Vini, Suiv Mwen 2024
18–24 Novanm: “Pou Mal Ka Aboli.” Etè 6–11


18–24 Novanm: “Pou Mal Ka Aboli” Ether 6–11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon (2024) (2023)

“18-24 Novanm. Etè 6–11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz 2024

Imaj
bato Jaredit yo sou lanmè a

M ap Fè W Remonte soti nan Pwofondè yo, pa Jonathan Arthur Clarke

18–24 Novanm: “Pou Mal Ka Aboli”

Etè 6–11

Dè santèn ane apre Jaredit yo te fin detwi, Nefit yo te dekouvri tras ansyen sivilizasyon yo a. Pami tras sa yo se te yon dosye misterye--plak “lò pi” ki te “ranpli ak ekriti,” ak Nefit yo “te gen anpil dezi” pou yo te li yo (Mozya 8: 9; 28:12). Jodia nou gen yon abreje anal sa a, e li rele Liv Etè a. Lè Nefit yo te li l, “yo te ranpli ak lapenn” lè yo te aprann konsènan chit trajik Jaredit yo. “Men, li te ba yo anpil konesans, nan ki yo te rejwi” (Mozya 28:12, 18). Ou menm tou, ou ka jwenn moman chagren nan liv sa a. Men, ou ka rejwi tou nan kado konesans sa a. Jan Mowoni te ekri, “se sajès nan Bondye ke ou dwe wè bagay sa yo … pou mal kapab efase, e pou lè a rive pou Satan kapab pa gen pouvwa sou kè pitit lèzòm ankò” (Etè 8:26).

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Etè 6:1–12

Senyè a ap gide m nan vwayaj mwen nan mòtalite a.

Ou gendwa jwenn ide espirityèl si w konpare vwayaj Jaredit yo sou lanmè a avèk vwayaj ou nan lavi a. Pa egzanp, kisa Senyè a bay ki klere wout ou menmjan ak wòch yo nan bato Jaredit yo? Kisa bato yo reprezante, oubyen van yo k ap “pouse ale nan tè pwomiz la”? (Etè 6:8). Kisa w aprann nan aksyon Jaredit yo, anvan, pandan, ak apre vwayaj la? Kijan Senyè a kondui w nan tè pwomiz ou?

“Chante louwanj pou Senyè a.” Jaredite yo te eksprime rekonesans yo ak lanmou yo pou Bondye atravè chante ak lwanj (gade Etè 6:9). Ou ka chèche oswa kreye opòtinite pou itilize mizik ak temwayaj sensè pou louwe Bondye lakay ou ak nan legliz la. Pa egzanp, li ka apwopriye pou nou chante yon kantik lwanj tankou “Que Chacun, de tout son coeur” (Cantiques, no. 73) lè w ap etidye Etè 6:1-12.

Imaj
Fanmi Jaredit andedan bato yo

Tibebe Abò, tabloy Kendal Ray Johnson

Etè 6:5–18, 30; 9:28–35; 10:1–2

“Mache enbleman devan Senyè a.”

Byenke lògèy ak mechanste te sanble yo te domine istwa Jaredit yo, gen egzanp imilite nan chapit sa yo tou—espesyalman nan Etè 6:5–18, 30; 9:28–35; ak 10:1–2. Medite sou kesyon sa yo ka ede w aprann nan egzanp sa yo: Poukisa Jaredit yo te imilye tèt yo nan sitiyasyon sa yo? Ki fason yo te montre imilite yo? Kijan Bondye beni yo kòm rezilta? Reflechi sou sa w ka fè pou w volontèman “mache enbleman devan Senyè a” (Etè 6:17) olye ke yo fòse w pou w vin enb (gade Mozya 4:11–12; Alma 32:14–18).

Gade tou Dake G. Renlund, “Aji avèk Jistis, Renmen Mizerikòd, epi Mache avèk Bondye nan imilite,” Lyawona, Nov. 2020, 109–12.

Etè 7–11

Imaj
senbòl seminè
Mwen ka vin yon lidè menmjan ak Kris la.

Chapit 7–11 nan Etè a kouvri omwen 28 jenerasyon. Byenke ti kras detay ka bay nan ti espas sa yo, gen yon modèl ki parèt byen vit sou konsekans dirijan ki jis ak dirijan ki mechan. Kisa w aprann sou dirije nan egzanp—negatif ak pozitif—wa yo ki nan lis anba la a?

Èldè Dieter F. Uchtdorf te bay konsèy itil sou dirije nan mesaj li “Pi Gran nan mitan Nou an” (Liahona, Me 2017, 78–81). Konsidere etidye mesaj sa a—espesyalman istwa li rakonte yo—k ap chèche prensip oswa modèl sou dirije tankou Kris la. Ki lè w te wè prensip oswa modèl sa yo demontre nan moun k ap dirije?

