Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 95


Seksyon 95

Revelasyon Joseph Smith Pwofèt la te resevwa, nan Kirtland, Ohio, 1e Jen 1833. Revelasyon sa a se kontinyasyon direksyon diven pou bati yon kay adorasyon ak enstriksyon, kay Senyè a (gade seksyon 88:119–136).

1–6, Sen yo chatye poutèt yo pa bati kay Senyè a; 7–10, Senyè a vle itilize kay Li a pou dote pèp Li a avèk pouvwa ki soti anwo; 11–17, Kay la dwe dedye kòm yon plas pou adorasyon epi pou lekòl Apot yo.

1 An verite, Senyè a di nou menm mwen renmen yo konsa, epi moun mwen renmen m chatye tou pou peche yo kapab padone, paske avèk chatiman an m prepare wout pou delivrans yo nan tout bagay pou yo soti nan tantasyon, epi m renmen nou—

2 Se sa ki fè, m dwe chatye nou epi nou merite gen repwòch devan je m;

3 Paske nou te fè yon peche ki grav anpil kont mwen, paske nou pa t konsidere gwo kòmandman an nan tout bagay, kòmandman m te ba nou pou nou bati kay mwen an;

4 Pou preparasyon m te planifye pou prepare apot mwen yo pou netwaye pye rezen m nan pou dènye fwa, pou m kapab reyalize aksyon etranj mwen an, pou m kapab vide Lespri m sou tout lachè—

5 Men gade, an verite m di nou, te gen anpil moun ki te òdone pami nou, moun m te aple, men, m te sèlman chwazi kèk.

6 Moun m pa t chwazi yo te fè yon peche ki grav anpil, paske yo mache nan tenèb nan mitan lajounen.

7 Epi se pou rezon sa a m ba nou yon kòmandman pou nou rele asanble solanèl nou an, pou jèn nou yo ak lamantasyon nou yo kapab monte nan zòrèy Senyè Tout Lame yo, ki vle di kòm entèpretasyon, kreyatè premye jou a, kòmansman an ak finisman an.

8 Wi, an verite m di nou, m ba nou yon kòmandman pou nou bati yon kay, yon kay m te planifye pou dote moun m te chwazi yo avèk pouvwa ki soti anwo;

9 Paske se pwomès Papa a fè nou; se poutèt sa m kòmande nou pou nou rete, menm jan apot mwen yo te ye nan Jerizalèm.

10 Sepandan, Senyè nou di, sèvitè m yo te fè yon peche ki grav anpil; epi chirepit te leve nan lekòl pwofèt yo; ki te grav anpil pou mwen; se poutèt sa m te voye yo pou sibi chatiman.

11 An verite m di nou, se volonte m pou nou bati yon kay. Si nou respekte kòmandman m yo n ap gen pouvwa pou nou bati l.

12 Si nou pa respekte kòmandman m yo, lanmou Papa a p ap kontinye avèk nou, se poutèt sa nou pral mache nan tenèb.

13 Kounyeya men lasajès, ak panse Senyè a—se pou kay la bati, se pa nan fason mond lan, paske m pa kòmande nou pou nou viv daprè fason mond lan;

14 Se poutèt sa, se pou l bati daprè fason m pral montre twa moun pami nou, moun nou pral lonmen epi òdone nan pouvwa sa a.

15 Epi gwosè l dwe mezire senkannsenk pye nan lajè, se pou l swasann-senk pye nan longè, nan chanm andedan an.

16 Senyè a di nou, epi se pou pati ki pi ba a, nan chanm andedan an dedye pou mwen pou nou ofri sakreman nou, epi pou predikasyon nou, ak jèn nou, ak priyè nou, epi pou nou ofri dezi ki pi sen nou yo devan m.

17 Epi se pou pati ki pi wo nan chanm andedan an dedye pou mwen kòm lekòl pou apot mwen yo, se sa Pitit Gason Aman nan; oubyen otreman di, Alfous; oubyen otreman di, Omegis; Jezikri Senyè nou an di. Amèn.