Èd pou Etid
TJS, Mak 16


TJS, Mak 16:3–6. Konpare avèk Mak 16:4–7; Lik 24:2–4

De zanj salye fi yo nan tonb Sovè a.

3 Men lè yo te gade, yo te wè wòch la te deplase, (paske li te gwo anpil,) epi de zanj yo te chita sou li, yo te abiye avèk rad long ki blanch; epi fi yo te pè.

4 Men, zanj yo te di yo konsa, pa pè; n ap chèche Jezi Nazarèt ki te krisifye a; li leve; li pa la; gade kote yo te mete l la;

5 Epi ale nan wout nou, di disip li yo ak Pyè konsa, li ale anvan nou nan Galile; se la nou pral wè li jan l te di nou an.

6 Epi yo te antre nan tonb lan, yo te wè plas kote yo te mete Jezi a.