Ekriti yo
Moyiz 6


Chapit 6

(Novanm–Desanm 1830)

Desandan Adan yo konsève yon liv rapèl—Posterite jis li a preche repantans—Bondye revele tèt Li devan Enòk—Enòk preche levanjil la—Bondye te revele Adan plan sali a—Li te resevwa batèm ak prètriz la.

1 Epi Adan te koute vwa Bondye, epi l te rele pitit gason l yo pou yo repanti.

2 Epi Adan te dòmi ak madanm li ankò, epi Èv te fè yon pitit gason epi Adan te rele non l Sèt. Epi Adan te glorifye non Bondye; paske li te di: Bondye ban mwen yon lòt desandan nan plas Abèl, Kayen te touye a.

3 Epi Bondye te revele tèt li bay Sèt, epi li pa t fè rebèl, men, li te ofri yon sakrifis akseptab, menm jan avèk frè li a, Abèl. Epi yon pitit gason te fèt pou li tou, epi l te rele l Enòs.

4 Epi apre sa, moun sa yo te kòmanse rele non Senyè a epi Senyè a te beni yo.

5 Epi yo te konsève yon liv souvni, ladan l yo te anrejistre, nan langaj Adan, paske tout moun ki te rele non Bondye te gen dwa ekri ladan l avèk lespri enspirasyon.

6 Epi se avèk yo timoun yo te aprann li ak ekri, paske yo te gen yon langaj ki te pi epi ki pa t degrade.

7 Kounyeya, menm prètriz sa a ki te nan kòmansman an, pral nan finisman mond lan tou.

8 Kounyeya, Adan te pale pwofesi sa a pandan Sentespri a te enspire l, epi yo te konsève jeneyaloji pitit Bondye yo. Epi se te liv jenerasyon Adan yo, ki te di: Nan epòk Bondye te kreye lòm, li te kreye l nan imaj Bondye.

9 Li te kreye yo, nan imaj pwòp kò pa l, gason ak fi, epi l te beni yo, epi l te rele non yo Adan, nan epòk yo te kreye epi yo te vin tounen nanm vivan yo sou tè a, sou machpye Bondye a.

10 Epi Adan te viv santrantan, epi l te fè yon pitit gason nan pwòp resanblans pa l, daprè imaj pa l, epi l te rele non l Sèt.

11 Epi jou Adan yo apre l te fin fè Sèt, te yuisanzan, epi l te fè anpil pitit gason ak ak pitit fi;

12 Epi tout jou Adan te viv yo te nèfsantranteyen ane, epi l te mouri.

13 Sèt te viv sansenk ane, epi l te fè Enòs, epi l te pwofetize pandan tout lavi l, epi l te ansenye pitit gason li a, Enòs nan chemen Bondye a; se sa ki fè, Enòs te pwofetize tou.

14 Epi Sèt te viv yuisansèt ane apre l te fin fè Enòs, epi l te fè anpil pitit gason ak pitit fi.

15 Epi pitit lèzòm yo te anpil sou tout fas tè a. Epi nan jou sa yo, Satan te gen anpil dominasyon pami lèzòm, epi l te fè raj nan kè yo; epi depi lè sa a te vin gen lagè ak asasina; epi men yon nonm te kont pwòp frè pa l, nan òganize lanmò, poutèt zèv sekrè ki t ap chèche gen pouvwa.

16 Epi tout jou Sèt yo te nèfsandouz ane, epi l te mouri.

17 Epi Enòs te viv katreven dis ane, epi l te fè Kenan. Epi Enòs ak rès pèp Bondye a te soti vin nan tè ki te rele Choulon an, epi yo te rete nan yon tè pwomès, li te lonmen l daprè non pitit gason li a ki te rele Kenan nan.

18 Epi Enòs te viv yuisankenz ane apre l te fin fè Kenan, epi l te fè anpil pitit gason ak pitit fi. Epi tout jou Enòs yo te nèfsansenk ane, epi l te mouri.

