Vini, Suiv Mwen
Resous adisyonèl


“Resous adisyonèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“Resous adisyonèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Yon fanmi k ap gade yon tablèt

Resous adisyonèl

Tout dokimantasyon sa yo disponib nan app Bibliyotèk Levanjil la ak nan LDS.org.

Revi Legliz yo

Revi Zanmi an, New Era, Ensign, ak Liahona yo gen istwa ak aktivite ki ka kore prensip w ap anseye nan manyèl Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a.

Cantiques ak Chants pour les enfants

Mizik sakre envite Lespri e anseye doktrin nan nan fason memorab. Anplis vèsyon nou ka enprime pou Cantiques ak Chants pour les enfants yo, ou ka jwenn anrejistreman odyo ak videyo pou anpil kantik ak chan timoun tou nan music.lds.org ak nan app LDS Music la.

Istwa Nouvo Testaman yo

Istwa Nouvo Testaman (2005) yo ka ede timoun yo aprann doktrin ak istwa ki nan Nouvo Testaman yo. Nou ka jwenn videyo sou istwa sa yo nan app Bibliyotèk Levanjil la tou ak nan medialibrary.lds.org.

Manyèl Seminè ak Enstiti

Manyèl Seminè ak Enstiti yo bay kontèks istorik ak kòmantè doktrinal sou prensip ak istwa ki nan ekriti yo.

Medyatèk

Ilistrasyon, videyo, ak lòt medya kapab ede oumenm ak timoun yo vizyèlman reprezante doktrin ak istwa ki nan Nouvo Testaman yo. Ale nan medialibrary.lds.org pou w ka gade koleksyon resous medya Legliz posede yo, ki gen ladan yo seri Video sou Bib yo, ki dekri evenman ki nan Nouvo Testaman yo.

Sijè Levanjil

Nan topics.lds.org ou ka jwenn enfòmasyon debaz sou yon varyete sijè levanjil, ansanm avèk lyen pou w al nan resous itil tankou, diskou konferans jeneral, atik, ekriti, ak videyo ki anrapò avèk sijè sa yo. Ou ka jwenn Gospel Topics Essays (Tèks sou sijè Levanjil) tou, ki ofri repons an pwofondè pou kesyon sou levanjil la.

Ankre nan Lafwa

Si w bezwen èd adisyonèl pou w ka konprann prensip fondamantal levanjil yo, ou gen dwa al gade nan liv Ankre nan lafwa (2004) a. Liv sa a gen yon lis alfabetik sou kèk sijè levanjil ke yo eksplike an tèm senp.