Èd pou Etid
TJS, Apokalips 12


TJS, Apokalips 12:1–17. Konpare avèk Apokalips 12:1–17

Jan eksplike senbòl fi a, timoun nan, ba fè a, dragon an, ak Michèl. Lagè ki te kòmanse nan syèl la ap kontinye sou tè a. Gade chanjman ki fèt nan lòd vèsè yo nan TJS la.

1 Epi te gen yon gran siy ki te parèt nan syèl la, nan resanblans bagay ki sou tè a; yon fi ki te abiye avèk solèy la, ak lalin nan anba pye l, epi sou tèt li te gen yon kouwòn ki gen douz zetwal.

2 Epi fi a ki te ansent, t ap rele, li t ap akouche, epi l te gen doulè pou l akouche.

3 Epi li te fè yon ti gason, ki ta pral dirije sou tout nasyon yo avèk yon baton fè; epi pitit li a te monte kote Bondye ak twòn Bondye a.

4 Epi yon lòt siy te parèt nan syèl la; Epi reyèlman te gen yon gwo dragon wouj, ki te gen sèt tèt ak dis kòn, ak sèt kouwòn sou tèt li yo. Epi ke l te trennen yon tyè nan zetwal yo ki nan syèl la, epi l te voye yo sou tè a. Epi dragon an te kanpe devan fi ki t ap akouche a, li te pare pou l devore timoun nan l te fin fèt.

5 Epi fi a te kouri al nan dezè a, kote Bondye te prepare yon plas pou li, pou yo te kapab nouri l nan plas sa a, pandan mil desan swasant ane.

6 Epi te gen lagè nan syèl la; Michèl ak zanj li yo te goumen kont dragon an; epi dragon an ak zanj li yo te goumen kont Michèl;

7 Epi dragon an pa t gen viktwa sou Michèl; ni sou timoun nan, ni sou fi a ki se legliz Bondye a, ki te delivre anba doulè l yo, epi ki te akouche wayòm Bondye nou an ak Kris li a.

8 Ni tou pa t gen plas nan syèl la pou gwo dragon an, yo te chase l; ansyen sèpan sa ki te rele dyab la, epi ki te rele Satan an, ki twonpe tout mond lan; yo te chase l voye sou tè a; epi yo te chase zanj li yo avèk li.

9 Epi m te tande yon vwa fò ki t ap di nan syèl la, Kounyeya, sali a vini, ak fòs, ak wayòm Bondye nou an, ak pouvwa Kris li a;

10 Paske yo chase akizatè frè nou yo desann, limenm ki te akize yo devan Bondye nou an lajounen ak nan nuit la.

11 Paske yo te gen viktwa sou li pa mwayen san Ti Mouton an, epi avèk pawòl temwayaj yo; paske yo pa t renmen pwòp lavi pa yo, men, yo te kenbe temwayaj la jiska lamò. Se poutèt sa, o, syèl yo rejwi, epi nou menm ki rete ladan yo.

12 Epi apre bagay sa yo, m te tande yon lòt vwa ki t ap di konsa, malè moun yo ki abite sou tè a, wi, ak moun yo ki rete sou zile yo ki sou lanmè a! paske dyab la desann kote nou, li gen anpil kòlè, paske li konnen tan l kout.

13 Paske lè dragon an wè yo te chase l vin sou tè a, li te pèsekite fi ki t ap pote pitit gason an.

14 Se poutèt sa, yo te bay fi a de zèl yon gran èg, pou l te kapab kouri al nan dezè a, nan plas li a, kote li t ap nouri pou yon tan an, ak plizyè tan, ak yon demi tan lwen figi sèpan an.

15 Epi sèpan an te voye dlo tankou yon delij soti nan bouch li dèyè fi a, pou l te kapab fè delij la pote l ale.

16 Epi tè a ede fi a, epi tè a louvri bouch li, epi l vale delij dragon an voye soti nan bouch li a.

17 Se poutèt sa, dragon an te fache kont fi a, epi l t ale pou l fè lagè kont rès desandan li yo, ki te kenbe kòmandman Bondye yo, epi ki te gen temwayaj Jezikri a.