Vini, Suiv Mwen
Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo


“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo,Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo,Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo

Pou kimoun yo prepare dokimantasyon sa a?

Dokimantasyon sa a destine pou tout moun ak tout fanmi nan Legliz la. Yo prepare l pou ede w aprann levanjil la—keseswa poukont ou oubyen ansanm avèk fanmi ou. Si w pa t konn etidye levanjil la regilyèman nan lepase, dokimantasyon sa a ka ede w kòmanse fè sa. Si w te deja pran bon abitid pou etidye levanjil la, dokimantasyon sa a ka ede w fè plis eksperyans siyifikan.

Kijan m ta dwe itilize dokimantasyon sa a?

Itilize l nan nenpòt fason k ap pwofitab pou ou. Ou gen dwa petèt itilize l kòm yon gid oubyen kòm yon èd pou etid ekriti pèsonèl ak familyal ou. Ou gen dwa itilize l pou sware familyal tou. Plan leson yo souliyen prensip enpòtan w ap jwenn nan Nouvo Testaman an, ki sigjere ide ak aktivite pou moun yo ak fanmi yo, epi ki gen espas ki prepare pou w note enpresyon ou.

Oumenm ak fanmi w petèt deja ap etidye levanjil la regilyèman. Petèt ou gen bi pou w li Liv Mòmon an. Oubyen petèt w ap li yon lòt liv ekriti pou klas seminè oswa enstiti. Vini, Suiv Mwen an pa la pou l ranplase bon bagay ou deja ap fè yo ni pou l fè konpetisyon avèk yo. Gen dwa gen plizyè mwayen pou w etidye Nouvo Testaman an regilyèman pandan w ap kontinye akonpli lòt bi etid ekriti w fikse yo. Paregzanp, ou gen dwa kontinye li Liv Mòmon an pou etid ekriti pèsonèl ou epi li Nouvo Testaman an avèk fanmi w (oubyen vice versa). Oubyen, pandan w ap li Nouvo Testaman an, ou gen dwa li kèk pasaj nan Liv Mòmon an ki ranfòse sa w ap aprann yo. Se pou w suiv direksyon Lespri a pou w ka detèmine kijan w ap òganize etid ou sou pawòl Bondye a.

Ki rapò ki genyen ant dokimantasyon sa a avèk sa k ap pase nan Legliz la?

Plan yo prepare pou ou yo nan dokimantasyon sa a òganize selon yon orè lekti chak semèn. Leson pou anseye nan klas Primè ak Lekòldidimanch yo suiv menm orè a tou. Pou ankouraje efò ou pou w aprann levanjil la ak aplike l nan fwaye ou, enstriktè w yo ap ba w opòtinite pou w pale de eksperyans ou, pou eksprime panse ou, ak poze kesyon w genyen sou pasaj ekriti w te etidye pandan semèn nan.

Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a ak Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch la gen plan yo prepare pou chak semèn nan ane a, eksepte pou de Dimanch konferans jeneral yo. Lè reyinyon Legliz regilye yo pa fèt poutèt konferans pieu oubyen pou nenpòt lòt rezon, yo envite ou pou w kontinye etidye Nouvo Testamn an lakay ou. Klas jou Dimanch yo gen dwa sote leson ki te prevwa pou dat sa yo oubyen yo gen dwa konbine de leson ansanm pou yo ka respekte plan etid la.

Èske m oblije suiv plan etid la?

Plan etid la ap ede w rete ajou avèk ansèyman y ap bay nan klas jou Dimanch yo, men ou pa dwe santi w oblije suiv li; yo ba w orè sa a senpleman kòm yon gid pou ede w kenbe vitès lekti ou. Bagay ki pi enpòtan an sèke w ap aprann levanjil la pèsonèlman epi ansanm avèk fanmi ou.

Imaj
yon fanmi k ap li ekriti yo