Vini, Suiv Mwen 2024
19–25 Out : “Prezève pa Pouvwa Mèveye Li.” Alma 53–63


19–25 Out : ‘Prezève pa Pouvwa Mèveye Li.‘ Alma 53–63,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2023)

“19–25 Out. Alma 53–63,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2023)

Imaj
De mil jèn gèrye

De Mil Jèn Gèrye, pa Arnold Friberg

19–25 Out : “Prezève pa Pouvwa Mèveye Li.”

Alma 53-63

Lè w konpare l avèk lame Lamanit yo, “ti lame” (Alma 56:33) jèn gason Elaman yo pa tap gen okenn chans. Non sèlman yo pa t anpil, men tou sòlda Elaman yo “te … jèn anpil,” epi “yo pa t janm goumen” (Alma 56:46–47). Nan yon sèten sans, sitiyasyon yo ka parèt familye pou kèk nan nou ki pafwa konn santi nou an minorite ak depase nan batay dènye jou a kont Satan ak fòs mal yo ki nan mond lan.

Men, lame Elaman an te gen kèk avantaj sou Lamanit yo ki pa gen anyen pou wè avèk kantite moun ni talan militè. Yo te chwazi Elaman, yon pwofèt, pou dirije yo (gade nan Alma 53:19); manman yo te anseye yo ke, si yo pa t doute, Bondye tap delivre yo” (Alma 56:47); epi yo te gen yon “lafwa inebranlab nan sa yo te anseye yo a.” Kòm rezilta, yo te pwoteje pa “pouvwa mirakile Bondye” (Alma 57:26). Konsa, lè n ap fè fas ak batay ki gen nan lavi a, nou kapab pran kouraj. Lame Elaman an anseye nou ke “gen yon Bondye jis, epi nenpòt moun ki [pa] doute, [ap] prezève pa pouvwa mèveye li” (Alma 57:26).

Lide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Alma 53:10–22; 56:43–49, 55–56; 57:20–27; 58:39–40

Lè m gen lafwa nan Bondye, sa ede simont laperèz.

Si se pa t pou lafwa yo, jèn sòlda Helaman yo t ap gen bonjan rezon pou yo santi yo pè. Men, akoz lafwa yo, yo te menm gen plis rezon pou yo rete kouraje. Pandan w ap li konsènan yo nan Alma 53–58, chèche bagay ki ede w fè fas ak laperèz ou yo avèk lafwa nan Kris la. Panse pou w konsantre sou vèsè sa yo: Alma 53:10–22; 56:43–49, 55–56; 57:20–27; ak 58:39–40. Tablo sa a ka ede w ekri sa w jwenn.

Karakteristik jèn sòlda Elaman yo:

Rezon posib ki fè lafwa yo nan Kris la te si solid konsa:

Kisa yo te fè pou yo te egzèse lafwa nan Kris la:

Kijan Bondye te beni yo:

Pou nou genyen batay espirityèl nou yo, nou bezwen pouvwa Jezikri tou. Kijan w ka aksede pouvwa Li? Chèche repons nan mesaj Prezidan Russell M. Nelson nan “Atire pouvwa Jezikri a nan lavi nou” (Lyawona, Me 2017, 39–42). Ou ka konpare konsèy li yo avèk bagay sòlda Elaman yo te fè yo.

Apre w fin etidye bagay sa yo, reflechi sou pwòp batay espirityèl pa ou. Ekri sa w santi w enspire pou w fè pou w egzèse lafwa nan Jezikri?

Gade tou Neil L. Andersen, “Blese,” Liahona, Nov. 2018, 83–86; “Vas-tu faiblir, ô Jeunesse,” Cantiques, no. 164; “Atire pouvwa Bondye nan lavi nou” (videyo), Bibliyotèk Levanjil; Sijè Levanjil yo, “Lafwa nan Jezikri,” Bibliyotèk Levanjil la.

Imaj
jèn sòlda yo avèk manman yo

Yo Pa t Doute, pa Joseph Brickey

Alma 58:1–12, 31–3761

Disip Jezikri yo pa fasil pou ofanse.

Elaman ak Paworan te gen bon rezon pou yo te ofanse. Elaman pa t resevwa sipò pou lame l yo, epi Mowoni te akize Paoran san rezon ke l te retire sipò sa a (gade nan Alma 58:4–9, 31–32; 60). Kisa ki enpresyone w nan reyaksyon moun sa yo nan Alma 58:1–12, 31–37 ak Alma 61? Poukisa ou santi yo te reyaji fason sa a?

Èldè David A. Bednar te demontre Paworan kòm egzanp dousè epi li te anseye ke “N ap jwenn egzanp dousè ki pi majestik ak siyifikatif yo nan lavi Sovè a Limenm” (“Dou ak Enb nan Kè,” Liahona, Me 2018, 32). Reflechi sou fason Sovè a te montre dousè. Gade, pa egzanp, Matye 27:11–26; Lik 22:41–42; Jan 13:4–17. Kijan w ka suiv egzanp Li?

Alma 60:7–14

Mwen gen yon responsablite pou m edifye moun ki bò kote mwen.

