Vini, Suiv Mwen 2024
29 Jiyè–4 Out: “Gade Bondye epi Viv.” Alma 36—38


“29 Jiyè–4 Out: ‘Gade Bondye epi Viv.‘ Alma 36–38,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2023)

29 Jiyè–4 Out. Alma 36–38,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2023)

Imaj
Yon fi ki ap priye

Fi, pa Jen Tolman, moun pa gen dwa kopye l

29 Jiyè–4Out: “Gade Bondye epi Viv”

Alma 36—38

Lè Alma te wè mechanste ki te antoure l, li te santi gwo “lapenn,” “tribilasyon,” ak “angwas nan nanm ni” (Alma 36:25). Li te di konsènan Zoramit yo: “Mechanste pami pèp sa a” “fè nanm mwen lapenn” (Alma 31:30). Li te santi yon bagay konsa tou apre l te fin retounen sot nan misyon l bò kote Zoramit yo—li te obsève ke “kè pèp la te kòmanse vin di, epi yo te kòmanse ofanse poutèt pawòl la te dirèk,” epi sa te fè “kè l te plen avèk chagren” (Alma 35:15). Kòman Alma te reyaji devan sa l te wè ak sa l te santi yo? Li pa t senpleman tonbe nan dekourajman ni vin sinik devan eta mond lan. Olyedesa, “li te fè pitit li yo rasanble ansanm” epi l te anseye yo “responsablite pa yo, nan afè lajistis” (Alma 35:16). Li te anseye yo ke “pa gen okenn lòt chemen oubyen mwayen ki kapab sove lèzòm, sèlman nan Kris la. … Gade, li se pawòl verite ak lajistis” (Alma 38:9).

Ide pou Anseye nan Fwaye a ak nan Legliz la

Alma 36; 38:5–6

Mwen ka fèt nan Bondye.

Kèk nan nou ap fè eksperyans ki dramatik menm jan avèk konvèsyon Alma a. Men tout moun dwe “fèt nan Bondye,” menmsi sa fèt dousman (Alma 36:2338:6). Pandan w ap li Alma 36, reflechi sou kisa fèt nan Bondye vle di. Paregzanp, nan pwosesis pou vin fèt nan Bondye a, kijan ou santi w konsènan peche? konsènan Jezikri? Kijan fèt nan Bondye afekte sa w fè an repons a pwòp erè pa w? Ki lòt chanjman ki fèt nan kwayans ou ak aksyon w yo? Medite sou kijan w ap eksperimante chanjman sa yo.

Gade tou nan Mozya 5:7; 27:25–26; Alma 5:14; 22:15; Elaman 3:35; “Alma Ki Pi Jèn nan Konvèti nan Senyè a” (videyo), Bibliyotèk Levanjil.

Alma 36:12–24; 38:8–9

Jezikri ranplase lapenn avèk lajwa.

Pafwa moun pè repanti, paske yo wè repantans lan kòm yon pinisyon douloure pou peche. Kisa ou panse Alma t ap di sou sa? Pou w konnen, ou ka diferansye ant jan lavi Alma te ye anvan l te repanti (gade Alma 36:6–17) avèk jan li te dekri tèt li apre l te fin repanti (gade vèsè 18–27). Dapre Alma 36:17–18, kjan Alma te resevwa padon sa a?

Gade tou nan Matthew S. Holland, “Don Mayifik Pitit Gason an,” Lyawona, Nov. 2020, 45–47.

Alma 37

Ekriti yo te prezève “pou yon rezon ki saj.”

Panse sou mirak ak benediksyon sa a pou nou jwenn ekriti yo jodi a! Pandan w ap li Alma 37, chèche benediksyon ki soti nan gen ekriti yo (gade, pa egzanp, vèsè 7–10, 18–19, 44–45).

Nan Alma 37:38–47, Alma te konpare “pawòl Kris la” avèk Lyawona a. Pandan w ap medite sou konparezon sa a, reflechi sou fason ou te fè eksperyans mirak ak pouvwa ansèyman Kris yo “jou apre jou” (Alma 37:40).

Gade tou D. Todd Christofferson, “Benediksyon Ekriti yo,” Liahona, Me 2010, 32–35; “Pour sonder tes écritures,” Cantiqudes, no. 163; “Alma temwaye de Pitit gason l Elaman” (videyo), Bibliyotèk Levanjil la.

Imaj
yon fi ki ap li ekriti yo

Ekriti yo anseye nou kijan pou nou suiv Bondye.

Alma 37:1–14

“Avèk ti bagay senp, gwo bagay fèt.”

Pafwa nou gen dwa gen enpresyon ke pwoblèm nou sitèlman gwo ak konplike ke solisyon yo dwe gwo ak konplike tou. Men, sa pa toujou fason Senyè a. Pandan w ap li Alma 37:1–14, reflechi sou sa ki enpresyone ou sou fason Li fè travay Li. Lè sa a, ou ka medite epi ekri fason ou te wè prensip sa a nan lavi ou.

