Vini, Suiv Mwen 2024
25 Novanm– 1 Desanm: “Tout Bagay Akonpli Pa Lafwa.” Etè 12–15


25 Novanm– 1 Desanm: “Tout Bagay Akonpli Pa Lafwa” Etè 12–15,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon (2024) (2023)

“25 Novanm–1e Desanm. Etè 12–15,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon (2024) (2023)

Imaj
Etè antre nan yon gwòt

Etè ki kache nan yon twou yon wòch, pa Gary Ernest Smith

25 Novanm–1 Desanm: “Tout Bagay Akonpli Pa Lafwa”

Etè 12–15

Pwofesi Etè te bay Jaredit yo te “gran ak mèveye” (Etè 12:5). Li te “pale yo konsènan tout bagay, depi nan kòmansman lèzòm” (Etè 13:2). Li te predi “jou Kris la” ak Nouvèl Jerizalèm nan dènye jou a (Etè 13:4). Epi li te pale de “espere yon mond ki pi bon, wi, menm yon plas adwat Bondye” (Etè 12:4). Men, Jaredit yo te rejte pawòl li yo, pou menm rezon ki fè souvan moun rejte pwofesi sèvitè Bondye yo jodi a—“paske yo pa [wè] yo” (Etè 12:5). Sa mande lafwa pou nou kwè nan pwomès oubyen avètisman sou sa nou pa ka wè, menmjan sa te mande lafwa pou Etè te pwofetize “gwo bagay mèveye” yo bay yon pèp enkwayan. Sa te mande Mowoni lafwa pou l te ka kwè ke Senyè a tap fè “feblès li yo vin tounen fòs (gade Etè 12:23–27). Se kalite lafwa sa a ki fè nou “gen asirans epi rete fèm, ap fè bon zèv tout tan, pou fè nou bay Bondye laglwa” (Etè 12:4). Epi se kalite lafwa sa a ki fè “tout bagay akonpli” (Etè 12:3).

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Etè 12

Lafwa nan Jezikri ka mennen nan mirak.

Li komen jodi a, menm jan sa te ye nan epòk Etè a, pou moun yo vle wè prèv anvan yo kwè nan Bondye ak pouvwa Li. Kisa ou aprann nan Etè 12:5–6 sou ide sa a?

Pandan w ap li Etè 12, ou ka ekri nòt chak fwa ou jwenn mo “lafwa.” Egzamine sa chak egzanp anseye sou lafwa. Kesyon konsa ka ede: Ki sa lafwa ye? Kisa sa vle di pou egzèse lafwa? Kisa ki se fwi lafwa nan Jezikri? Ou ta kapab ekri panse w konsènan temwayaj ou akeri “apre eprèv lafwa w” tou (Etè 12:6).

Gade tou Russell M. Nelson, “Kris la Resisite; Lafwa nan Li ap Deplase Montay” (Liahona, Me 2021, 101–4.

Kite lòt moun pataje, epi pafwa anseye. Moun yo aprann pi byen lè yo gen opòtinite pou yo pataje sa y ap aprann oswa menm anseye nan yon anviwònman fòmèl. Kit se lakay oubyen nan legliz la, panse pou w pèmèt lòt moun, enkli jèn yo, anseye yon pati nan leson an.

Etè 12:1-9, 28,32

Jezikri ba nou “yon esperans pi ekselan.”

Anplis de bonjan konprann sou lafwa, Etè 12 gen anpil bagay pou l di sou esperans tou. Kite kesyon sa yo gide etid ou:

  • Ki rezon ki te fè Etè te “espere yon mond ki pi bon”? (gade nan Etè 12:2–5).

  • Ki objektif yon lank? Kisa lespwa fè pou nanm ou ki sanble ak sa yon lank fè pou yon bato? (gade Etè 12:4).

  • Kisa nou ta dwe espere? (gade Etè 12:4; Mowoni 7:41).

  • Kijan levanjil Jezikri a ba w “yon esperans pi ekselan”? (Etè 12:32).

Gade tou nan Mowoni 7:40–41; ak sa Jeffrey R. Holland te di nan “Yon Esperans Pafètman Klè,” Lyawona, Me 2020, 81–84.

Etè 12:23–29

Imaj
senbòl seminè
Jezikri ka fè feblès mwen yo tounen fòs.

Lè nou li ekriti puisan Mowoni yo, li fasil pou nou bliye ke l te enkyè pou “feblès li nan ekri” epi l te pè pou moun yo pa t moke pawòl li yo (gade nan Etè 12:23–25). Si ou te janm santi w enkyete pou pwòp feblès pa ou, li apwopo lit Mowoni yo—ak repons Sovè a—nan Etè 12:23–29. Ou ka medite tou sou moman kote Jezikri te ede w rekonèt feblès ou epi rann ou fò—menm si Li pa t retire l konplètman. Reflechi tou sou feblès w ap konbat kounyeya. Kisa ou bezwen fè pou resevwa pwomès Sovè a pou “fè bagay ki fèb yo vin fò” a? (Etè 12:27).

