganize pasaj ki nan chapit sa a an de gwoup: “Bondye jis” ak “Bondye gen mizèrikòd.” Kijan Ekspyasyon Sovè a fè ni jistis ni mizèrikòd posib? Chèche jwenn lòt ide nan videyo “Medyatè a” (Bibliyotèk Levanjil la).

Gade tou: “Oh, quel amour,” Cantiques, 195.

Pou plis ide, gade nimewo mwa sa a nan magazin Lyawona ak Pou Fòs Jèn yo.

Ide pou Anseye Timoun

Alma 39:1, 10-11

Bon egzanp mwen ka mennen lòt moun jwenn Kris.

  • Konsèy Alma te bay Koryanton an ka ede timoun yo konprann jan li enpòtan pou yo rete yon bon egzanp. Anvizaje li ansanm Alma 39:1. Kijan Chiblon, frè Koryanton an, te yon bon egzanp? Mande timoun yo pou yo chèche lòt repons pou kesyon sa a nan Alma 38:2–4.

  • Ou ta kapab jwe tou yon jwèt kote oumenm ak timoun ou yo pran tan pou youn suiv lòt, pou youn imite lòt lè tou pa yo rive. Sèvi avèk jwèt sa a pou montre kijan aksyon nou yo ka ede lòt moun fè bon chwa. Chante ansanm “Vois l’étoile au Ciel” (Chants pour les Enfants, 84), epi ede timoun ou yo panse a jan yo kapab yon bon egzanp.

  • Avèk yon flach oubyen yon foto solèy la, ou ta kapab konpare limyè av&k pouvwa yon bon egzanp. Oumenm ak timoun ou yo ta kapab gade foto Jezi ki ap fè bon bagay epi pale de egzanp li trase pou nou an. Videyo “Klere Limyè W Pou Lòt moun Ka Wè” ak “Leson Mwen te Aprann Lè M Jèn Tigason” ka ede timoun ou yo diskite sou kijan egzanp yo ka mennen moun bay Kris la.

Alma 39:9–13

Akozde Jezikri, mwen ka repanti lè m fè erè.

  • San w pa antre nan detay konsènan nati peche l yo, eksplike ke Koryanton te fè yon move chwa. Kisa nou ta kapab di pou ede l? Anvizaje li Alma 39:9 pou timoun ou yo, epi ede yo konprann sa repanti ak abandone vle di. Temwaye ke repantans posib atravè Jezikri ak Ekspyasyon L lan.

  • Men yon leson pratik pou ilistre jwa repantans: Bay yon timoun kenbe yon bagay lou kenbe pandan w ap rakonte yon istwa konsènan yon moun ki te fè yon bagay mal epi ki te santi l mal. Di timoun yo ke bagay lou a se tankou move santiman nou ka genyen lè nou fè yon erè. Pran bagay lou a nan men timoun nan pandan w ap temwaye ke Pè Selès la ak Jezikri ka retire santiman lou, negatif yo epi ede nou vin pi bon lè nou repanti.

Alma 40:6–7, 11–14, 21–23

Apre lanmò nou, espri nou al nan mond espri yo pou jis lè Rezirèksyon ak Jijman an.

  • Se tou nòmal pou nou mande kisa k rive nou apre lanmò nou. Kisa w ka fè pou ede timoun ou yo jwenn repons enspire? Ou ta kapab ekri lanmò, mond espri yo (paradi ak prizon lespri), rezirèksyon, ak jijman sou moso papye separe. Ede timoun yo konprann kisa mo sa yo vle di. Pandan n ap li ansanm Alma 40:6–7, 11–14, 21–23, timoun ou yo ta kapab mete pawòl yo nan lòd yo rive nan vèsè sa yo.

  • Timoun ki pi gran yo ka benefisye lè yo jwenn repons pou kesyon yo lè pandan y ap chèche nan Alma 40:6–7, 11–14, 21–23. Anvizaje poze timoun ou yo kesyon ki ka jwenn repons yo nan vèsè sa yo, tankou “Kijan kò m ap ye lè m resisite?” Envite yo pou chèche repons nan vèsè ki apwopriye yo.

    Imaj
    Mari ak Jezi

    Mari ak Senyè Resisite a, tablo Harry Anderson

  • Èske tmoun ou yo konnen yon moun ki te mouri? Petèt ou ta kapab pale briyèvman de moun sa a. Rann temwayaj ou ke yon jou moun sa a—ak tout lòt moun—ap resisite akozde Jezikri. Si nesesè, itilize paj aktivite semèn sa a pou eksplike kisa resisite vle di.

Pou plis ide, gadenimewo mwa sa a nan magazin Zanmi an.

Imaj
Alma ak Koryanton

This My Son (Sa se Pitit Gason M), pa Elspeth Caitlin Young