Èd pou Etid
TJS, Apokalips 2


TJS, Apokalips 2:22. Konpare avèk Apokalips 2:22

Y ap chase mechan yo nan lanfè.

22 Reyèlman, m pral chase l nan lanfè, ak moun ki komèt adiltè avèk li yo nan gran tribilasyon, si yo pa repanti nan aksyon yo.

TJS, Apokalips 2:26–27. Konpare avèk Apokalips 2:26–27

Moun ki venk mond lan pa obeyisans nan kòmandman Kris yo va gouvène wayòm nan mond k ap vini an ak lafwa, egalego, epi avèk jistis.

26 Epi moun ki venk lemond yo, epi ki kenbe kòmandman m yo jiskalafen yo, m ap ba yo pouvwa sou anpil wayòm;

27 Epi li va gouvène yo avèk pawòl Bondye a; epi yo va nan men li tankou veso ajil nan men yon potye; epi li va gouvène yo pa lafwa, egalego epi avèk jistis, menmjan m te resevwa sa nan men Papa m nan.