19 Epi Kenan te viv swasanndis ane epi l te fè Maaleyèl; epi apre Kenan te fin fè Maaleyèl, li te viv yuisankarant ane, epi l te fè pitit gason ak pitit fi. epi tout jou Kenan yo te nèfsandis ane, epi l te mouri.

20 Epi Maaleyèl te viv swasannsenk ane, epi l te fè Jarèd; epi Maaleyèl te viv yuisantrant ane apre l te fin fè Jarèd, epi l te fè pitit gason ak pitit fi. Epi tout jou Maaleyèl yo te yuisankatrevenkenz ane, epi l te mouri.

21 Epi Jarèd te viv sanswasanndezan, epi l te fè Enòk; Epi Jarèd te viv yuisanzan apre l te fin fè Enòk, epi l te fè pitit gason ak pitit fi. Epi Jarèd te ansenye Enòk nan tout chemen Bondye yo.

22 Epi se jeneyaloji pitit gason Adan yo, ki te pitit gason Bondye, epi Bondye te konvèse avè l.

23 Epi yo te predikatè lajistis, yo te pale epi yo te pwofetize, epi yo te rele lèzòm tout kote pou yo repanti; epi yo te ansenye pitit lèzòm lafwa.

24 Epi se te konsa, tout jou Jarèd yo te nèfsanswasanndezan, epi l te mouri.

25 Epi Enòk te viv swasannsenkan, epi l te fè Metichèla.

26 Epi se te konsa, Enòk te vwayaje nan peyi a, pami pèp la; epi pandan l t ap vwayaje, Lespri Bondye te desann soti nan syèl la, epi l te rete sou li.

27 Epi l te tande yon vwa nan syèl la, ki te di: Enòk, pitit gason m nan, pwofetize devan pèp sa a, epi di yo—Repanti, paske Senyè a di: M fache kont pèp sa a, epi move kòlè m limen kont yo; paske kè yo te vin di, epi zorèy yo bouche pou yo pa tande, epi je yo pa kapab wè lwen;

28 Epi kanta pakèt jenerasyon sa yo, depi jou m te kreye yo a, yo te egare pèdi, yo te nye m, epi yo te chèche pwòp konsèy pa yo nan tenèb; epi nan abominasyon pa yo, yo te planifye asasina, epi yo pa t respekte komandman m te bay papa yo a, Adan an.

29 Se sa ki fè, yo te sèmante sou tèt pa yo, epi avèk sèman yo, yo pote lanmò sou tèt yo, epi m pare yon lanfè pou yo, si yo pa repanti;

30 Epi se yon dekrè m te voye nan kòmansman mond lan, ki te soti nan bouch pa m, depi nan fondasyon mond lan, ak nan bouch sèvitè m yo, zansèt ou yo, m te dekrete l, menm jan m pral voye l nan mond lan, nan tout kwen mond lan.

31 Epi lè Enòk te tande pawòl sa yo, li te bese tèt li atè devan Senyè a, li te di: Poukisa m jwenn favè devan ou, epi m se sèlman yon timoun epi tout pèp la rayi m; paske m pale dousman; epi m se sèvitè ou?

32 Epi Senyè a te di Enòk: ale epi fè jan m kòmande ou, epi pèsonn p ap kapab pèse w. Louvri bouch ou, epi l ap ranpli. Epi m ap ba w enspirasyon, paske tout kò fizik nan men mwen, epi m ap fè jan m vle.

33 Di pèp sa a: Chwazi jodi a, pou ou sèvi Senyè Bondye a ki te kreye w la.

34 Gade, Lespri m sou ou, se sa ki fè, m ap jistifye tout pawòl ou; epi mòn yo pral kouri devan w, epi rivyè yo pral detounen nan chemen yo; epi ou pral rete nan mwen, epi mwen menm nan ou menm; se poutèt sa, mache avèk mwen.

35 Epi Senyè a te pale avèk Enòk, epi l te di l: Fè yon onksyon pou je ou avèk ajil, epi lave yo, epi w ap wè, epi l te fè sa.

36 Epi l te wè lespri Bondye te kreye yo; epi tou li te wè bagay ki pa t vizib pou je natirèl; epi depi lè sa a te gen yon pawòl gaye nan peyi a: Senyè a te leve yon vwayan pou pèp li a.