Panse chèche nan pasaj sa yo pou wè ki jan lòt moun nan ekriti yo te vin jwenn fòs atavè gras Jezikri:

Gade tou Sijè Levanjil yo, “Grace,” Bibliyotèk Levanjil la; “Christ est ma lumière,” Cantiques, no. 50.

Etè 13:13–22; 14–15

Rejete pwofèt Senyè a voye yo mete m nan danje espirityèl.

Istorikman, lè yon moun te yon wa Jaredit, li nan yon pozisyon danjre. Sa te vrè espesyalman vrè pou Koryantoumr, paske anpil “gason puisan … t ap chèche detwi li” (Etè 13:15–16). Nan Etè 13:15–22, remake sa Koryantoumr te fè pou l te pwoteje tèt li ak sa pwofèt Etè te konseye l pou l te fè depreferans. Pandan w ap li rès liv Etè a, medite sou konsekans rejte pwofèt yo. Kisa k rive moun yo lè “Lespri Senyè a [sispann] lite avèk yo” (Etè 15:19). Kisa Senyè a ta vle nou aprann nan resi sa yo? Panse sou sa w ap fè pou suiv pwofèt Li yo.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Liahona a ak Pou Fòs Jèn yo.

Ide pou Anseye Timoun yo

Etè 12:6–22

Lafwa se kwè nan bagay mwen pa kapab wè.

  • Konsidere ede pitit ou yo repete avèk ou “Lafwa se bagay ou espere ke ou pa wè” soti nan Etè 12:6. Yo ka renmen gade foto ki montre egzanp lafwa nan Etè 12:13–15, 19–21 yo (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, nimewo. 78, 85, ak paj aktivite semèn sa a). Kite timoun ou yo esplike sa yo konnen sou chak istwa. Men kèk kesyon pou ede w diskite sou egzanp lafwa sa yo:

    • Kisa moun sa yo te espere?

    • Kijan lafwa yo te teste?

    • Kisa k te rive akoz lafwa yo?

    Ou ka pataje pwòp eksperyans sou egzèse lafwa pa w tou.

Etè 12:4, 32

Esperans se tankou yon ankraj pou nanm mwen.

  • Pou konprann sa Etè 12:4 anseye sou esperans, ou menm ak pitit ou yo ka gade yon foto yon bato ak yon lank. Poukisa bato bezwen lank lan? Kisa k tap rive yon bato ki pa gen lank? Pandan w ap li Etè 12:4 ansanm, pale sou fason lespwa ede nou nan fason yon lank ede yon bato. Envite timoun yo pou yo desine foto yon bato ak yon lank pou yo ka anseye lòt moun konsènan esperans.

  • Si pitit ou yo bezwen yon definisyon sou esperans, ede yo jwenn youn nan Gid Ekriti yo, “Esperans” (Bibliyotèk Levanjil la). Selon definisyon sa a ak Etè 12:4, 32, kisa nou espere? (gade tou nan Mowoni 7:40–42). Ede timoun yo panse a lòt mo pou esperans, ansanm ak mo ki gen sans opoze a esperans Youn gen dwa pataje avèk lòt kèk verite levanjil ki ba ou esperans tou.

Etè 12:23-29

Jezikri ka ede m vin fò espirityèlman.

  • Pafwa timoun konn rankontre sitiyasyon kote yo santi yo fèb, menm jan avèk Mowoni. Ede pitit ou yo konnen poukisa Mowoni te santi fason sa a nan Etè 12:23–25, epi mande yo si yo te janm gen menm santiman sa yo. Apre sa envite yo li vèsè 26–27 pou yo konnen kijan Senyè a te ankouraje Mowoni.

  • Petèt timoun yo ta ka desine foto yon bagay fèb ak foto yon bagay ki fò. Apre sa yo ka ajoute nan desen yo a kèk mo ak fraz nan Etè 12:23–29 ki anseye yo sou fason Sovè a ka tounen feblès nou an fòs. Ankouraje timoun yo pou yo panse a yon feblès yo genyen epi apre sa chèche èd Sovè a pou ede yo vin fò. Ou ka pataje yon eksperyans kote Sovè a te ede w vin fò ase pou w fè yon bagay ki difisil tou.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Zanmi an.

Imaj
Etè ki ajenou nan antre yon kav

Pwofesi Etè yo te mèveye, tablo Walter Rane