Èd pou Etid
TJS, Ebre 4


TJS, Ebre 4:3. Konpare avèk Ebre 4:3

Moun ki fè kè yo di yo, yo p ap sove; moun ki repanti yo ap antre nan repo Senyè a.

3 Paske nou menm ki kwè a, nou antre nan repo, jan l te di a, Jan m te sèmante nan kòlè mwen, si yo fè kè yo di, yo p ap antre nan repo m nan; epi tou, m te sèmante, si yo pa fè kè di, y ap antre nan repo mwen; sepandan, travay Bondye yo te prepare, (oubyen fini,) depi nan fondasyon mond lan.