Si w ta pral anseye yon moun prensip sa a, ki egzanp lanati oswa nan lavi ou chak jou ou ta itilize pou ilistre li? Ou ka jwenn kèk nan mesaj Prezidan Dallin H. Oaks la “Ti Bagay Senp Yo,” (Liahona), Me 2018, 89–92).

Ki kèk ti bagay piti ak senp ki mennen nou pi pre Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri?

Souvan, chwa “piti ak senp” yo fè gwo diferans nan lavi nou. Konsidere chwazi yon sijè ki soti nan Pou fòs jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa epi poze tèt ou kesyon tankou sa yo: Kijan chwa m yo konsènan sa afekte m ak moun ki bò kote m yo? Ki ti chanjman piti ak senp mwen ka fè ki pral mennen nan pi gwo lapè ak kè kontan?

Gade tou Michael A. Dunn, “Yon pousan pi bon,” Liahona, Nov. 2021, 106–8; Sijè Levanjil yo “Ajans,” Bibliyotèk Levanjil la.

Itilize ti bagay senp yo Tankou anpil lòt bagay nan lavi, ansèyman ak aprantisaj levanjil la ka fèt atravè ti mwayen senp yo. Pa egzanp, kijan w ka itilize yon tikras sèl oswa angrè pou anseye pouvwa ti bagay ki piti ak bagay ki senp yo? (gade Matye 5:13; 13:33).

Alma 37:35–37

“Konsilte Senyè a.”

Nan Alma 37:35–37, chèche envitasyon Alma bay pitit gason l Elaman yo. Sou kiyès nan envitasyon sa yo ou santi w pouse pou w aji? Pa egzanp, ou ka reflechi sou sa sa vle di pou “konsilte avèk Senyè a” (vèsè 37). Kijan w te eseye fè sa? Kijan li te dirije ou pou bon?

Alma 38

Pataje temwayaj mwen konsènan Jezikri ka fòtifye moun mwen renmen yo.

Pawòl Alma te di pitit gason l Chiblon yo bay yon bon egzanp sou fason pou nou fòtifye ak ankouraje moun nou renmen yo nan viv levanjil la. Etidye Alma 38 ka ba ou kèk ide pou ede manm fanmi ak zanmi w yo jwenn fòs nan Jezikri. Ekri sa w jwenn.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a pou Liahona a ak Pou Jòs Jèn yo.

Ide pou Anseye Timoun yo

Alma 36: 6–24

Repantans ban mwen lajwa nan Jezikri.

  • Pou w ede pitit ou yo konprann ke repantans pote lajwa, ou ka bayo yon moso papye avèk yon figi kè kontan sou yon bò ak yon figi tris sou lòt la. Mande yo pou koute pandan w ap li oswa rezime Alma 36:13, 17–20 epi kenbe youn nan figi yo pou montre kijan Alma te santi l. Lòt timoun ki pi gran ka ekri mo oswa fraz ki dekri kijan li te santi. Kisa k te fè Alma tris, e kisa k te pote lajwa pou li? Apresa ou ka pale yo de lajwa ou santi lè w repanti.

Alma 37: 6–7

“Avèk ti bagay senp, gwo bagay fèt.”

  • Pitit ou yo ka renmen jwenn ti bagay ki fè gwo bagay yo rive. Atik tankou yon batri, kle machin, oswa menm yon jwèt ki konsole yo ta ka egzanp. Lè sa a, nou ka li Alma 37:6–7 ansanm epi reflechi sou kèk ti bagay ki senp Ke Bondye vle nou fè. Ki gwo bagay ki ka rive gras ak ti kòmandman piti oswa senp sa yo?

  • Pitit ou yo ka eseye yon bagay konsa tou: kòmanse ranpli yon gode ak dlo, yon gout alafwa. Ki rapò sa genyen avèk Alma 37:6–7? Lè sa a, ou ka pale sou kijan “ti bagay senp,” tankou li ekriti yo chak jou, se tankou gout dlo nan yon vè.

  • Ede pitit ou yo panse ak fason yo pote gwo bagay lakay yo, nan lekòl ou oswa legliz. Chante “‘Give,’ Said the Little Stream” (Children’s Songbook, 236) ilistre prensip sa a tou.

Alma 37:38–47

Ekriti yo ka ede nou chak jou.

  • Ki jan w ka ede pitit ou devlope lanmou pou pawòl Bondye a menm jan Alma te fè pou Elaman? Panse montre yo yon foto Lyawona (tankou Liv Ilistrasyon Levanjil la, nimewo 68) oubyen envite timoun yo pou yo desine youn pandan y ap rakonte kisa yo konnen konsènan li (gade nan Alma 37:38–47; 1 Nefi 16:10, 28–29). Kouman ekriti yo tankou Lyawona?

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a pou revi Zanmi an.

Imaj
yon zanj parèt devan Alma ak pitit gason Mozya yo

Yon Zanj Parèt Devan Alma ak Pitit Gason Mozya yo, pa Clark Kelley Price