Konferans Jeneral
Verite Pur, Doktrin Pur, ak Revelasyon Pur
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Verite Pur, Doktrin Pur, ak Revelasyon Pur

Tanpri, fè konferans sa a vin yon moman festen sou mesaj Senyè a ap ba nou atravè sèvitè L yo.

Chè frè m ak sè m yo, byenveni nan konferans jeneral la! Ala yon jwa pou m avèk nou! Mwen te panse avèk nou souvan pandan sis mwa k sot pase yo. Mwen te priye osijè nou ak pou nou. Nan semèn ki sot pase yo, mwen te priye anpil pou konferans sa a te ka yon moman refleksyon ak revelasyon pou tout moun k ap chèche benediksyon sa yo.

Nou kontan pou n pale avèk ou apati Sant Konferans la ankò. Pifò nan chèz yo rete vid, men prezans kèk manm nan Kè Tabènak la se yon gwo pa annavan. Nou swete nou tout byenveni nan konferans an pati vityèl sa a, kèlkeswa kote nou ye.

Nou toujou ap fè fas ak ravaj COVID-19 la ak varyan l yo. Nou remèsye nou dèske nou suiv konsèy ekspè medikal ak ofisyèl gouvènman yo nan kominote nou yo.

Nou òganize chak konferans jeneral selon jan Senyè a dirije nou.1 Fòma a varye atravè ane yo. Lè m te pi jèn, konferans lan te konn dire twa oubyen kat jou. Nan apre, konferans te redui a de jou. Chak mesaj—lè sa a ak kounyea—se rezilta priyè fèvan ak anpil preparasyon spirityèl.

Otorite Jeneral yo ak Ofisye yo nan Legliz la ki pral pale avèk nou yo pral konsantre mesaj yo sou Sovè nou an, Jezikri, sou mizèrikòd Li, ak pouvwa redanmtè enfini Li. Pa t janm te gen yon epòk nan istwa mond lan kote konesans sou Sovè a si enpòtan ak si apwopriye pèsonèlman pou chak kretyen vivan. Imajine a ki vitès konfli devastan atravè tout mond lan—ak sa nan lavi pèsonèl nou yo—t ap rezoud si tout moun te chwazi suiv Jezikri ak koute ansèyman L yo.

Nan espri sa a, m ap envite nou pou nou koute twa bagay pandan konferans sa a: verite pur, doktrin pur Kris la, ak revelasyon pur. Kontrèman a dout kèk moun genyen, reyèlman gen yon bagay ki rele byen ak mal ki egziste. Reyèlman gen verite absoli—verite etènèl. Youn nan fleyo epòk nou an sèke kantite moun ki konn kibò pou yo chèche laverite yo twò piti.2 Mwen ka asire nou ke sa nou pral tande jodia ak demen yo se verite ki pur.

Doktrin pur Kris la puisan. Li chanje lavi tout moun ki konprann ni epi k ap chèche aplike l nan lavi yo. Doktrin Kris la ede nou jwenn ak rete sou chemen alyans la. Rete sou chemen etwat ki byen defini sa a ap finalman kalifye nou pou n resevwa tout sa Bondye genyen.3 Pa gen anyen ki ta ka gen plis valè pase tout sa Papa nou an genyen!

Finalman, revelasyon pur pou kesyon ki nan kè nou yo pral fè konferans sa a anrichisan e inoubliyab. Si nou pa t ko chèche ministè Sentespri a pou ede nou tande sa Senyè a ta renmen pou nou tande pandan de jou sa yo, mwen envite nou pou nou fè sa kounyea. Tanpri, fè konferans sa a vin yon moman festen sou mesaj Senyè a ap ba nou atravè sèvitè L yo. Aprann kijan pou nou aplike yo nan lavi nou.

Sa a se Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Nou se pèp alyans Li a. Senyè a te deklare ke L t ap akselere travay Li a lè moman an rive,4 epi Li ap fè sa nan yon vitès k ap akselere. Nou gen privilèj pou n patisipe nan travay sakre L la.

Mwen envoke yon benediksyon sou nou tout k ap chèche pi gran limyè, pi gran konesans, ak verite. Mwen eksprime lanmou m pou nou chak, nan non sakre Jezikri, amèn.