Vini, Suiv Mwen
Anseye timoun piti yo


“Anseye timoun piti yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“Anseye timoun piti yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Anseye timoun piti yo

Si w gen timoun piti nan fanmi ou, men kèk aktivite ki ka ede yo aprann:

  • Koute yon istwa oubyen jwe wòl li. Timoun piti yo renmen istwa anpil—nan ekriti yo, nan lavi ou, nan istwa Legliz la, oswa nan revi Legliz yo. Chèche fason pou fè yo patisipe nan rakonte istwa yo. Yo gen dwa kenbe imaj oubyen objè, fè desen sa y ap tande a, jwe wòl sou istwa a, oubyen ede rakonte istwa a. Ede timoun yo rekonèt verite levanjil yo nan istwa w ap rakonte yo.

  • Li yon ekriti. Menmsi timoun piti yo gen dwa pa kapab li anpil, ou ka toujou fè yo pran angajman pou yo aprann nan ekriti yo. Petèt ou gen dwa oblije konsantre sou yon sèl vèsè, yon fraz kle, oubyen yon mo. Yo gen dwa menm kapab memorize ti fraz kout nan ekriti yo si yo repete yo plizyè fwa. Pandan y ap tande pawòl Bondye a, y ap santi Lespri a.

  • Gade yon imaj oubyen gade yon videyo. Lè w montre timoun yo yon imaj oswa yon videyo ki anrapò avèk yon prensip levanjil oubyen yon istwa nan ekriti yo, poze yo kesyon ki ka ede yo tire leson nan sa y ap gade a. Paregzanp, ou ka mande: “Kisa k ap pase nan imaj sa a oswa nan videyo sa a? Kijan sa fè w santi w? App Bibliyotèk Levanjil la, Biblevideos.lds.org, medialibrary.lds.org, ak children.lds.org se bon kote pou w chèche foto ak videyo.

  • Chante. Cantiques ak chante nan Livre de Chants pour les enfants yo anseye doktrin nan avèk puisans. Itilize endèks pa sijè a nan do Livre de Chants pour les enfants an pou w ka jwenn chan ki anrapò avèk prensip levanjil w ap anseye yo. Ede timoun yo konpare mesaj ki nan chan yo ak lavi yo. Paregzanp, ou gen dwa poze kesyon sou pawòl oubyen fraz ki nan tèks kantik yo. Anplis chante a, timoun yo ka fè jès ki mache avèk kantik yo oubyen yo gen dwa jis koute kantik yo kòm fon mizikal pandan y ap fè lòt aktivite.

  • Kreye Timoun yo kapab konstwi, fè desen, oswa kolorye yon bagay ki anrapò avèk istwa oswa prensip y ap aprann nan.

  • Patisipe nan demonstrasyon leson. Yon leson demonstrasyon senp kapab ede timoun yo konprann yon prensip levanjil ki difisil pou konprann. Lè w ap fè demonstrasyon yon leson, chèche fason pou fè timoun yo patisipe. Y ap aprann plis si yo fè eksperyans ansanm olye ke yo jis gade yon demonstrasyon.

  • Jwe wòl. Lè timoun yo jwe wòl yon sitiyasyon yo ka pwobableman rankontre nan lavi reyèl, yo pi byen kapab konprann kijan yon prensip levanjil aplike nan lavi yo.

  • Repete aktivite yo. Timoun piti yo gen dwa bezwen tande ansèyman yo plizyè fwa pou yo ka konprann yo. Pa pè repete istwa yo oswa aktivite yo souvan, menm pandan menm leson an. Paregzanp, ou gen dwa rakonte yon istwa nan ekriti yo plizyè fwa nan diferant kalite fason pandan yon leson—tankou li l nan ekriti yo, rezime l nan pwòp mo pa ou, montre yon videyo, fè timoun yo ede w rakonte istwa a, envite yo pou yo jwe wòl istwa a, eksetera.

    Imaj
    Paran k ap anseye timoun piti