Vini, Suiv Mwen 2024
16–22 Desann: “Vin Jwenn Kris la, epi Pèfeksyone Nou nan Li.” Mowoni 10


“16–22 Desanm: ‘Vin Jwenn Kris la, epi Pèfeksyone Nou nan Li‘ Moroni 10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz (2024) (2023)

“16–22 Desanm. Mowoni 10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2023)

Imaj
Jezi ki parèt devan Nefit yo

Pou Nou Ka Konnen, pa Gary L. Kapp

16–22 Desann: “Vin Jwenn Kris la, epi Pèfeksyone Nou nan Li”

Mowoni 10

Liv Mòmon an kòmanse avèk pwomès Nefi pou montre nou ke “mizèrikòd byenveyan Senyè a sou tout moun li te chwazi, poutèt lafwa yo” (1 Nefi 1:20). Liv la fèmen avèk yon envitasyon paralèl ki nan Mowoni: “Sonje kiòman Senyè a te gen mizèrikòd” (Mowoni 10:2–3). Ki egzanp mizèrikòd Senyè a ou wè nan Liv Mòmon an? Ou ta kapab medite sou fason plen mizèrikòd Bondye te kondui fanmi Leyi nan mitan dezè a ak atravè gwo dlo yo, mizèrikòd byenveyan Li te montre pou Enòs lè nanm li te swaf padon an, oubyen mizèrikòd li te montre pou Alma, yon gwo enmi Legliz la ki te vin tounen youn nan defansè ki pi brav li te genyen. Oubyen panse nou yo ta kapab ale nan direksyon mizèrikòd Sovè resisite a te montre pou moun yo lè l te geri malad yo ak beni timoun piti yo. Petèt pi enpòtan toujou, tout sa ka raple w “konbyen Senyè a te gen mizèrikòd” pou ou, paske Liv Mòmon an te ekri pou envite nou chak pou nou resevwa mizèrikòd Bondye—yon envitasyon ki eksprime senpleman nan dènye pawòl Mowoni yo, “Vin jwenn Kris la, epi pèfeksyone nou nan li” (Mowoni 10:32).

Ide pou anseye nan Legliz la ak nan Fwaye

Mowoni 10:3–7

Imaj
senbòl seminè
Mwen ka konnen verite nan tout bagay pa pouvwa Sentespri a.

Pwomès nan Mowoni 10:3–7 la te chanje lavi dè milyon moun toupatou nan mond lan. Kijan l te chanje lavi pa w? Pandan w ap li Mowoni 10:3–7, anvizaje li l pi atantivman pase w te konn fè nan lepase. Ou ta kapab egzamine chak ekspresyon, pandan w ap poze tèt ou kesyon tankou sa yo: Kisa sa vledi? Kijan m ka fè sa pi byen? Ki eksperyans m te fè avèk sa?

Pandan w ap reflechi sou rechèch pèsonèl ou pou verite espirityèl ou, li ka ede aprann kijan lòt moun jwenn verite pa pouvwa Sentespri a. Èldè Mathias te fè eksperyans li kòm yon nouvo manm legliz la (gade “Chèche Konesans pa Lespri a,” Lyawona, Me 2019, 31–33). Èldè David F. Evans te dekri eksperyans li kòm yon moun ki te leve soti vivan nan Legliz la men yo te toujou gen kesyon (gade “Verite tout bagay,” Lyawona, Nov. 2017, 68–70). Konsidere li youn oswa tou de nan mesaj sa yo epi ekri nenpòt bagay ou aprann nan rechèch yo pou verite a ki ede ou avèk pwòp pa ou.

Ou ta ka eksplore kisa Bondye te anseye konsènan verite tou nan li kèk nan pasaj ki nan Gid Ekriti yo, “Verite” (Bibliyotèk Levanjil la). Ki vèsè ki sanble l espesyalman siyifikatif pou ou? Petèt ou ta ka chwazi youn pou w pataje avèk yon lòt moun k ap chèche verite pa Lespri a tou.

Gade tou Henry B. Eyring, “Lafwa pou Mande epi Apresa pou Aji,” Lyawona, Nov. 2021, 74–76; “Que L Esprit Soit avec Nous,” Cantiques, no. 78; Sijè Levanjil yo, “Chèche Verite epi Evite Mansonj,” Bibliyotèk Levanjil la.

Ekri Enpresyon w yo. Vin konvèti nan levanjil Jezikri a vledi konnen ak viv levanjil la. Ou gen plis chans pou w aji selon sa w aprann yo si w ekri yo. Si w ap anseye, envite moun w ap anseye yo pou yo ekri enpresyon espirityèl yo resevwa.

Mowoni 10:8–25

Bondye ban m don espirityèl.

Gen anpil fason yon moun ta kapab “renye… don Bondye yo” (Mowoni 10:8). Kèk moun renye ke don sa yo menm egziste. Gen lòt ankò ki renye don yo senpleman nan neglije yo oubyen nan pa devlope yo. Pandan w ap li Mowoni 10:8–25, chèche verite ki ap ede w dekouvri don spirityèl ou yo, epi itlilize yo pou beni pitit Bondye yo. Kesyon tankou bagay sa yo ka ede: Kisa don espirityèl yo ye? Kimoun yo bay yo? Poukisa yo bay yo? Kijan nou resevwa yo? Èske w ka panse a egzanp moun ki itilize don ki nan Mowoni 10:9–16yo?

