Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 29


Seksyon 29

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan prezans sis ansyen, nan Fayette, New York, Septanm 1830. Yo te resevwa revelasyon sa a kèk jou anvan konferans lan, ki te dwe kòmanse 26 Septanm 1830.

1–8, Kris la rasanble moun Li chwazi yo; 9–11, L ap vin inogire Milenyòm nan; 12–13, Douz yo ap jije tout Izrayèl; 14–21, Siy, fleo, ak dezolasyon pral rive anvan Dezyèm Vini an; 22–28, Dènye rezirèksyon an ak jijman final la vini apre Milenyòm nan; 29–35, Tout bagay yo espirityèl pou Senyè a; 36–39, Yo te chase dyab la ak patizan l yo soti nan syèl la pou yo tante lòm; 40–45, Chit la ak ekspyasyon an pote sali; 46–50, Timoun piti yo rachte pa mwayen ekspyasyon an.

1 Koute vwa Jezikri, Redanmtè w la, Gran Mwen Menm nan, moun ponyèt mizèrikòd li te ekspye peche w yo;

2 Ki pral rasanble pèp li a menm jan yon manman poul rasanble ti poul li yo anba zèl li yo, menm tout moun ki koute vwa m epi ki gen imilite devan m, epi ki rele m nan priyè ki pisan.

3 Gade, an verite, an verite, m di nou, kounyea peche nou yo padone, se poutèt sa nou resevwa bagay sa yo; men, sonje pou nou pa peche ankò, pou malè pa tonbe sou nou.

4 An verite, m di nou, m chwazi nou pami mond lan pou nou deklare levanjil mwen an avèk yon son lakontantman, tankou vwa yon twonpèt.

5 Leve kè nou epi kontan, paske m pami nou, epi m se avoka nou devan Papa a; epi li gen bon dezi pou l ba nou wayòm nan.

6 Epi jan sa te ekri a—Nenpòt sa nou mande avèk lafwa, si nou reyini ansanm nan priyè daprè kòmandman mwen an, n ap resevwa l.

7 Epi nou te resevwa apèl pou nou reyalize rasanbleman moun ke m chwazi yo; paske moun mwen chwazi yo tande vwa m epi yo pa fè yo di;

8 Se poutèt sa, yon dekrè soti nan men Papa a pou yo rasanble nan yon sèl plas sou sifas peyi sa a, pou yo prepare kè yo epi pou yo prepare nan tout bagay kont jou lè tribilasyon ak dezolasyon desann kont mechan yo.

9 Paske, Senyè tout Lame yo di, lè a pre epi jou a pral rive talè pou tè a mi; epi tout ògeye yo ak moun ki fè mechanste yo pral tankou pay; epi m ap boule yo, pou mechanste sispann sou tè a.

10 Paske lè a pre, epi bagay apot mwen yo te pale a dwe akonpli; paske jan yo te pale a se konsa sa pral pase;

11 Paske m pral revele tèt mwen depi nan syèl la avèk pouvwa epi gwo laglwa, avèk tout lame syèl yo, pou m rete nan lajistis avèk lèzòm sou tè a pandan mil ane, epi mechan yo p ap kapab kanpe.

12 Epi ankò, an verite, an verite, m di w, epi sa te soti nan yon dekrè fèm, avèk volonte Papa a, pou fè konnen, apot mwen yo, Douz yo ki te avè m nan ministè mwen an nan Jerizalèm, ap kanpe a dwat mwen, jou m ap vini m nan yon kolòn dife a, y ap abiye avèk wòb lajistis, avèk kouwòn sou tèt yo, nan laglwa menm jan avèk mwen, pou yo jije tout kay Izrayèl la, tout sila yo ki te renmen m epi ki te respekte kòmandman m yo, epi pèsonn lòt moun ankò.