37 Epi se te konsa, Enòk t ale nan peyi a, pami pèp la, li te kanpe sou kolin yo ak plas ki wo yo, li te rele avèk yon vwa fò, pou l temwaye kont zèv yo; epi tout moun te ofanse poutèt li.

38 Epi yo te vini sou plas wo yo pou yo tande l, yo te di jeran tant yo: Rete la epi kenbe tant yo pandan nou prale monte pou nou wè vwayan an, paske l ap pwofetize, epi gen yon bagay etranj nan peyi a; yon moun sovaj te antre pami nou.

39 Epi se te konsa, lè yo te tande l, pèsonn pa t mete men sou li; paske lakrent te tonbe sou tout moun ki te tande l yo; paske li te mache avèk Bondye.

40 Epi yon nonm ki te rele Mayija te vini kote l, epi ki te di l konsa: Di nou byen klè kiyès ou ye, epi ki kote ou soti?

41 Epi l te di yo: M te soti nan peyi Kenan an, peyi zansèt mwen yo, yon tè lajistis jouk jodi a. Epi papa m te ansenye m nan tout chemen Bondye yo.

42 Epi se te konsa, pandan m t ap vwayaje soti nan peyi Kenan an, bò kote lanmè ki nan kote lès la, m te wè yon vizyon; epi gade m te wè syèl la, epi Senyè a te pale avèk mwen, epi l te ban m kòmandman; se sa ki fè, se pou rezon sa a, pou m kapab respekte kòmandman an, m pale pawòl sa yo.

43 Epi Enòk te kontinye diskou li a, li te di: Senyè a ki te pale avèk mwen an, limenm ki se Bondye syèl la, epi li se Bondye m nan, e Bondye pa w tou, epi nou se frè m, epi poukisa n ap chèche bay tèt nou konsèy epi nou nye Bondye ki nan syèl la?

44 Li te fè syèl la; a se machpye l; epi fondasyon an se pou li. Gade, li te fè l, li te mete anpil anpil moun sou fas li.

45 Epi lanmò te vini sou papa nou yo; sepandan nou konnen yo epi nou pa kapab nye, epi nou te konnen sa ki te premye a, Adan menm.

46 Paske nou te ekri yon liv souvni pami nou, daprè modèl dwèt Bondye te ban nou an; epi nou te resevwa l nan pwòp langaj pa nou.

47 Epi pandan Enòk t ap pale pawòl Bondye a, pèp la te tranble, epi yo pa t kapab kanpe nan prezans li.

48 Epi l te di yo: Paske Adan te tonbe, nou egziste; epi pa mwayen chit li a lanmò te vini; epi sò nou se mizè ak malè.

49 Gade, Satan vini pami pitit lèzòm, epi l te tante yo pou yo adore l; epi lèzòm te vin chanèl, sansyèl, epi satanik, epi yo vin ekskli devan prezans Bondye.

50 Men, Bondye te fè papa nou yo konnen tout moun dwe repanti.

51 Epi li te rele Adan avèk pwòp vwa pa li, li te di: M se Bondye; m te fè mond lan ak lèzòm anvan yo te gen kò fizik.

52 Epi tou li te di l konsa: Si w retounen vin jwenn mwen, epi w koute vwa m, epi w kwè, epi w repanti nan tout transgresyon ou yo, epi w batize nan dlo menm, nan non Sèl Pitit Gason Literal mwen an, ki plen lagras ak verite a, ki se Jezikri a, sèl non yo pral ban nou anba syèl la kote sali kapab vini pou pitit lèzòm yo, w ap resevwa don Sentespri a, si w mande tout bagay nan non li, epi nenpòt sa w mande, w ap resevwa l.

53 Epi papa nou, Adan, te pale avèk Senyè a, epi l te di: Poukisa lèzòm dwe repanti epi yo dwe batize nan dlo? Epi Senyè a te di Adan: Gade m te padone w transgresyon ou nan Jaden Edenn nan.