Mowoni 10:30–33

Mwen ka vin pèfeksyone m atravè lagras Jezikri.

Konsèy Mowoni a pou “vin jwenn Kris la” enplike plis pase aprann ak panse sou Li. Okontrè, sa se yon envitasyon pou nou vin jwenn Kris la nan sans ki pi konplè posib la—pou nou vin jan L ye a. Pandan w ap li Mowoni 10:30–33, note fraz ki ede w konprann kisa sa vledi pou nou vini nan Kris la, kijan sa te vin posib, ak rezilta ki genyen nan fè sa.

Fè yon koudèy sou etid ou nan Liv Mòmon ane sa a, epi reflechi sou sa ou te santi ak aprann sou Jezikri. Pa egzanp, kijan Liv Mòmon an te ede w vin jwenn Li? Kijan l ede w apiye pi totalman sou lagras Li? Kijan l ede w pou w pa “renye” pouvwa Sovè a? Konsidere pataje pwòp temwayaj pa w konsènan Liv Mòmon an avèk yon moun ki bezwen tande li, enkli moun ki pwòch ou ak zanmi ki ka pa konnen mesaj li a.

Gade tou “Mowoni Envite Tout Moun Vin jwenn Kris la” (videyo), Bibliyotèk Levanjil la.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan Lyawona a ak Pou Fòs Jèn yo .

Ide pou Anseye Timoun yo

Mowoni 10:3–4

Mwen ka konnen pou tèt pa m ke Liv Mòmon an vrè.

  • Kijan w ka ede timoun yo aksepte envitasyon Mowoni an pou yo mande Bondye si Liv Mòmon an vrè a? Konsidere ba yo moso papye ki gen mo Li, Sonje, Medite, ak Mande yo ki ekri sou yo. Timoun ou yo ta ka chèche mo sa yo nan Mowoni 10:3–4. Kisa nou ta dwe li, sonje, medite, ak mande pou nou ka akeri oubyen fòtifye temwayaj nou sou Liv Mòmon an? Timoun yo ta ka chèche resanblans ant vèsè sa yo tou avèk chan “Quand je lis l Ecriture sainte” la (Chants pour les enfants,, 66).

  • Timoun ou yo ta kapab itilize foto a nan fen prezantasyon sa a pou pale sou Mowoni ki t ap antere plak lò yo (gade tou ” (Chapit 54: Pwomès Liv Mòmon an,” Istwa Liv Mòmon an, 156). Timoun pi piti yo gendwa kontan pretann ke yo se Mowoni ki ap ekri sou plak yo epi antere yo. Pataje youn ak lòt temwayaj nou konsènan Liv Mòmon an.

Mowoni 10:8–19

Pè Selès la ban mwen don spirityèl.

  • Pou anseye timoun ou yo konsènan don espirityèl yo, ou ta ka ekri nimewo 9 rive 16 sou moso papye separe epi vlope chak papye tankou yon kado. Timoun ou yo ta kapab youn apre lòt devlope kado yo, pandan y ap li vèsè ki soti nan Mowoni 10:9–16 ki koresponn avèk nimewo yo, epi idantifye chak don espirityèl. Ou ta ka pale konsènan fason Papa nou ki nan Syèl la vle nou itilize don sa yo pou beni pitit Li yo. Ou ta kapab ede timoun ou yo remake don Papa nou ki nan Syèl la ba yo.

Mowoni 10:32–33

Jezikri vle pou m vin jwenn Li.

  • Èske moun w ap anseye yo konprann kisa vin jwenn Kris la vledi? Petèt ou ta ka li Mowoni 10:32 epi envite yo repete fraz la avèk ou. Mande yo pou yo fèmen je yo pandan w ap mete yon foto Jezi yon kote nan sal la. Apresa kite yo louvri je yo, chèche foto a, rasanble bò kote l, epi pale sou fason nou ka vin jwenn Kris la. Petèt sa ta ede pou w ta ekri kesyon Kisa sa vledi pou vin jwenn Kris la? Ede yo chèche nan Mowoni 10:32–33 pou yo jwenn repons posib yo (gade tou Atik Lafwa 1:3–4). Travay ansanm pou n fè lis sa Kris la vle nou fè ak sa Li pwomèt L ap fè pou nou.

  • Petèt timoun yo ta kontan fè ak dekore kèk badj an fòm kè ki ekri “Mwen renmen Bondye avèk tout pouvwa m, panse m, ak fòs mwen” (gadeMowoni 10:32). Pandan y ap fè sa, pale avèk yo sou fason nou montre Bondye ke nou renmen Li.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Zanmi an.

Imaj
Mowoni ki ap antere plak lò yo.

Anvan l te antere anal yo, Mowoni te envite nou pou nou “sonje kòman Senyè a gen mizèrikòd” (Mowoni 10:3)