13 Paske yon twonpèt pral sonnen pandan lontan epi byen fò, menm jan avèk sou Mòn Sinayi a, epi tout tè a pral tranble, epi yo pral resisite—wi, sa ki te mouri nan mwen yo, pou yo resevwa yon kouwòn lajistis, epi pou yo abiye, menm jan avèk mwen, pou nou kapab youn.

14 Men, gade, m di nou, anvan gwo jou sa a rive, solèy la ap pral fènwa, epi lalin nan ap tounen san, epi zetwal yo ap sot tonbe nan syèl la, epi ap gen pi gwo siy anlè nan syèl la ak anba sou tè a.

15 Epi ap gen kriye ak rèl pami lèzòm;

16 Epi ap gen yon gwo siklòn lagrèl pou detwi jaden yo sou tè a.

17 Epi se pral konsa, akoz mechanste mond lan, m ap tire revanj sou mechan yo, paske yo pa vle repanti; paske tas endiyasyon m nan ranpli; paske gade san mwen p ap netwaye yo si yo pa tande m.

18 Se poutèt sa, mwen menm Senyè Bondye a, m ap voye sou sifas tè a mouch, k ap kouvri abitan tè yo, k ap manje chè kò yo, epi k ap fè vè monte sou kò yo;

19 Epi lang yo ap mare pou yo pa kapab pale kont mwen; epi chè kò yo ap tonbe soti sou zo yo, epi boul je yo ap tonbe soti nan twou je yo;

20 Epi se pral konsa bèt nan forè yo ak zwazo rapas anlè yo pral devore yo.

21 Epi gwo legliz abominab la, ki se pwostitye sou tout tè a, ap detwi anba yon dife devoran, menm jan bouch Ezekyèl, pwofèt la te pale a konsènan bagay sa yo ki pa ko rive, men ki dwe rive kanmèm, menm jan m vivan an, paske abominasyon p ap pral renye.

22 Plis ankò, an verite, an verite, m di nou, lè mil lane yo fin pase, epi lèzòm kòmanse nye Bondye yo a ankò, lè sa a m ap epanye tè a pandan yon ti kras tan sèlman;

23 Epi lafen an ap vini, epi syèl la ak tè a pral konsonmen epi yo pral pase, epi pral gen yon nouvo syèl ak yon nouvèl tè.

24 Paske tout bagay ansyen pral pase, epi tout bagay pral vin nouvo, menm syèl la ak tè a, ak tout plenitid yo, lèzòm ak bèt yo, epi zwazo anlè yo, ak pwason yo ki nan lanmè a;

25 Epi ni yon grenn cheve ni yon ti pay p ap pèdi, paske se travay men mwen.

26 Men, gade, an verite, m di nou, anvan tè a pase, Michèl, akanj mwen an pral sonnen twonpèt li a, epi apre sa tout mò yo pral leve, paske tonb mò yo pral louvri, epi yo pral parèt—wi, yo tout.

27 Epi moun ki jis yo pral rasanble sou kote dwat mwen pou lavi etènèl; epi mechan yo sou kote goch mwen, m pral wont pou m rekonèt yo devan Papa a;

28 Se poutèt sa, m ap di yo—Wete kò nou kote m, moun modi, ale nan dife etènèl la, ki te pare pou dyab la ak zanj li yo.

29 Epi kounyeya, gade, m di nou, m pa t janm deklare avèk bouch pa m yo ta pral retounen, paske yo pa kapab vini kote m ye a, paske yo pa gen pouvwa.

30 Men, sonje, lèzòm pa resevwa tout jijman mwen yo; epi jan pawòl yo soti nan bouch mwen an se konsa yo ap akonpli, pou premye yo kapab vin dènye, epi pou dènye yo kapab vin premye nan tout bagay m te kreye avèk pawòl pouvwa mwen, ki se pouvwa Lespri m.

