Konferans Jeneral
Diyite Pa Vledi Nou Pafè
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Diyite Pa Vledi Nou Pafè

Lè nou santi ke nou echwe twòp fwa pou nou ta kontinye eseye, sonje ke Sakrifis Ekspyatwa Kris la ak gras li rann posib la reyèl.

Yon lè, m te voye itilize fonksyon mesajri vokal nan telefòn mwen an pou m te voye yon mesaj bay pitit fi m nan ak bofis mwen an. M te di, “Alo, nou toulède. Mwen renmen nou.” Men sa yo te resevwa: “M rayi nou toulède. Mwen ta dwe renmen nou.” Èske sa pa etonan pou wè kijan l fasil pou yon moun mal konprann yon mesaj pozitif ki byen entansyone? Se sa k rive pafwa avèk mesaj Bondye voye pou repantans ak diyite yo.

Gen kèk moun ki resevwa mesaj pa erè ki di ke repantans ak chanjman pa nesesè. Mesaj Bondye sèke yo esansyèl.1 Men, èske Bondye pa renmen nou malgre enpèfeksyon nou yo? Natirèlman! Li renmen nou pafètman. M renmen pitit pitit mwen yo, avèk tout enpèfeksyon yo, men, sa pa vle di ke m pa vle yo amelyore pou yo vin tout sa yo kapab devni. Bondye renmen nou jan nou ye a, men, Li renmen nou twòp tou pou L ta kite nou jan nou ye a.2 Mòtalite a se pou nou grandi nan Senyè a.3 Ekspyasyon Kris la se pou chanjman. Non sèlman Kris la kapab resisite, netwaye, konsole, ak geri nou, men atravè tout bagay sa yo, Li ka transfòme nou pou nou vin pi plis tankou L tou.4

Gen kèk moun ki resevwa mesaj pa erè ki di ke repantans se yon evènman yon sèl fwa. Mesaj Bondye sèke, jan Prezidan Russell M. Nelson te ansenye a, ”Repantans … se yon pwosesis.“5 Repantans ka mande tan ak efò san rete,6 konsa, abandone peche7 epi pa gen “okenn dispozisyon pou nou fè mal ankò, men pou nou kontinye fè byen nèt alkole”8 a se rechèch tout yon lavi.9

Lavi a se tankou yon vwayaj ki long anpil. Nou pa ka rive nan destinasyon nou an avèk yon sèl tank gaz. Nou dwe mete gaz ankò epi ankò. Lè nou pran sentsèn se tankou nou ale nan yon stasyon ponp gazolin. Lè nou repanti epi nou renouvle alyans nou yo, nou afime volonte nou pou nou respekte kòmandman yo, epi Bondye ak Kris la ap beni nou avèk Sentespri a.10 An rezime, nou pwomèt pou nou kontinye vwayaj nou an, epi Bondye ak Jezikri pwomèt pou yo ranpli tank lan.

Gen kèk moun ki panse pa erè ke yo pa diy pou yo patisipe nan levanjil la konplètman paske yo pako abandone move mès yo genyen konplètman. Mesaj Bondye sèke diyite se pa pèfeksyon.11 Diyite se lè nou onèt e n ap eseye. Nou dwe onèt avèk Bondye, avèk dirijan prètriz yo, ak lòt moun ki renmen nou,12 e nou dwe eseye respekte kòmandman Bondye yo e pa janm abandone jis paske nou tonbe.13 Elder Bruce C. Hafen te di sa “mande pasyans ak pèsistans plis ke sa mande pèfeksyon“ pou nou devlope yon karaktè kretyen.14 Senyè a te di ke don Lespri yo “la pou moun ki renmen M e ki respekte tout kòmandman M yo, ak moun ki chèche fè sa.”15

Yon jènjan m ap rele Damon te ekri, “Lè m t ap grandi m te lite anba pònografi. M te toujou santi m tèlman wont paske m pa t ka fè sa ki byen.” Chak fwa Damon te tonbe, lapèn regrè l yo te tèlman gran ke l te jije tèt li pa diy pou l te resevwa okenn gras, padon, oubyen lòt chans nan men Bondye. Li te di, “M te deside ke m jis merite santi m tèrib tout tan. M te detèmine ke Bondye rayi m pwobableman paske m pa t gen volonte pou m te travay pi di epi pou m te simonte bagay sa a yon fwa pou tout. Gendefwa m konn fè yon semèn e pafwa menm yon mwa, men apresa m tonbe epi m panse, ‘M pa p janm bon ase, donk kisa sa itil pou m menm eseye?‘“

Nan youn nan moman akableman sa yo, Damon te di dirijan prètriz li, “Petèt mwen dwe annik sispann vin legliz. M bouke fè ipokrizi.”