Pandan w ap medite sou sa w te aprann nan, panse sou opòtinite ou genyen pou w dirije oubyen enfliyanse lòt moun nan fwaye ou, kominote ou, apèl ou nan Legliz la, eksetera. Kijan nou ka devlope kalite dirijan tankou Kris la, menmsi nou pa gen yon tach spesifik kòm dirijan?

Gade tou Sijè Levanjil yo, “Sèvi nan Apèl nan Legliz la,” Bibliyotèk Levanjil la; “Prensip Dirije nan Legliz la,” Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 4.2 (ChurchofJesusChrist.org).

Etè 8:7-26

Senyè a pa travay nan fènwa.

Lè moun ap konspire pou yo kenbe zak mechan yo sekrè, yo enplike nan yon konbinezon sekrè. Anplis konbinezon sekrè yo dekri nan Etè 8:7–18la, gen lòt egzanp nou ka jwenn nan Elaman 1:9–12; 2:2–11; 6:16–30; Moyiz 5:29–33. Anvizaje pou fè kontras ant vèsè sa yo ak 2 Nefi 26:22–24, kote Nefi dekri kijan Senyè a akonpli travay Li a. Poukisa ou panse Mowoni te resevwa lòd pou l ekri sa l te fè osijè konbinezon sekrè?

Kisa nou aprann nan liv Etè a ki ka ede nou jwenn benediksyon yo dekri nan vèsè 26yo?

Ide pou Anseye Timoun yo

Etè 6:1–12

Mwen ka gen konfyans nan Papa nou ki nan Syèl la pou rekonfòte m lè m pè.

  • Tout moun gen jou difisil—menm timoun piti yo. Petèt ou ka ede pitit ou yo jwenn mo ak fraz nan Etè 6:1-12 ki montre kijan Jaredit yo te fè Bondye konfyans pandan kèk jou krentif reyèlman difisil. Konsidere pataje youn ak lòt kèk eksperyans lè Bondye te ede w nan moman difisil nan lavi w.

Etè 6:9, 12, 307:2710:2

Sonje sa Senyè a te fè pote lapè ak gratitid.

  • Apre yo te fin rive nan tè pwomiz la, Jaredit yo te sitèlman rekonesan yo te “vèse dlo lajwa” (Etè 6:12). Ou ka enspire pitit ou yo pou yo santi yo rekonesan pou benediksyon Bondye yo lè w ede yo jwenn fraz nan Etè 6:9, 12 ki montre kijan Jaredit yo te eksprime remèsiman yo bay Bondye. Yo ka renmen chante, tankou Jaredite yo te fè, yon chan ki eksprime rekonesans, tankou “Mon Père céleste m aime” (Chants pour les enfants, 16). Mande timoun yo pou yo site kèk bagay ki fè yo rekonesan.

  • Petèt timoun ou yo te kapab li Etè 6:30; 7:27; ak 10:2 epi jwenn sa wa jis sa yo te sonje. Ki efè sa te genyen sou fason yo te dirije pèp yo a? Oumenm ak timoun ou yo ka diskite sou fason pou raple tèt nou sa Bondye fè pou ou. Pa egzanp, petèt yo ka ekri sou sa oswa yo ka desine imaj. Ou ka sigjere yo pou yo pran abitid pou ekri benediksyon yo remake Bondye bay yo (gade “O Sonje, Sonje” [video], Libreri Levanjil la).

Etè 7:24-27

Mwen beni lè m suiv pwofèt Bondye a.

  • Petèt oumenm ak pitit ou yo t ap renmen demontre kèk bagay pwofèt la te anseye nou pou nou fè. Ou ka menm vire l nan yon jwèt kote ou ka devine sa aksyon yo reprezante. Sa ka prepare pitit ou pou yo diskite sou rezon ki fè li enpòtan pou yo suiv pwofèt Bondye a. Apresa ou ka li Etè 7:24–27 pou chèche konnen sa k te pase lè pèp la te obeyi pwofèt Bondye a. Ki benediksyon nou jwenn lè nou suiv pwofèt la jodi a?

Etè 9:28–35; 11:5–8

Senyè a mizèrikòdye lè m repanti.

  • Chèche modèl se yon konpetans etid ekriti ki itil. Liv Etè a gen yon modèl repete ki mete aksan sou mizèrikòd Senyè a. Pou ede timoun ou yo jwenn modèl sa a, envite yo li Etè 9:28–35 ak Etè 11:5–8, pandan y ap chèche resanblans nan de resi yo. Kisa nou aprann nan istwa sa yo? Petèt yo ka chèche imaj nan Liv Ilistrasyon Levanjil la sou lòt moun nan ekriti yo ki te repanti e yo te jwenn padon.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Zanmi an.

Imaj
bato Jaredit yo sou lanmè a.

Bato Jaredit yo, tablo Gary Ernest Smith