Vini, Suiv Mwen 2024
4–10 Novanm : “M Ap Pale Avèk Nou Kòm Si Nou Te Prezan.” Mòmon 7-9


4–10 Novanm : ‘M Ap Pale Avèk Nou Kòm Si Nou Te Prezan.‘ Mòmon 7–9 ” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon (2024) (2023)

“4–10 Novanm. Mòmon 7–9,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2023)

Imaj
Mowoni ki ap ekri sou plak lò yo

Mowoni k ap ekri sou plak lò yo, tablo Dale Kilborn

4–10 Novanm : “M Ap Pale Avèk Nou Kòm Si Nou Te Prezan”

Mòmon 7–9

Mowoni te konnen ki sansasyon sa genyen lè yon moun poukont li nan yon mond mechan—espesyalman apre papa l te fin mouri nan batay epi Nefit yo te detwi a. Li te ekri: “M menm rete poukont mwen.” “M pa gen zanmi ni kote pou m ale” (Mòmon 8:3, 5). Bagay yo ka te sanble sanzespwa, men Mowoni te jwenn espwa nan Jezikri ak nan temwayaj li ke “bi etènèl Senyè a ap mache” (Mòmon 8:22). Epi Mowoni te konnen ke yon pati kle nan objektif etènèl sa yo se t ap Liv Mòmon an —anal ke l t ap konplete avèk dilijans lan nan moman an, anal ki t apral fè anpil moun vin “konnen Kris la” yon jou (Mòmon 8:16; 9:36). Lafwa Mowoni nan pwomès sa yo te rann posib pou l te deklare pou moun ki t ap gen pou li liv sa a nan lefiti yo: “M ap pale avèk nou kòm si nou te prezan” epi “M konnen nou ap resevwa pawòl mwen yo” (Mòmon 8:35; 9:30). Kounyeya nou gen pawòl li yo, epi travay Senyè a avanse, an pati paske Mòmon ak Mowoni te rete fidèl a misyon yo, menm lè yo te poukont yo.

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Mòmon 7

“Kwè nan Jezikri” epi “Kenbe” levanjil [Li a].

Apre l te fin rezime rejis pèp li a, Mòmon te bay mesaj konklizyon l la nan Mòmon 7. Poukisa w panse li te chwazi mesaj sa a? Kisa sa vle di pou ou pou w “kenbe levanjil Kris la”? (Mòmon 7:8).

Gade tou: “Oui, Je Crois en Christ,” Cantiques, no .134

Mòmon 7:8–10; 8:12–16; 9:31–37

Liv Mòmon an gen gwo valè.

Prezidan Russell M. Nelson te mande: “Si yo ta ofri w dyaman oswa ribi oubyen Liv Mòmon an, kiyès ou t ap chwazi? Onètman, kiyès ki gen plis valè pou ou?” (“Liv Mòmon an: Kijan Lavi W T ap Ye san Li?,” Lyawona, Nov. 2017, 61).

Kisa w jwenn nan Mòmon 7:8–10; 8:12–22; ak 9:31–37 ki ede w konprann poukisa Liv Mòmon an gen anpil valè nan epòk pa nou an? Poukisa li gen valè pou ou? Ou ka jwenn plis ide nan 1 Nefi 13:38–41; 2 Nefi 3:11–12; ak Doktrin ak Alyans 33:16; 42:12–13.

Imaj
gen kopi Liv Mòmon an nan plizyè lang diferan

Ekri pwofèt ki nan Liv Mòmon an yo aplike a noumenm.

Mòmon 8:1–11

Mwen ka respekte kòmandman yo menm lè lòt moun pa fè sa.

Pafwa, ou ka santi w poukont ou nan efò w ap fè pou w respekte kòmandman yo. Kisa w ka aprann nan egzanp Mowoni an ki te ka ede? (gade Mòmon 8:1–11). Si w ta ka mande Mowoni kijan l te fè rete fidèl, kisa w panse li t ap di?

Gade tou “Tout Moun Ka Konnen Verite a: Pwomès Mowoni a” (videyo), Bibliyotèk Levanjil la.

Mòmon 8:26–41; 9:1–30

Liv Mòmon an te ekri pou epòk pa nou an.

Jezikri te montre Mowoni sa ki t ap rive lè Liv Mòmon an t ap parèt (gade nan Mòmon 8:34–35, sa ki te pouse l bay avètisman pou epòk nou an. Pandan w ap li Mòmon 8:26–41 ak 9:1–30, medite sou fason pawòl li yo ka aplike a oumenm. Paregzanp, nan vèsè sa yo Mowoni poze 24 kesyon. Ki prèv ou wè nan kesyon sa yo ki fè w konnen ke Mowoni te wè epòk nou an? Kijan Liv Mòmon an ka ede avèk difikilte Mowoni te predi yo?

Koute Lespri a. Pote atansyon a sa w panse ak sa w santi, menm si yo sanble yo pa an rapò avèk sa w ap li a. Enpresyon sa yo se kapab sa Pè Selès la vle pou w aprann. Pa egzanp, ki enpresyon ou genyen apre w fin medite sou kesyon Mowoni poze nan Mòmon 9:1–30la?