Mowoni te ekri ke Bondye t ap rann Paworan responsab si l te volontèman neglije bezwen lame Nefit yo. Kisa ou aprann nan Alma 60:7–14 konsènan pran swen moun ki nan bezwen? Kisa nou ka fè pou nou ka pi konsyan de bezwen lòt moun epi ede yo?

Alma 62:39–51

Si mwen enb, afliksyon lavi yo kapab tounen kè m vè Bondye.

Mete yon ze ak yon pòmdetè nan dlo k ap bouyi pou ede w panse a kijan ou ka chwazi swa “adousi” oswa “andisi” pa eprèv ou yo. Pandan ze a ak pòmdetè a ap kuit, etidye Alma 62:39–51, epi remake kijan pèp la te reyaji sou ministè Elaman nan apre lagè long ak Lamanit yo. Apresa, ou ka konpare sa avèk fason yo te reyaji a mesaj li a 13 ane anvan sa (gade Alma 45:20–24). Ki efè diferan Nefit yo te fè pa menm afliksyon yo? Lè ze ak pòmdetè yo fin kuit, kase ze a epi koupe pòmdetè a. Ki efè diferan dlo bouyi a te genyen sou yo? Kisa w aprann sou fason nou ka chwazi reyaji devan afliksyon? Kijan w ka vire vin jwenn Bondye pandan afliksyon w yo?

Apiye sou eksperyans nan fwaye a. Si w ap anseye yon klas nan Legliz la, mande manm klas yo pou pataje sa yo te aprann lakay yo. Pa egzanp, chèche konnen ki sa yo te aprann sou afliksyon ak imilite nan bouyi ze ak pòmdetè yo.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a pou Liahona a ak revi Pou fòs jèn yo .

Ide pou Anseye Timoun yo

Alma 53:20–21; 56:47–48

Mwen ka fidèl anvè Bondye menm jan avèk jèn sòlda Elaman yo.

  • Ou kapab itilize anpil resous pou pataje istwa sòlda Elaman yo, enkli foto yo nan deklarasyon sa a ak “Chapit 34: Elaman ak 2,000 Jèn Gèrye” (Istwa Liv Mòmon yo, 93–94). Paj aktivite semèn sa a ka ede pitit ou yo panse a fason yo kapab menmjan avèk lame Elaman an. Konsidere pataje kèk nan kalite jèn sòlda yo ki nan Alma 53:20–21 an pou fè yo kòmanse. Nou ka chante ansanm “Proclamons la vérité” (Chants pour les enfants, 92–93).

Alma 56:45–48; 57:21.

Mwen kapab fidèl a sa paran m anseye nan lajistis.

  • Jèn sòlda Elaman yo te gade lafwa manman yo lè yo te fè fas ak yon gwo defi. Petèt ou ka li Alma 56:46–48 avèk timoun ou yo epi envite yo pou yo koute kisa manman jèn gason sa yo te anseye yo sou lafwa. Ou kapab mande yo kisa yo te aprann nan men paran yo—oswa lòt granmoun fidèl—sou Sovè a. Poukisa li enpòtan pou nou obeyi “egzakteman? (Alma 57:21).

  • Kijan—menmjan avèk manman brav sòlda yo—ou ka asire w ke pitit ou yo konnen lafwa ou nan Bondye? Youn fason se pataje fason lafwa w afekte lavi w. Pou egzanp, kijan Li te “delivre” ou lè w “pa t doute”?

Imaj
yon manman ki ap anseye pitit gason l

Semans lafwa, pa Jay Ward

Alma 53: 8–18

M ka respekte alyans mwen fè avèk Pè Selès la.

  • Pitit ou yo ka anmezi pou yo pale de yon lè kote yon moun te fè epi kenbe yon pwomès avèk yo. Kijan yo te santi yo lè pwomès la te kenbe? Ou ka li Alma 53:10–18 epi envite pitit ou yo pou yo chèche fason Elaman, pèp Amon an, ak pitit gason Amon yo te fè epi kenbe pwomès yo, oswa alyans yo. Ou ka pataje kijan Pè Selès beni w lè w respekte alyans ou yo.

Alma 61:3–14

Mwen ka chwazi pou m pa fache.

Pansse envite timoun yo pou yo panse a yon lè kote yo te akize yo ke yo te fè yon bagay yo pa t fè. Rakonte yo kijan sa te rive Paworan (gade Alma 60–61; gade tou “Chapit 35: Kapitèn Mowoni ak Pahoran,” Istwa Liv Mòmon yo, 95–97). Pou nou aprann kijan Paworan te reyaji, se pou chak timoun pran tou pa yo pou yo li vèsè nan Alma 61:3–14yo. Kisa Pahoran te fè lè Mowoni te akize li? (gade Alma 61:2–3, 8–9). Kisa nou aprann konsènan padon nan egzanp Sovè a? (gade nan Lik 23:34).

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Zanmi an.

Imaj
De mil jèn gèrye

Se vre, Mesye, Tout Moun Prezan epi yo Rann Kont, pa Clark Kelley Price.