54 Depi lè a te vin gen pawòl gaye pami pèp la ki fè konnen, Pitit Gason Bondye a te ekspye kilpabilite orijinal la, ki fè peche paran yo pa reponn sou tèt pitit yo, paske yo sen depi nan fondasyon mond lan.

55 Epi Senyè a te pale avèk Adan, li te di: Toutotan pitit ou yo fèt nan peche, se menm jan an tou, lè yo kòmanse grandi, peche fèt nan kè yo, epi yo goute sa ki anmè, pou yo kapab konnen pri bagay ki bon.

56 Epi yo gen kapasite pou yo konnen diferans ant byen ak mal; se sa ki fè, yo endepandan pou tèt pa yo, epi m ba w yon lòt lalwa ak yon lòt kòmandman.

57 Se sa ki fè, ansenye pitit ou yo sa, pou yo konnen tout moun ki tout kote dwe repanti, san sa yo p ap kapab eritye wayòm Bondye a nan okenn fason, paske okenn bagay ki pa pwòp pa kapab rete, oubyen rete nan prezans li; paske nan langaj Adan, Lòm Sentete a se non li, epi non Sèl Pitit Literal la se Pitit Gason Lòm nan, Jezikri menm, yon Jij ki jis, ki pral vini nan midi tan yo.

58 Se sa ki fè, m ba w yon kòmandman, pou w ansenye pitit ou yo bagay sa yo, pou w di:

59 Poutèt transgresyon an, chit la te fèt, chit sa a ki te pote lanmò, epi toutotan nou fèt nan mond lan avèk dlo, ak san, ak lespri a m te fè a, epi konsa pousyè a vin tounen yon nanm vivan, se konsa ou dwe fèt ankò nan wayòm Bondye a, avèk dlo, epi avèk Lespri a, epi pou nou lave avèk san, san Sèl Pitit Literal mwen an menm; pou nou kapab sanktifye anba tout peche, epi pou nou jwi pawòl lavi etènèl nan mond sa a, ak lavi etènèl nan mond k ap vini an, laglwa imòtèl menm;

60 Paske avèk dlo a nou respekte kòmandman yo; avèk Lespri a nou jistifye, epi avèk san an nou sanktifye;

61 Se sa ki fè, sa dwe rete nan nou, rejis ki nan syèl la; Konsolatè a; bagay pèzib laglwa imòtèl la yo; ki tout bagay lavi, ki fè tout bagay vin vivan, epi ki gen tout pouvwa konsènan lasajès, mizèrikòd, verite, lajistis, ak jijman an.

62 Epi kounyeya, gade, m di w: se plan sali a sa pou tout moun, pa mwayen san Sèl Pitit Literal mwen an, ki pral vini nan midi tan yo.

63 Epi gade, tout bagay gen resanblans yo, epi tout bagay te kreye epi yo te fèt pou rann temwayaj konsènan mwen, bagay ki tanporèl ak bagay ki espirityèl; bagay ki anlè nan syèl la ak bagay ki anba tè a, epi bagay ki sou tè a, ak bagay ki anba tè a: tout bagay rann temwayaj konsènan mwen.

64 Epi se te konsa, lè Senyè a te fin pale avèk Adan, papa nou, Adan te kriye nan pye Senyè a, epi Lespri Senyè a te anpòte l, epi l te pote l desann nan dlo a, epi l te mete l anba dlo a, epi l te wete l nan dlo a.

65 Epi se konsa li te batize, epi Lespri Bondye te desann sou li, epi se konsa li te fèt nan Lespri a, epi l te vin vivifye nan lòm ki andedan li a.

66 Epi l te tande yon vwa ki te soti nan syèl la, ki te di: Ou batize avèk dife, epi avèk Sentespri a. Se temwayaj Papa a, ak Pitit Gason an, pou tan gen tan;

67 Epi w vin daprè lòd limenm ki pa gen kòmansman jou oubyen finisman ane a, depi nan letènite jouk nan letènite.

68 Gade, ou se yon sèl nan mwen menm, yon pitit gason Bondye; epi konsa, se pou tout moun vin tounen pitit mwen yo. Amèn.