Vini, Suiv Mwen 2024
9–15 Desanm: “Se pou Kris la Konsole Ou.” Mowoni 7–9


9–15 Desanm: ‘Se pou Kris la Konsole W‘ Moroni 7–9,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon (2024) (2023)

9–15 Desanm. Mowoni 7–9,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2023)

Imaj
Mowoni ki ap ekri sou plak lò yo

Minerva Teichert (1888–1976), Mowoni: Dènye Nefit la, 1949–1951, penti a luil sou masonit, 34¾ x 47 pous. Mize Atistik Inivèsite Brigham Young, 1969

9–15 Desanm: “Se pou Kris la Konsole Ou.”

Mowoni 7–9

Anvan Mowoni te fini anal nou konnen jodi a kòm Liv Mòmon an avèk pwòp pawòl final pa l, li te pataje twa mesaj papa l, Mòmon te bay: you diskou pou “disip pezib Kris yo” (Mowoni 7:3) ak de lèt Mòmon te ekri Mowoni. Petèt Mowoni te enkli mesaj sa yo nan Liv Mòmon an paske li te prevwa resanblans ant bann danje epòk li a ak danje epòk pa nou an. Lè pawòl sa yo te ekri, tou pèp Nefit la nèt t ap vire do bay Sovè a. Anpil ladan yo te “pèdi lanmou yo youn pou lòt” epi yo te rejwi nan “tout bagay sof sa k te bon” (Mowoni 9:5, 19). E poutan Mòmon te toujou jwenn rezon pou l espere, pou l anseye nou ke espwa pa vle di iyore oswa rete nayif konsènan pwoblèm mond lan. Espwa vle di gen lafwa nan Pè Selès la ak Jezikri, ki gen pouvwa ki pi gran e ki pi dirab ke pwoblèm sa yo. Sa vle di “aksepte tout bagay ki bon” (Mowoni 7:19). Sa vle di kite Ekspyasyon Jezikri a “ak esperans laglwa li, e ak lavi etènèl la repoze nan panse w.” (Mowoni 9:25).

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Mowoni 7:12–20

Limyè Kris la ede m konnen verite ki soti nan erè.

Anpil moun ap mande tèt yo: “Kouman m ka konnen si yon enpresyon soti nan Bondye oswa nan pwòp panse pa mwen?” oubyen “Avèk si anpil mansonj epòk jodi a, kijan m ka konnen ki sa ki dwat oswa sa ki mal?” Pawòl Mòmon yo nan Mowoni 7 la ba nou plizyè prensip nou ka itilize pou nou reponn kesyon sa yo. Chèche yo espesyalman nan vèsè 12–20yo. Ou ta kapab itilize verite sa yo tou pou ede w evalye mesaj ou rankontre ak eksperyans ou fè semèn sa a.

Gade tou Gid Ekriti yo: “Limyè, limyè Kris la,” Bibliyotèk Levanjil la; “Modèl Limyè: Disène Limyè” (videyo) Bibliyotèk Levanjil la.

Mowoni 7:20–48

Gras a Jezikri, m ka “aksepte tout bagay ki bon.”

Mòmon te poze yon kesyon ki sanble l espesyalman enpòtan jodi a: “Kòman n ap fè [pou] aksepte tout bon bagay?” (Mowoni 7:20). Apre sa, li te anseye konsènan lafwa nan Jezikri, esperans ak charite. Pandan w ap li vèsè 20–48yo, chèche kijan chak kalite sa yo ede w jwenn ak “kenbe” bonte ki soti nan Jezikri a. Poukisa kalite sa yo esansyèl pou yon disip Jezikri?

Gade tou “Ansèyman Mòmon sou lafwa, Esperans, ak Charite” (videyo), Bibliyotèk Levanjil la.

Mowoni 7:44–48

Imaj
senbòl seminè
“Charite se lanmou pi Kris la.”

Mòmon te obsève ke lafwa nou ak esperans nou nan Jezikri fè nou gen charite. Men, kisa charite ye? Ou ta ka ekri Charite se … epi apresa li Mowoni 7:44–48, pandan w ap chèche mo oswa fraz ki ta ka konplete fraz la. Lè w fini, panse ranplase mo Charite pa non Jezikri. Kisa sa anseye ou konsènan Sovè a? Kijan Jezikri te demontre lanmou pi Li? Reflechi sou egzanp nan ekriti yo ak nan pwòp lavi w.

Prezidan Dallin H. Oaks te di: “Rezon k fè charite pa janm peri a ak rezon ki fè charite pi gran pase aksyon bonte ki pi siyifikatif yo … sèke charite, ‘lanmou pi Kris la’ [Mowoni. 7:47], se pa yon aksyon men li se yon kondisyon oswa yon eta despri. … Charite se yon bagay yon moun vin genyen” (“Defi Apatenans lan,” Ensign, Nov. 2000, 34). Ak deklarasyon sa a nan lespri, ou ka li mesaj Èldè Massimo De Feo a “Lanmou Pi: Vrè Siy Chak Vrè Disip Jezikri” a nan (Lyawona, Me 2018, 81–83). Ki efè charite genyen sou ou antanke disip? Kijan w ka “apiye sou charite”? (vèsè 46).

