Vini, Suiv Mwen 2024
28 Oktòb–3 Novanm: “M Ta Renmen Pèsyade Tout Moun … pou yo Repanti.” Mòmon 1-6


“28 Oktòb–3 Novanm: ‘M Ta Renmen Pèsyade Tout Moun … pou yo Repanti.’ Mòmon 1–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz (2024) (2023)

“28 Oktòb–3 Novanm. Mòmon 1–6,” Vini, Suiv Mwen—Lakay ak Legliz: 2024 (2023)

Imaj
Mòmon ap ekri sou plak lò yo

Mòmon ap Fè Rezime Plak yo, tablo Tom Lovell

28 Oktòb–3 Novanm: “M Ta Renmen Pèsyade Tout Moun … pou yo Repanti.”

Mòmon 1-6

Mòmon te epanye nou “resi konplè” sou “sèn abominab” mechanste ak vèsman san l te wè pami Nefit yo (Mòmon 2:18; 5:8). Men sa li te ekri nan Mòmon 1–6 yo ase pou raple nou jiska ki pwen moun jis kapab tonbe. Nan mitan mechanste jeneralize sa a, okenn moun pa blame Mòmon dèske l te vin fatige e menm dekouraje. Poutan, atravè tout sa l te wè ak eksperimante yo, li pa t janm bliye gran mizèrikòd Bondye ak konviksyon li ke repantans se mwayen pou resevwa li. Epi, byenke pwòp pèp li a te rejte siplikasyon envitasyon li pou yo te repanti a, li te konnen ke l te gen yon pi gwo piblik pou l te pèsyade. Li te di: “Gade, m ekri nou, tout kwen tè a.” Otremandi, li te ekri pou ougade Mòmon 3:17–20). Epi, mesaj li pou ou jodia se menm mesaj ki te ka sove Nefit yo nan epòk pa yo a: “Kwè nan Jezikri. … Repanti epi prepare nou pou n kanpe devan ba jijman Kris la” (Mòmon 3:21–22).

Gade tou “Mòmon prezève Rejis la pou mennen Kay Izrayèl la bay Kris la” (videyo), Bibliyotèk Levanjil la.

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz

Mòmon 1-6

Imaj
senbòl seminè
Mwen ka suiv Jezikri kèlkeswa sa lòt moun fè.

Lè Mòmon te gen anviwon 10 an sèlman, li te diferan anpil de moun ki te bò kote l yo. Pandan w ap li Mòmon 1–6, chèche wè fason lafwa Mòmon nan Jezikri te fè l inik epi te ba l opòtinite pou l te sèvi lòt moun ak pou l te beni lòt moun. Vèsè sa yo ka yon bon mwayen pou w kòmanse:

Mòmon 1:2–3, 13–17.Ki diferans ou remake ant Mòmon ak pèp li a? Ki kalite li te genyen ki te ede l rete djanm nan domèn espirityèl nan yon moman difisil?

Mòmon 2:18–19.Ki pawòl Mòmon te anplwaye pou l dekri mond kote l t ap viv la? Ki jan l te kontinye gen esperans malgre tout anviwònman l yo?

Mòmon 3:12.Ki jan Mòmon te santi l konsènan moun ki te bò kote l yo? Kijan nou ka devlope kalite lanmou l te genyen an?

Ki lòt vèsè nan Mòmon 1–6 mete aksan sou lafwa Mòmon nan Jezikri? Ki opòtinite li te bay paske li te chwazi rete fidèl?

Konsidere etidye mesaj Prezidan Thomas S. Monson an “Se pou Ou yon Egzanp ak yon Limyè” (Lyawona, Nov. 2015, 86–88), kap chèche rezon ki fè li enpòtan pou disip Jezikri yo eksepsyonèl oswa diferan. Kijan w t ap konplete fraz sa a? “ te yon egzanp pou mwen lè [oswa li] . Sa te ede m vle .”

Mòmon te ka santi ke egzanp li a pa t fè yon diferans avèk pèp li a. Si w te gen yon chans pou w te pale avèk Mòmon, ki sa w t ap di l konsènan fason egzanp li te fè yon diferans pou ou?

Gade tou David A. Bednar, “Rapid pou Obsève,” Ensign, Des. 2006, 30–36, oswa Liahona, Des. 2006, 14–20; “Yon bagay diferan sou nou: Egzanp” (videyo), Bibliyotèk Levanjil la; Sijè Levanjil yo, “Viv Levanjil Jezikri a,” Bibliyotèk Levanjil la.

Ede lòt moun pataje sa yo aprann. Lè moun yo pataje sa yo aprann, yo ranfòse pwòp lafwa yo ak lafwa lòt moun (gade Doktrin ak Alyans 88:122). Eseye mande fanmi w oswa klas la ki eksperyans yo te fè pandan yo t ap etidye pawòl Bondye a.

Imaj
Nefit ak Lamanit k ap batay youn kont lòt

Batay, pa Jorge Cocco

Mòmon 2:10-15

Tristès selon Bondye mennen m nan Kris la ak nan chanjman dirab.

