Vini, Suiv Mwen 2024
2–8 Desanm: “Pou Kenbe Yo nan Wout Dwat la.” Mowoni 1—6


2–8 Desanm: “Pou Kenbe Yo nan Wout Dwat la” Mowoni 1” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon (2024) 2023)

“2–8 Desanm. Mowoni 1–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2023)

Imaj
Alma k ap batize moun nan Dlo Mòmon yo

Minerva Teichert (1888–1976), Alma ap batize moun nan Dlo Mòmon yo, 1949–1951, peti aluil sou masonite, 35⅞ x 48 pous. Mize Atistik Inivèsite Brigham Young, 1969

2–8 Desanm: “Pou Kenbe Yo nan Wout Dwat la”

Mowoni 1—6

Lè l te fini anal papa l yo konsènan Nefit yo, epi l te fè rezime anal Jaredit yo, Mowoni te panse toudabò ke travay kenbe anal sa a te fini (gade Mowoni 1:1. Kisa anplis te genyen pou te di konsènan de nasyon sa yo ki te totalman detwi yo? Men, Mowoni te wè epòk nou an (gade Mòmon 8:35), epi l te santi l enspire pou l te “ekri kèk lòt bagay, ki t ap petèt gen valè … nan jou k ap vini yo” (Mowoni 1:4). Li te konnen ke apostazi jeneral la t ap rive, ki t ap pote avèk li konfizyon sou òdonans prètriz yo ak sou relijyon an jeneral. Se petèt pou sa li te bay detay klarifyan sa yo konsènan sentsèn, batèm, konfere don Sentespri a, ak benediksyon ki genyen nan reyini ansanm avèk kwayan yo pou “kenbe [youn lòt] sou bon chemen an, … pou yo depann sèlman sou merit Kris la, ki se kòmansman ak finisman lafwa [nou]” (Mowoni 6:4). Ide presye tankou sa yo ba nou rezon pou nou rekonesan dèske Senyè a te prezève lavi Mowoni pou l te ka “ekri lòt bagay toujou” (Mowoni 1:4).

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Mowoni 1

Mwen ka suiv Jezikri malgre opozisyon.

Pandan w ap li Mowoni 1an, kisa ki esnpire w nan fidelite Mowoni anvè Senyè a ak anvè apèl li? Bay kèk fason yon moun ta ka “nye Kris la”? (Mowoni 1:2–3.) Medite sou fason ou ka vin fidèl anvè Jezikri, menm lè w ap fè fas ak eprèv ak opozisyon.

Mowoni 2–6

Òdonans Prètriz yo dwe administre jan Senyè a kòmande a.

Mowoni t ap kouri pou lavi l lè l te ekri chapit sa yo. Poukisa l te pran tan pou l te ekri konsènan detay administratif tankou fason pou fè òdonans yo? Medite sou sa pandan w ap li Mowoni 2–6. Poukisa w panse detay sa yo enpòtan pou Senyè a? Men kèk kesyon ki ta ka gide etid ou a:

Konfimasyon (Mowoni 2; 6:4).Ki enstriksyon Sovè a bay nan Mowoni 2:2 ki anseye w sou òdonans konfimasyon an? Kijan w t ap eksplike sa l vle di pou w “touche epi lave pa pouvwa Sentespri a” (Mowoni 6:4).

Òdinasyon nan Prètriz la (Mowoni 3).Kisa w jwenn nan chapit sa a ki ta ka ede yon moun prepare l pou l òdone nan prètriz la? Kisa w jwenn ki t ap ede yon moun akonpli yon òdinasyon?

Sentsèn nan (Mowoni 4–5; 6:6).Kisa w ka fè pou w fè Sentsèn nan tounen limyè spirityèl semèn ou?

Batèm (Mowoni 6:1–3).Kisa w ap fè pou w kontinye kenbe kalifikasyon w genyen pou batèm ou?

Imaj
jènfi k ap resevwa yon benediksyon

Jezi te anseye kijan òdonas yo ta dwe akonpli.

Baze sou sa w aprann yo, kijan w pral chanje fason w panse de òdonans yo, fason pou w patisipe nan yo, oubyen pou prepare w pou òdonans sa yo?

Gade tou Doktrin ak Alyans 84:20.

Jwe wòl. Youn bon fason ou ka sonje sa w aprann yo se esplike yon lòt moun yo. Pa egzanp, eseye jwe yon senaryo tankou sa a: Yon zanmi pa sèten ke l pare pou l batize. Kijan w t ap itilize Mowoni 6 pou w ede l?

Mowoni 10:4–5

Pran sentsèn nan ede mwen rapwoche pipre Jezikri.

Petèt ou te tande priyè Sentsèn yo anpil fwa, men konbyen fwa ou byen reflechi sou sa mo yo vle di? Petèt ou ta ka eseye ekri de priyè sentsèn yo pa kè. Apresa konpare sa yo te ekri a avèk Mowoni 4:3 ak 5:2. Èske ou te remake yon bagay konsènan priyè sa yo ke w pa t remake anvan?

Konsidere pou w enkli yon kantik sentsèn nan etid ou a, tankou “En souvenir de Jésus-Christ” (Cantiques, no. 114).