Dirijan l lan te reponn, “Ou pa ipokrit si w gen yon move abitid ke w ap eseye korije. Ou se yon ipokrit si w kache l, si w bay manti sou li, oubyen ou eseye konvenk tèt ou ke Legliz la gen yon pwoblèm paske l vle w kenbe dè prensip ki wo konsa. Lè w onèt apwopo aksyon ou epi w pran etap pou w avanse, sa pa ipokrizi. Sa vle di ou se yon disip.”16 Dirijan sa a te site Elder Richard G. Scott, ki te anseye, “Senyè a wè feblès diferamman de rebelyon. … Lè Senyè a ap pale de feblès, se toujou avèk mizèrikòd.“17

Pèspektif sa a te bay Damon espwa. Li te reyalize ke Bondye pa ap di, “Damon tonbe ankò.” Men, olyesa, li pwobableman ap di, “Gade ki pwogrè Damon ap fè.” Jènjan sa a te finalman sispann bese je l avèk wont oubyen chèche ekskiz ak jistifikasyon. Li te gade anlè pou èd diven epi l te jwenn li.18

Damon te di, “Sèl lè m te konn vin kote Bondye nan lepase sete pou mande padon, men kounyea m mande L pou gras tou— ‘pouvwa pou ede m nan’ [Diksyonè Bib la, “Gras”]. M pa t janm te konn fè sa anvan. Kounyea, mwen pase mwens tan ap rayi tèt mwen pou sa m fè e plis tan ap renmen Jezi pou sa L fè.”

Sa te fè si lontan ke Damon t ap lite, epi sa t ap initil e pa t reyalis pou paran ak dirijan ki t ap ede l yo te di “jamè ankò” twò rapid oubyen pou yo te fikse yon règ abstinans abitrè pou te konsidere l “diy.” Men, olyesa, yo te kòmanse avèk ti objektif piti ke l te ka atenn. Yo te debarase yo de apwòch ki di se sa nèt oubyen se pa sa a, epi yo te konsantre sou devlopman ki ka fèt tikal pa tikal, sa ki te pèmèt Damon bati yon seri siksè olye de yon seri echèk.19 Limenm, tankou pèp Limi an ki te nan esklavaj la, te aprann ke l te ka “pwospere pazapa.”20

Elder D. Todd Christofferson te konseye: “Pou nou trete yon gwo bagay, nou ka bezwen travay sou li nan fason ki piti, yon ti bouche chak jou. … Pou nou entegre nouvo abitid ki bon nan karaktè nou oubyen nou simonte move abitid oswa adiksyon, lepli souvan sa mande yon efò jodia avèk yon lòt demen ki suiv li ak yon lòt ankò, petèt pou plizyè jou, menm mwa ak ane. … Men nou ka fè sa paske nou ka mande Bondye … èd nou bezwen chak jou a.”21

Kounyea frè m ak sè m yo, pandemik KOVID-19 la pa t fasil pou okenn moun, men izolman ki asosye avèk retriksyon konfinman yo rann lavi difisil espesyalman pou moun k ap lite kont move abitid yo. Sonje ke chanjman posib, repantans se yon pwosesis, epi diyite pa pèfeksyon. Sa k pi enpòtan an, sonje ke Bondye ak Jezikri vle ede nou kounyea kote nou ye a.22

Gen moun kèk ki fè erè panse ke Bondye ap tann pou L ede apre nou fin repanti. Mesaj Bondye sèke L ap ede nou pandan n ap repanti. Gras li disponib pou nou “kèlkeswa kote nou ye nan wout obeyisans lan.”24 Elder Dieter F. Uchtdor te di: “Bondye pa bezwen moun ki san tach. Li chèche moun ki ap ofri ‘kè yo ak yon panse ki gen bon volonte’ [Doktrin ak Alyans 64:34], epi L ap fè yo vin ‘pafè nan Kris la’ [Mowoni 10:32–33].”24

Gen anpil moun ki si blese akoz relasyon familyal ki kraze oubyen ki gen tansyon ke l difisil pou yo kwè nan konpasyon ak mizerikòd Bondye. Li difisil pou yo wè Bondye jan L ye a—yon Papa eman ki reponn bezwen nou25 epi ki konn kijan pou L bay “moun ki mande L yo bon bagay.”26 Gras li se pa sèlman yon rekonpans pou moun ki diy. Se “asistans diven” Li bay, ki ap ede nou vin diy. Se pa jis yon rekonpans pou moun ki jis. Se “dotasyon fòs” Li bay, ki ap ede nou vin jis.27 Nou pa p jis mache al jwenn Bondye ak Kris la. N ap mache avèk Yo.28

Nan tout Legliz la, jèn yo resite Tèm Jènfi ak Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Soti Nouvèl Zeland rive Espay pase Etyopi ale Japon, jènfi yo di, “Mwen cheri don repantans lan.” Soti Chili al Gwatemala rive nan Mowoni, Utah, jènjan yo di, “Pandan m ap fè efò pou m sèvi, pou m egzèse lafwa, repanti, ak amelyore chak jou, m ap kalifye pou m resevwa benediksyon tanp yo avèk lajwa dirab levanjil la.”

Mwen pwomèt ke benediksyon sa yo ak lajwa sa a reyèl epi yo alapòte moun k ap kenbe kòmandman yo ak “moun k ap chèche fè sa yo.”29 Lè w santi ou echwe twòp fwa pou w ta kontinye eseye, sonje ke Sakrifis Ekspyatwa Kris la ak gras Li rann posib la reyèl.30 “Bra mizèrikòd [Li] lonje ba ou.”31 Li renmen w—jodia, nan 20 an, atoujamè. Nan non Jezikri, amèn.