Vini, Suiv Mwen 2024
11–17 Novanm: “Dechire Vwal Enkredilite Sa a.” Etè 1–5


“11–17 Novanm: ‘Dechire Vwal Enkredilite Sa a.’ Etè 1–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2023)

“11–17 Novanm. Etè 1–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2023)

Imaj
Jaredit ki ap vwayaje nan dezè a

Jaredit yo Ki Ap Kite Babèl , pa Albin Veselka

11–5 Novanm: “Dechire Vwal Enkredilite Sa a”

Etè 1–5

Pandan ke se vre chemen Bondye yo pi elve pase pa nou yo, e nou dwe toujou soumèt nou anba volonte li, Li ankouraje nou tou pou nou panse ak aji pou tèt pa nou tou. Sa se youn nan leson Jarèd ak frè l la te aprann. Pa eganp, ide pou yo te vwayaje al nan yon nouvo peyi ki te “pi bon pase tout peyi sou tè a” te sanble l te kòmanse avèk Jarèd, epi Senyè a “te gen konpasyon” epi l te pwomèt li ke l t ap akòde l sa l te mande a, li te di l “Se sa m ap fè pou ou poutèt ou te kriye nan pye m tèlman lontan.” (gade nan Etè 1:38–43). Epi lè frè Jarèd la te bezwen limyè anndan bato ki ta pral mennen yo nan tè pwomiz la, Senyè a te poze yon kesyon ke nou abitye poze Li: “Kisa w vle m fè?” (Etè 2:23). Li vle tande panse ak ide nou yo, epi L ap koute e L ap bay nou konfimasyon L oubyen konseye nou pou fè yon bagay diferan. Pafwa, sèl bagay ki separe nou avèk benediksyon n ap chèche yo se pwòp “vwal enkredilite” nou an, epi, si nou ka “dechire vwal sa a” (Etè 4:15), nou ka etone pou sa Senyè a dispoze pou L fè pou nou.

Gade tou “Senyè a Parèt devan Frè Jarèd la” (videyo), Bibliyotèk Levanjil la.

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Etè 1:33-43

Lè m enplore Senyè a, L ap gen konpasyon pou mwen.

Etè 1:33–43 pale de twa priyè frè Jarèd la te fè. Kisa w aprann nan repons Senyè a pou chak nan priyè sa yo? Panse a yon moman kote ou te santi konpasyon Senyè a lè w te enplore Li nan priyè. Ou gen dwa vle ekri eksperyans sa a epi pataje l avèk yon moun ki ka bezwen tande temwayaj ou.

Gade tou nan “Instant de Paix,” Cantiques, no. 79.

Etè 2; 3:1–6; 4:7–15

Imaj
senbòl seminè
Mwen ka resevwa revelasypn pou lavi m.

Prezidan Russell M. Nelson te di: “Mwen priye nou ogmante kapasite espirityèl nou pou nou resevwa revelasyon. … Chwazi pou fè travay espirityèl ki nesesè pou w jwi don Sentespri a ak tande vwa Lespri a pi souvan ak pi klèman” (“Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou Lavi Nou,” Lyawona, Me 2018, 96).

Pandan w ap etidye Etè 2; 3:1–6; 4:7–15, kisa w aprann konsènan “travay espirityèl” Prezidan Nelson te pale a? Ou ta kapab make kesyon oubyen preyokipasyon frè Jarèd la te genyen yo ak sa l te fè pou sa nan yon koulè, epi ou ta kapab make kijan Senyè a te ede misye ak fè l konnen volonte L nan yon lòt koulè.

Men kèk kesyon pou reflechi sou yo lè w ap etidye:

  • Kisa ki enpresyone ou sou fason Senyè a te reponn kesyon frè Jared yo nan Etè 2:18–25?

  • Kijan ou ka itilize Etè 3:1–5 pou ede yon moun ki ap aprann kijan pou l priye?

  • Kisa ki ka anpeche w resevwa revelasyon nan men Senyè a? (gade nan Etè 4:8–10). Kijan ou ka resevwa revelasyon nan men Li pi souvan? (gade Etè 4:7, 11–15).

  • Kisa ou panse sa vle di pou nou “dechire vwal enkredilite a” nan lavi ou” (Etè 4:15).

Ki lòt bagay ou aprann nan men frè Jared konsènan revelasyon pèsonèl?

Èldè Dale G. Renlund te anseye konsènan “Yon Kad pou Revelasyon Pèsonèl” (Lyawona, Nov. 2022, 16–19). Konsidere desinen yon ankadreman foto ak ekri kat eleman yo nan chapant la sou chak bò. Kijan fondasyon sa a ka ede w “ogmante kapasite w pou w resevwa revelasyon”?

Gade tou Sijè Levanjil yo, “Revelasyon Pèsonèl,” Bibliyotèk Levanjil la.

Etè 2:14–15l 3: 1–20.

Atravè reprimand Li an Senyè a envite nou pou nou repanti epi vin jwenn Li.