Mowoni 6:4–9

Imaj
senbòl seminè
Disip Jezikri yo pran swen nanm youn lòt.

Chwa pou nou suiv Kris la se yon chwa pèsonèl, men kwayan parèy nou yo ka ede nou “nan bon fason an” (Mowoni 6:4–5). Kisa manm Legliz yo te fè nan epòk Mowoni an pou youn te fòtifye lòt? Pandan w ap li Mowoni 6:4–9la, medite sou benediksyon ki vini dèske nou “konte pami pèp Legliz Kris la” (Mowoni 6:4).

Ou gendwa reflechi tou sou moun ki asiste nan pawas oswa branch ou a. Èske gen yon moun ki ta ka gen yon bezwen espesyal pou lanmou ou—petèt yon moun ki nouvo oswa ki retounen pa twò lontan? Kijan w ka ede fè eksperyans yo nan legliz la vin plis tankou sa Mowoni te dekri a? (pou ide, gade Chemen Alyans mwen oswa video “Fòtifye Nouvo Manm yo” videyo nan Bibliyotèk Levanjil la). Ou ka jwenn kèk enspirasyon nan seksyon I mesaj Prezidan Dallin H. Oaks la “Nesesite pou yon Legliz” (Liahona, Nov. 2021, 24–25).

Pandan w ap medite sou sa sa vle di pou nou “nouri pa bon pawòl Bondye a” (Mowoni 6:4), sa ta ka ede pou panse sou nourisman yon plant oswa yon ti bebe bezwen—ak kisa k ap pase si li neglije. Chache nan Mowoni 6:4–9 pou ide sou fason ou ka ede “nouri” lòt moun espirityèlman. Kijan disip parèy ou yo te ede nouri ou?

Se pa tout moun ki ka konprann poukisa li enpòtan pou yo “konte pami pèp legliz Kris la” ak “reyini ansanm” nan reyinyon Legliz yo. Kijan w t ap esplike poukisa ou rekonesan dèske w se yon manm Legliz Jezikri a? (gade lòt seksyon nan mesaj Prezidan Oaks la “Nesesite pou yon Legliz”).

Gade tou Sijè Levanjil yo, “Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo,” Bibliyotèk Levanjil la.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Liahona a ak Pou Fòs Jèn yo .

Ide pou Anseye Timoun yo

Mowoni 2–6

Sentespri a se yon don sakre.

  • Yo mansyone Sentespri oswa Lespri a plizyè fwa nan Mowoni 2–6. Petèt ou ka mande pitit ou pou yo yo jwenn tout vèsè ki mansyone Li, li vèsè sa yo, epi fè lis sa yo aprann sou Sentespri a. Ou kapab pataje youn ak lòt eksperyans kote w konn santi enfliyans Lespri a.

Mowoni 10:4–5

Mwen pran sentsèn pou m montre ke m ap toujou sonje Jezikri.

  • Li priyè sentsèn yo avèk pitit ou yo ka mennen nan yon diskisyon sou fason pou yo fè plis eksperyans enpòtan avèk sentsèn nan. Sa ta ka ede si yo ta imajine ke yon zanmi vin nan reyinyon sentsèn nan pou lapremyè fwa. Kijan nou t ap eksplike zanmi sa a kisa sentsèn nan ye ak poukisa li sakre? Ankouraje pitit ou pou yo itilize yon bagay nan Mowoni 4 oubyen5 la nan esplikasyon yo a. Timoun ki pi piti yo ka itilize paj aktivite semèn sa a oswa Liv Ilistrasyon Levanjil la, nn. 108.

  • Konsidere chante yon chan ansanm k ap ede pitit ou yo panse sou Sovè a (tankou “Humblement, calmement,” Chants pour les enfants, 11). Ou ka pratike chita ak reverans pandan Sentsèn nan tou.

Mowoni 6:1–3

Mwen ka prepare pou m batize.

  • Kiyès ki ka batize? Ede pitit ou yo jwenn repons pou kesyon sa a nan Mowoni 6:1–3. Kisa sa vledi pou n gen yon “kè brize ak yon lespri kontri”? (Mowoni 6:2). Kijan sa ede nou prepare pou batèm? Panse pou w di pitit ou yo kijan w te prepare w pou w te batize.

Mowoni 6:4-6,9

Nou ale legliz pou n pran sentsèn ak pou youn soutni lòt.

  • Èske pitit ou yo konnen poukisa ou renmen al legliz? Li Mowoni 6:4–6, 9 ka ba ou yon opòtinite pou diskite ansanm kèk nan bagay nou fè nan legliz la. Petèt yo te kapab desine foto tèt yo k ap fè bagay sa yo (tankou priye, anseye, chante, ak pran Sentsèn nan).

  • Apre ou fin li Mowoni 6: 4 ansanm, ou menm ak pitit ou yo te kapab gade foto oswa egzanp manje nourisan epi konpare nouri kò nou pou nou “ki nouri pa bon pawòl Bondye a.” Ou ka gade tou videyo “Timoun k ap pataje Levanjil la (Bibliyotèk Levanjil la).

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Zanmi an.

Imaj
Mowoni k ap kache nan yon gwòt

Mowoni nan gwòt la, tablo Jorge Cocco