31 Paske se avèk pouvwa Lespri m mwen te kreye yo; wi, tout bagay espirityèl ak tout bagay tanporèl—

32 Premyèman, espirityèl, dezyèmman, tanporèl ki se kòmansman travay mwen an; epi ankò, premyèman, tanporèl, dezyèmman, espirityèl ki se dènye travay mwen an—

33 M pale avèk nou pou nou kapab konprann natirèlman; men, pou mwen menm, travay mwen yo pa gen finisman, ni kòmansman; men m ban nou l pou nou kapab konprann, paske nou te mande m epi nou te dakò.

34 Se poutèt sa, an verite, m di nou, tout bagay espirityèl pou mwen, epi nan okenn moman m pa janm ba nou okenn lalwa ki tanporèl; ni okenn moun, ni pitit lèzòm yo; ni Adan, papa nou, mwen te kreye a.

35 Gade, m te fè l chwazi pou tèt pa li; epi m te ba li kòmandman, men m pa t ba li kòmandman tanporèl, paske kòmandman m yo espirityèl; yo pa natirèl ni tanporèl, ni chanèl ni sansyèl.

36 Epi se te konsa paske dyab la te tante Adan—paske, gade, dyab la te la anvan Adan, epi li te fè rebèl kont mwen, li te di, ban m onè w la, ki se pouvwa mwen an; epi li te pouse yon tyè nan lame syèl la kont mwen akoz lib abit yo;

37 Epi m te chase yo desann, epi se konsa dyab la ak zanj li yo te vini;

38 Epi gen yon kote ki te prepare pou yo depi nan kòmansman, kote sa a se lanfè.

39 Epi li nesesè pou dyab la tante pitit lèzòm, san sa yo pa t ap kapab chwazi pou tèt pa yo; paske si yo pa t janm goute anmè yo pa t ap konnen sa ki dous—

40 Se poutèt sa, se te konsa dyab la te tante Adan, li te manje nan fwi defandi a, epi li te transgrese kòmandman an, konsa li te vin soumèt anba volonte dyab la paske li te bay tantasyon priyorite.

41 Se poutèt sa, mwen menm Senyè Bondye a, m te fè chase l nan Jaden Edenn an, devan prezans mwen, poutèt transgresyon l lan, ki te fè l vin mouri espirityèlman an, ki se premye lanmò a, sa vle di menm lanmò sa a ki se dènye lanmò a, ki espirityèl, ki pral pwononse sou mechan yo lè m di: wete kò nou madichon.

42 Men, gade, m di nou, mwen menm Senyè Bondye a, m te fè Adan ak desandan li yo pa mouri, daprè lanmò tanporèl la, jistan mwen menm, Senyè Bondye a, m voye zanj pou deklare yo repantans ak redanmsyon, pa mwayen lafwa nan non Sèl Pitit Gason Literal mwen an.

43 Epi se konsa, mwen menm Senyè Bondye a, m te fikse pou lòm, jou eprèv li yo—pa mwayen lanmò natirèl li a, pou l kapab leve nan imòtalite pou l viv etènèl, menm tout moun ki kwè;

44 Epi moun ki pa kwè yo, pou danasyon etènèl; paske yo pa kapab rachte anba chit espirityèl yo a, paske yo pa repanti;

45 Paske yo renmen fènwa plis pase limyè, epi zèv yo move, epi yo resevwa rekonpans yo nan men moun yo te chwazi pou yo obeyi a.

46 Men gade, m di nou, timoun piti yo rachte depi nan fondasyon mond lan pa lantremiz Sèl Pitit Literal mwen an;

47 Se poutèt sa, yo pa kapab fè peche, paske Satan pa resevwa pouvwa pou l tante timoun piti yo, jistan yo vin responsab devan m;

48 Paske m fikse pou yo, jan m vle, daprè bon plezi pa m, pou gwo responsablite soti nan men papa yo.

49 Epi ankò, m di nou, nenpòt moun ki gen konesans, èske m pa kòmande yo pou yo repanti?

50 Epi yon moun ki pa gen konpreyansyon, se zafè pa m pou m fè daprè jan sa te ekri a. Epi kounyeya, m p ap deklare ou plis pou kounyeya. Amèn.