Èd pou Etid
TJS, Ebre 7


TJS, Ebre 7:3. Konpare avèk Ebre 7:3

Mèlkisedèk sete yon prèt daprè lòd Pitit Gason Bondye a. Tout moun ki resevwa prètriz sa a ka vin tankou Pitit Gason Bondye a.

3 Paske Mèlkisedèk sa a te òdone kòm prèt daprè lòd Pitit Gason Bondye a, lòd sa ki te san papa, san manman, san desandan, li pa t gen ni kòmansman nan jou li yo, ni finisman nan lavi li. Epi tout moun ki òdone nan prètriz sa a vin tounen tankou Pitit Gason Bondye a, yo rete kòm prèt kontinyèlman.

TJS, Ebre 7:19–21. Konpare avèk Ebre 7:19–21

Lwa a te prepare moun yo pou Jezi, ki se “garanti yon testaman ki pi ekselan.”

19 Paske lwa a te administre san yon sèman epi li pa t rann anyen pafè, men sete sèlman entwodiksyon yon pi bon esperans; pou mennen nou pi pre Bondye.

20 Epi kòm gran prèt sa a pa t vin gran prèt san sèman, se sa k fè Jezi te vin tounen garanti yon alyans ki pi ekselan.

21 (Paske prèt sa yo te vin prèt san sèman; men sa a limenm te vin prèt avèk yon sèman nan men moun ki te di l, Senyè a jire epi li p ap anile l, Ou se yon prèt pou tout tan daprè lòd Mèlkisedèk la;)

TJS, Ebre 7:25–26. Konpare avèk Ebre 7:26–27

Jezi ofri tèt Li kòm yon sakrifis san peche pou peche nou yo.

25 Paske yon kalite gran prèt konsa vin tounen nou menm, ki sen, inofansif, ki pa souye, ki separe avèk pechè yo, epi ki vin tabli kòm dirijan sou tèt syèl yo;

26 Epi pa tankou gran prèt sa yo ki te ofri sakrifis chak jou yo, premyèman pou peche pa yo, epi apre pou peche pèp la; paske li li pa t bezwen ofri sakrifis pou peche pa l, paske li pa t konnen okenn peche; men pou peche pèp la. Epi li te fè sa yon sèl fwa, lè l te ofri tèt li a.