Mòmon 9:1–25

Imaj
senbòl seminè
Jezikri se yon Bondye mirak.

Mowoni te konkli ekri papa l yo avèk yon mesaj puisan pou moun nan epòk nou an ki pa kwè nan mirak yo (gade Mòmon 8:26; 9:1, 10–11). Poukisa ou santi yon kwayans nan mirak nesesè jodi a? Chèche nan Mòmon 9:9–11, 15–27 ak Mowoni 7:27–29 epi medite sou kesyon tankou:

  • Kisa m aprann apwopo Sovè a nan vèsè sa yo?

  • Kisa m aprann apwopo mirak, pase ak prezan?

  • Ki benefis ki genyen lè nou kwè ke Jezikri se yon Bondye mirak? Ki konsekans ki genyen lè nou pa kwè sa?

  • Ki mirak—gwo ak piti— Sovè a te travay nan lavi mwen? Kisa mirak sa yo anseye m sou Li?

Prezidan Nelson te anseye ke “Sovè ak Redanmtè nou an Jezikri ap akonpli kèk nan travay ki pi puisan ant kounyeya ak lè L vini ankò.” Nou pral wè kèk siy mirakile ki montre ke Bondye Papa a avèk Pitit Li a Jezikri, ap dirije Legliz sa a nan majeste avèk laglwa” (“Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou Lavi nou,” Liahona, Me 2018, 96). Kisa w santi kèk nan mirak sa yo ka ye? Kisa ou ka fè pou ede Sovè a akonpli yo?

Kisa ou aprann sou lafwa ak mirak nan eksperyans Sen nan Samoa, Tonga, Fiji, ak Tahiti yo lè Prezidan Nelson ak Sè Nelson te vizite yo a? (gade Russell M. Nelson, “Kris la Leve; Lafwa nan Li ap Deplase Montay,” Liawona, Me 2021, 101–4).

Gade tou Ronald A. Rasband, “Gade! Mwen se yon Bondye Mirak,” Liahona, Me 2021, 109–12; Sijè Levanjil yo, “Mirak,” Bibliyotèk Levanjil la.

Ide pou Anseye Timoun yo

Mòmon 7:8–10

Liv Mòmon an ak Bib la rann temwayaj konsènan Jezikri.

  • Pou mete aksan sou relasyon ki genyen ant Bib la ak Liv Mòmon an, jan Mowoni te fè a, ou ka jwe yon jwèt konsa avèk pitit ou yo: Mande yo pou yo di “Ansyen Testaman, Nouvo Testaman” lè w kenbe yon kopi Bib la ak “Yon lòt Testaman” lè w kenbe yon kopi Liv Mòmon an. Ou ka chwazi plizyè evenman ke Bib la ak Liv Mòmon an temwaye tou—tankou nesans, lanmò, ak Rezirèksyon Jezi—epi envite pitit ou pou yo pou yo jwenn foto sou evenman sa yo (pa egzanp, nan Liv Ilistrasyon Levanjil la).

  • Pou w ede pitit ou yo aprann uityèm atik lafwa a, ou ka ekri chak mo sou moso papye separe. Envite pitit ou pou yo travay ansanm pou yo mete mo yo nan lòd kòrèk la epi repete l plizyè fwa.

Mòmon 8:1–7

M ka kenbe kòmandman yo menm si m santi m poukont mwen.

  • Egzanp Mowoni an ka enspire pitit ou pou yo obeyi kòmandman Bondye yo menm lè yo santi yo poukont yo. Apre w fin li Mòmon 8:1–7 avèk yo, yo ka pataje kijan yo t ap santi si yo te Mowoni. Nan vèsè 1, 3, ak 4, kisa yo te kòmande Mowoni pou l te fè, e kijan l te obeyi? Kijan nou ka plis tankou Mowoni?

  • Petèt oumenm ak pitit ou yo ka pale sou sitiyasyon kote yo dwe chwazi ant sa ki byen ak sa ki mal lè pèsonn p ap gade. Nan ki fason lafwa nan Jezikri ede nou nan sitiyasyon sa yo? Yon chante tankou “Défends le Bien” (Chants pour les enfants, 81) te kapab ajoute nan diskisyon sa a.

Mòmon 8:24–26; 9:7–26

Jezikri se yon “ Bondye mirak.”

  • Ou ta gen dwa eksplike pitit ou ke yon mirak se yon bagay Bondye fè pou montre pouvwa Li ak pou beni lavi nou. Apresa, ou ka li fraz ki soti nan Mòmon 9:11–13, 17 ki dekri kèk nan mirak Bondye yo, epi pitit ou yo te kapab panse a lòt mirak (foto ki soti nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, tankou nos. 26, 40, 41, ak 83, ka ede). Pale sou mirak Bondye fè nan lavi ou.

  • Montre pitit ou yo yon resèt, epi pale sou sa k ap pase si w te kite yon engredyan esansyèl. Li ansanm Mòmon 8:24 ak 9:20–21 pou jwenn “engredyan” ki ka mennen nan mirak Bondye yo.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Zanmi an.

Imaj
Mowoni ki ap gade destriksyon Nefit yo

Mowoni ki ap gade destriksyon Nefit yo, pa Joseph Brickey