Èd pou Etid
TJS, Mak 8


TJS, Mak 8:37–38. Konpare avèk Mak 8:35

Moun ki dispoze pou mouri pou Jezi yo ap resevwa sali.

37 Paske moun ki ta vle sove lavi l, li va pèdi l; oubyen moun ki vle sove lavi l, dwe dispoze pou bay lavi l pou mwen; epi, si l pa dispoze pou bay lavi l pou mwen, li va pèdi l.

38 Men, moun ki va dispoze pou pèdi lavi l pou mwen, moun sa a va sove l.

TJS, Mak 8:42–43. Konpare avèk Mak 8:38

Moun ki wont Kris la, yo p ap patisipe nan premye rezirèksyon an, men moun ki dispoze pou yo mouri pou Kris la, y ap vini avèk li nan laglwa li.

42 Epi yo p ap patisipe nan premye rezirèksyon sa a lè l vini.

43 Paske, an verite, m ap di nou konsa, Li ap vini; epi moun ki bay lavi li pou mwen ak pou levanjil la, yo va vini avèk li, epi yo va abiye avèk laglwa li nan nyaj yo, adwat Pitit Gason Lòm nan.