Èd pou Etid
TJS, Apokalips 1


TJS, Apokalips 1:1–8. Konpare avèk Apokalips 1:1–8

Apot Jan resevwa pwofesi yo ki nan liv Apokalips la. Jezikri vizite li epi yon zanj vizite li.

1 Revelasyon Jan, sèvitè Bondye a te resevwa nan men Jezikri, pou montre sèvitè l yo bagay ki dwe reyalize byento, revelasyon li te voye zanj li yo verifye pou bay Jan, sèvitè li a.

2 Ki te rann temwayaj konsènan pawòl Bondye a, epi konsènan temwayaj Jezikri a, ak tout bagay li te wè.

3 Moun ki li, ak moun ki tande epi ki konprann pawòl pwofesi yo, ki kenbe bagay ki ekri ladan yo, beni, paske lè pou Senyè a vini an ap pwoche.

4 Kounyeya, se te temwayaj Jan te bay sèt sèvitè ki sou tèt sèt legliz an Azi yo. Gras avèk nou, ak lapè ki soti kote moun ki egziste a, ki te egziste epi ki gen pou vini an; ki te voye zanj li yo soti bò kote twòn li a, pou temwaye bay moun yo ki se sèt sèvitè sou tèt sèt legliz yo.

5 Se poutèt sa, mwen menm, Jan, temwen fidèl la, mwen rann temwayaj konsènan sa zanj lan te di m yo, epi ki sòti nan Jezikri, premye moun ki leve anba lanmò a, ki se Prens wa latè yo.

6 Epi glwa pou limenm ki renmen nou an; ki lave nou sòti anba peche nan pwòp san li, epi ki fè nou vin wa ak prèt Bondye, Papa li. Se pou li gen lagwa ak puisans, pou tout tan e ajamè. Amèn.

7 Paske, gade, l ap vini nan nyaj yo avèk di mil sen l yo nan wayòm ni an, abiye avèk glwa Papa li. Epi tout moun pral wè li; epi moun ki te pèse l yo, ak tout pèp ki sou tè a pral kriye lè ya wè li. Se konsa sa pral pase, Amèn.

8 Paske li di, Mwen se Alfa ak Omega, kòmansman an ak finisman an, Senyè a, ki egziste, epi ki te egziste, epi ki gen pou vini an, Toupuisan an.