Èd pou Etid
TJS, Ebre 6


TJS, Ebre 6:1–10. Konpare avèk Ebre 6:1–10

Prensip yo ki nan doktrin Kris la mennen nan pèfeksyon.

1 Se poutèt sa san kite prensip doktrin Kris yo, an nou ale nan pèfeksyon; san plase fondasyon repantans ki soti nan travay mouri yo, ak lafwa nan Bondye.

2 Konsènan doktrin batèm nan, enpozisyondèmen, ak rezirèksyon mò yo, ak jijman etènèl.

3 Epi nou prale nan pèfeksyon si Bondye pèmèt nou.

4 Paske li te rann ni enposib pou moun ki te resevwa limyè yon fwa deja yo, epi ki te goute don selès la, ki te patisipe nan Sentespri a,

5 Epi ki te goute bon pawòl Bondye a, ak pouvwa mond ki gen pou vini an,

6 Si yo tonbe, pou yo renouvle epi ale nan repantans ankò; paske yo menm, yo krisifye Pitit Gason Bondye a ankò, epi yo ekspoze l anba lawont.

7 Paske gen yon jou ki pral vini kote tè a ki bwè lapli ki tonbe sou li yo, epi ki pouse plant ki itil pou moun ki abite ladan l yo, ki kiltive l yo, ki resevwa benediksyon Bondye yo kounyeya, li pral pwòpte avèk dife.

8 Paske, sa ki pwodui pikan ak epin nan, li rejte, epi li prèske modi; se poutèt sa moun ki pa pwodui bon fwi yo, yo pral jete yo nan dife; paske kondisyon final yo se pou boule yo nan dife.

9 Men, byeneme, nou konfyan noumenm nou fè pi bon bagay, bagay ki anrapò ak sali, menmsi nou pale konsa.

10 Paske, Bondye pa enjis, se poutèt sa li p ap bliye zèv nou ak efò nou pou renmen lòt yo, sa nou te fè nan non li, paske nou te sèvi sen yo, epi nou kontinye sèvi yo.