Lè Mòmon te wè chagren pèp li a, li te espere ke yo t ap repanti. Men, “tristès yo a pa t mennen yo nan repantans” (Mòmon 2:13)---se pa t lapenn, men sete tristès mond lan. Pou konprann diferans lan, konsidere pou w ekri sa w aprann nan Mòmon 2:10–15 yo nan yon tablo tankou sa a:

Tristès selon Bondye

Tristès selon mond lan

Vini jwenn Jezi (vèsè 14)

Modi Bondye (vèsè 14)

Kijan w fè konnen si tristès ou genyen an se selon Bondye oswa selon mond lan? Si w gen tristès selon mond lan, kijan w ka chanje l vin tounen tristès selon Bondye?

Gade tou 2 Korentyen 7:8–11; Michelle D. Craig, “Mekontantman Diven,” Liahona, Nov. 2018, 52–55.

Mòmon 3:3, 9

“Yo pa te reyalize ke sete Senyè a ki te epanye yo.”

Mòmon te remake ke Nefit yo pa t rekonèt fason Senyè a te beni yo. Pandan w ap li Mòmon 3:3, 9, ou gendwa medite sou fason w ap rekonèt enfliyans Bondye nan lavi ou. Ki benediksyon ki vini lè w rekonèt enfliyans Li? Ki konsekans ki genyen nan pa rekonèt Li? (sgade nan Mòmon 2:26; Doktrin ak Alyans 59:21).

Gade Henry B. Eyring, “O Sonje, Sonje,” Liahona, Nov. 2007. 66–69.

Mòmon 5:8–24; 6:16–22

Jezikri kanpe avèk bra louvri pou l resevwa mwen.

Si w konn janm santi w dekouraje pou pwòp peche pa ou, deskripsyon Sovè a ki kanpe “avèk bra ouvè pou resevwa w” la ta kapab ba ou asirans. Pandan w ap li Mòmon 5:8–24 ak 6:16–22, kisa ou aprann sou santiman Papa nou ki nan Syèl la ak santiman Jezi anvè ou, menm lè ou peche? Kijan w konn santi Jezikri lonje bra L gran louvri ap tann ou? Kisa w santi w enspire pou w fè kòm rezilta?

Gade tou “Venez à Jésus! Il vous appelle,” Cantiques, no. 62

Ide pou Anseye Tmoun yo

Mòmon 1:1–3; 2:1, 23–24; 3:1–3, 12, 17–22

Tankou Mòmon, mwen ka suiv Jezikri.

  • Paske Mòmon te jèn anpil lè l te devlope lafwa li nan Kris la, li kapab yon enspirasyon pou pitit ou yo. Petèt ou ta ka li Mòmon 1:1–3 epi pitit ou yo ta kapab koute ki laj Mòmon te genyen lè Amaron te ba l yon misyon espesyal. Ou kapab ede yo jwenn nan vèsè sa yo ki kalite Amaron te wè nan Mòmon tou. Kijan kalite sa yo ede nou suiv Jezikri?

    Imaj
    Mòmon lè l te yon jèn tigason

    Mormon, Laj 10 zan, pa Scott M. Snow

  • Paske Mòmon te suiv Jezikri, li te jwenn opòtinite pou l te sèvi ak beni lòt moun. Nou kapab envite pitit ou yo pou yo li youn oswa plizyè nan pasaj sa yo epi ede yo pataje sa yo aprann sou Mòmon: Mòmon 1:1–3; 2:1, 23–24; 3:1–3, 12, 20–22 (gade tou “Chapit 49: Mòmon ak Ansèyman l yoyo,” Liv Istwa Mòmon yo, 138–42). Kòman l te suiv Jezikri? Ki jan lafwa l te genyen nan Jezikri a te ede oswa beni lòt moun? Ki jan lafwa nou kapab ede moun nou konnen yo?

Mòmon 2:8–15

Tristès selon Bondye mennen m nan Kris la ak nan chanjman dirab.

  • Petèt ou ta ka fè yon tablo tankou sa ki nan seksyon “Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la” pou ede pitit ou konprann diferans ki genyen ant tristès selon mond lan ak tristès selon Bondye pandan y ap li Mòmon 2:8, 10–15. Envite timoun yo pou yo chèche nan Mòmon 2:12 pou yo ka wè poukisa repantans ta dwe fè “kè[nou] … rejwi.” Kijan nou ka asire nou ke tristès nou santi pou peche nou yo ede nou chèche èd Bondye pou nou ka chanje?

Mòmon 3:3, 9

Pè Selès la ban m anpil benediksyon.

  • Envite pitit ou yo pou yo fè lis (oswa desen foto) kèk bagay yo rekonesan pou yo ta kapab yon bon fason pou ede yo santi yo rekonesan pou Bondye. Apre yo fin fè yon lis, ou ta ka li Mòmon 3:3, 9 epi eksplike ke Papa nou ki nan Syèl la te beni Nefit yo tou, men yo pa t rekonèt sa. Kisa nou ka fè jodi a pou montre ke nou rekonesan anvè Pè Selès la pou benediksyon nou yo?

Mòmon 3:12

Pè Selès la vle pou m renmen tout moun.

  • Byenke Nefit yo te mechan, Mòmon pa t janm sispann renmen yo. Ede pitit ou yo chèche mo “renmen yo” ak “renmen” yo nan Mòmon 3:12. Chante yon chan sou renmen lòt moun, tankou “Aimez chacun” (Chants pour les enfants, 39), pandan w ap montre foto timoun nan tout mond lan. Temwaye de lanmou Bondye pou tout pitit Li.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Zanmi an.

Imaj
plak lò yo

Liv Mòmon an te ekri “pou nou ka kwè levanjil Jezikri a” (Mòmon 3:21).