Vini, Suiv Mwen
Konvèsyon se objektif nou


“Konvèsyon se objektif nou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“Konvèsyon se objektif nou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
yon jènjan k ap vizite grann ni

Konvèsyon se objektif nou

Objektif tout sa n ap aprann ak tou sa n ap anseye nan levanjil la se pou apwofondi konvèsyon nou ak pou ede nou vin pi plis menmjan avèk Jezikri. Pou rezon sa a, lè n ap etidye levanjil la, nou p ap sèlman chèche nouvo enfòmasyon; men, nou vle vin yon “nouvo kreyati” tou (gade 2 Korentyen 5:17). Sa vledi pou nou apiye nou sou Kris la pou chanje kè nou, pèsepsyon nou, aksyon nou, ak menm nati nou.

Men, kalite aprantisaj levanjil ki fòtifye lafwa nou e ki mennen chanjman konvèsyon mirakile sa a pa rive toudenkou. Li ale odela kad yon klas e li fèt nan kè yon moun ak nan fwaye li. Li mande efò pèsistan chak jou pou n ka konprann levanjil la ak pou n viv li. Vrè konvèsyon mande enfliyans Sentespri a.

Sentespri a gide nou pou n jwenn laverite epi li rann nou temwayaj sou verite sa a (gade Jan 16:13). Li eklere lespri nou, li akselere konpreyansyon nou, epi li touche kè nou pa revelasyon nou resevwa nan men Bondye, ki se sous tout verite a. Sentespri a pirifye kè nou. Li ba nou dezi pou n viv selon verite a, epi li enspire nou ki fason pou nou fè sa. Reyèlman, “Sentespri a … ap anseye [nou] tout bagay” (Jan 14:26).

Se poutèt sa, nan efò nou pou nou viv, aprann ak anseye levanjil la, nou dwe toudabò chèche konpayi Sentespri a. Bi sa a dwe gouvène chwa nou e gide panse nou ak aksyon nou. Nou dwe chèche tout sa ki envite enfliyans Lespri a e rejte tout sa ki chase enfliyans sa a—paske nou konnen, si nou ka diy pou n gen prezans Sentespri a, nou ka diy pou nou viv nan prezans Pè Selès la ak Pitit Gason l lan, Jezikri, tou.