Menm yon gran pwofèt tankou frè Jarèd la te bezwen reprimand nan men Senyè a. Kisa w aprann nan Etè 2:14–15 konsènan reprimand Senyè a? Reflechi sou kijan reprimand Senyè a ak reyaksyon frè Jarèd la kapab te ede l prepare l pou eksperyans li te fè nan Etè 3:1–20.

Etè 2:16–25

Senyè a ap prepare m pou m travèse “gwo twou san fon” m lan.

Pafwa, travèse “gwo twou san fon an” se sèl fason pou akonpli volonte Bondye pou nou. Èske w wè bagay ki sanble avèk lavi w nan Etè 2:16–25? Kijan Senyè a prepare w pou pwoblèm ou yo? Kisa Li ta kapab mande w pou w fè kounyeya pou prepare w pou sa L bezwen w fè nan lavni?

Gade tou sa L. Todd Budge te di nan “Konfyans Konsistan ak Rezilyan,” Lyawona, Nov. 2019, 47–49.

Aplike sa w aprann. Etid Levanjil la ta dwe enspire nou pou nou chanje lavi nou. Apre ou fin li Etè 4:11–12, ou ta kapab fè lis kèk nan bagay ki enfliyanse lavi w epi gade pou wè si yo konvenk ou pou fè byen. Kisa w santi w enspire pou w fè?

Etè 5

Gen temwen ki rann temwayaj sou verasite Liv Mòmon an.

Pandan w ap li pwofesi Mowoni an nan Etè 5, medite sou objektif Senyè a lè L te prepare anpil temwen Liv Mòmon an. Ki temwen ki te enspire w pou kwè ke Liv Mòmon an se pawòl Bondye? Kijan Liv Mòmon an montre w “pouvwa Bondye ak pawòl li”? (Etè 5:4).

Ide pou Anseye Timoun yo

Etè 1:33–43; 2:16–25; 3:1–6.

Pè Selès la tande e reponn priyè m yo.

  • Si w konnen yon lang pitit ou pa konnen, ba yo kèk direksyon senp nan lang sa a (oswa jwe yon anrejistreman nan yon lòt lang). Ou ka itilize sa pou eksplike poukisa frè Jarèd la te priye pou l te ka jwenn èd nan Etè 1:33–37. Mete aksan sou fason Senyè a te santi l konsènan priyè sa a ak fason Li te reponn (gade tou “Chapit 50: Jaredite yo Kite Babèl,” Liv Istwa Mòmon yo, 143–44).

  • Timoun yo ta ka pretann y ap konstwi yon bato jan nou li nan Etè 2:16–17. Apre sa, oumenm ak pitit ou yo te kapab li konsènan pwoblèm Jaredit yo te genyen avèk bato yo (gade Etè 2:19) ak diferan fason Senyè a te reponn priyè frè Jared yo (gade Etè 2:19–25; 3:1–6). Paj foto ak aktivite a nan fen deklarasyon sa a ta ka ede w ak pitit ou yo rakonte istwa a. Kisa nou ka aprann nan men frè Jared konsènan priyè? Pataje yon eksperyans kote w te priye pou w te jwenn èd epi Pè Selès la te ede w.

Etè 3:6–16

Mwen te kreye daprè imaj Bondye.

  • Pandan y ap grandi, timoun ou yo ap rankontre anpil fo mesaj konsènan Bondye, yomenm, ak kò fizik yo. Ou ka mande yo pou yo ede w jwenn kèk verite konsnan sijè sa yo nan Etè 3:6–16. Pou mete aksan sou verite ki anseye nan Etè 3:13, 15 la, nou ta kapab gade yon foto Sovè a ansanm epi envite timoun ou yo pou yo lonje dwèt sou plizyè pati nan kò Li. Apre sa yo ta kapab lonje dwèt sou menm pati nan pwòp kò pa yo. Chante yon kantik sou tanp ansanm, tankou “Je demeure dans un temple” (Chants pour les enfants, 73). Oumenm ak timoun ou yo te kapab pale de rezon ki fè w rekonesan pou kò w.

Imaj
yon timoun ki ap kouri nan yon jaden

Nou te kreye dapre imaj Bondye.

Etè 5

Twa temwen yo te temwaye konsènan Liv Mòmon an;

  • Mowoni te pwofetize ke Twa Temwen tap ede etabli verasite Liv Mòmon an. Pou w anseye sa yon temwayaj ye, ou ta kapab mande timoun ou pou yo dekri yon bagay yo te wè oswa yon eksperyans yo te fè ke òt moun pa t wè oubyen pa t konnen. Apre sa, pandan nou ap li Etè 5 ansanm, nou ta kapab pale de rezon ki fè Bondye itilize temwen nan travay Li. Nou youn ta kapab pataje avèk lòt tou kijan nou fè konnen Liv Mòmon an se verite ak kijan nou ka pataje temwayaj nou avèk lòt moun.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Zanmi an.

Imaj
Jezi ki ap touche sèz wòch nan prezans frè Jarèd la.

Èske W Simen Plis Pase Sa?, pa Marcus Alan Vincent