Gade tou 1 Korentyen 13:1–13; Etè 12:33–34; “Aimez vos frères,” Cantiques, no. 200; “Charite: Yon Egzanp pou Kwayan yo” (videyo), Bibliyotèk Levanjil la; Sijè Levanjil yo, “Charite,” Bibliyotèk Levanjil la.

Itilize leson objè. Petèt panse a yon zouti twa pye ka ede w konprann plis sou relasyon ki genyen ant lafwa, esperans, ak charite (gade Dieter F. Uchtdorf, “Pouvwa Enfini Lespwa,” Liahona, Nov. 2008, 21-24).

Mowoni 9:3–5

Kòlè mennen nan lapenn ak soufrans.

Kontrèman a mesaj lanmou Mòmon an nan Mowoni 7:44–48, dezyèm epit Mòmon te voye Mowoni an te enkli avètisman kont yon bagay anpil moun ap lite avè l jodi a—kòlè. Selon Mowoni 9:3–5, ki kèk konsekans kolè Nefit yo te lakoz? Ki avètisman nou ka pran nan vèsè 3–5, 18–20, 23yo?

Gade tou Gordon B. Hinckley, “Lan pou w an Kòlè,” Liahona, Nov. 2007, 62–66.

Mowoni 9:25–26

M ka jwenn esperans nan Kris la kèlkeswa jan sikonstans mwen ye.

Lè l te fin dekri mechanste l te wè yo, Mòmon te di pitit gason l lan pou l pa t chagren. Kisa ki enpresyone w nan mesaj Mòmon an sou esperans lan? Kisa Kris la “leve [w]” vle di pou ou? Ki kalite Kris la ak ki prensip nan levanjil Li a ki “repoze nan lespri w” e ki ba w espwa? (Mowoni 9:25).

Gade kisa Russell M. Nelson te di nan “Lajwa ak Sivi Espirityèl,” Lyawona, Nov. 2016, 81–84.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Liahona a ak Pou Fòs Jèn yo .

Ide pou Anseye Timoun yo

Mowoni 7:33

Si m gen lafwa, m ka fè tout sa Bondye bezwen m fè.

  • Konsidere gade kèk foto ansanm ki montre yon moun nan ekriti yo k ap akonpli yon bagay enpòtan (gade, pa egzanp, Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos19, 70, 78,81). Kijan gen lafwa nan Kris la te fè yon diferans nan egzanp sa yo? Oumenm ak pitit ou yo ka Li Mowoni 7:33, pandan n ap chèche sa nou ka fè lè nou gen lafwa nan Jezikri. Ou ka pataje eksperyans youn ak lòt tou kote Bondye te beni ou avèk pouvwa pou w fè volonte li.

Mowoni 7:41

Kwè nan Jezikri ka ban m espwa.

  • Pandan w ap li Mowoni 7:41 pou pitit ou yo, mande yo pou yo leve men yo lè yo tande yon bagay Mowoni te di nou ta dwe espere. Pale timoun yo de espwa ou genyen akozde Jezikri.

  • Oumenm ak pitit ou yo ka panse tou a yon moun ki ka gen yon moman difisil avèk yon bagay. Envite timoun yo desine yon foto pou moun ki ka raple l pou l gen esperans nan Jezikri.

Mowoni 7:40–41; 9:25–26

Mwen ka gen esperans nan Jezikri, menm pandan eprèv difisil yo.

  • Pou anseye pitit ou yo sou esperans nan Jezikri, ou ta ka ranpli yon veso klè avèk dlo epi lage de objè ladan li—youn ki flote ak youn ki koule. Pandan n ap li ansanm Mowoni 7:40–41 ak 9:25–26, pitit ou yo te ka chèche sa esperans fè pou nou. Konpare objè ki ap flote a avèk yon moun ki gen esperans nan Kris la. Kijan Kris la “leve [nou] ” lè n ap travèse eprèv difisil? Ede timoun yo panse a fason yo ka kenbe Sovè a ak ansèyman ankourajan L yo “nan lespri [yo] pou tout tan.”

Mowoni 7:45–48

“Charite se lanmou pi Kris la.”

  • Yon chante sou lanmou, tankou “Aimez vos frères” (Chants pour les enfants, 136), ka derape yon diskisyon sou kisa charite ye. Ou ka li oswa rezime Mowoni 7:47 epi envite pitit ou yo pou yo desine foto tèt yo k ap montre lanmou pou yon moun. Sigjere pou yo mete foto yo a kote l ap raple yo pou yo renmen lòt moun jan Jezi te fè a.

  • Ki jan w ka enspire pitit ou yo pou yo chèche epi devlope lanmou pi Kris la nan lavi yo? Petèt ou ta ka ede yo panse a kèk fason Jezi te montre charite (gade, pa egzanp, nan Lik 23:34; Jan 8:1–11; Etè 12:33–34). Kijan nou ka suiv egzanp Li?

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Zanmi an.

Imaj
Jezikri

Pòtre Kris, Sovè a, tablo Heinrich Hofman