Konferans Jeneral
Envite Kris la Ekri Istwa Ou
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Envite Kris la Ekri Istwa Ou

Fè yon jan pou istwa w la se yon istwa lafwa, pandan w ap suiv Egzanp ou a, Sovè a, Jezikri.

M ap kòmanse pa poze plizyè kesyon, pou nou ka medite:

  • Ki kalite istwa pèsonèl w ap ekri pou lavi w?

  • Èske chemin w dekri nan istwa w la dwat ak etwat?

  • Èske istwa w la fini kote l te kòmanse a, nan fwaye selès ou?

  • Èske gen yon egzanp nan istwa w la—epi èske se Sovè a, Jezikri?

Mwen temwaye ke Sovè a se “kòmansman ak finisman lafwa nou.”1 Èske w ka envite L pou L kòmansman ak finisman istwa w la?

Li konn finisman an depi nan kòmansman an. Li se Kreyatè syèl la ak tè a. Li vle nou retounen lakay al jwenn Li menm ak Pè Selès nou an. Li envesti tout sa L genyen nan nou e Li vle pou nou reyisi.

Kisa w sipoze ki anpeche nou remèt istwa nou nan men Li?

Petèt ilistrasyon sa a ka ede w fè evalyasyon tèt ou.

Yon bon avoka konnen ke, nan yon jijman lè l ap re entèwoje yon temwen, li pa sipoze poze temwen an yon kesyon ke l pa deja konn repons la. Poze yon kesyon konsa se envite temwen an di oumenm—ansanm ak jij la ak jiri a—yon bagay ou pa deja konnen. Li gendwa ba w yon repons ki siprann ou epi ki kontrè a naratif ou te elabore pou plede kòz la.

Byenke poze yon temwen yon kesyon san w pa deja konn repons la jeneralman se pa yon bon ide pou yon avoka k ap fè yon pwosè, kontrè a se yon verite pou nou. Nou ka poze Pè Selès eman nou an kesyon, nan non Sovè plen mizerikòd nou an, epi temwen ki ap reponn kesyon nou yo se Sentespri a, ki toujou temwaye laverite.2 Paske Sentespri a travay nan yon inite pafè avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri, nou konnen nou ka fè manifestasyon Sentespri a ba nou yo konfyans. Ebyen, poukisa nou pafwa retisan lè pou nou mande kalite èd selès sa a, verite sa a ki manifeste pou nou atravè Sentespri a? Poukisa nou evite poze yon kesyon nou pa konn repons la alòske temwen an non sèlman se yon zanmi men l ap toujou di laverite tou?

Petèt se paske nou pa gen lafwa ase pou nou aksepte repons nou ka resevwa a. Petèt se paske lòm oswa fi natirèl ki nan nou an gen ezitasyon pou l remèt bagay yo konplètman nan men Senyè a epi fè Li konfyans antyèman. Petèt se sa ki fè nou chwazi kenbe istwa nou deja ekri pou tèt pa nou an, yon vèsyon konfòtab sou istwa nou an ki pa modifye pa Mèt Ekriven an. Nou pa vle poze yon kesyon epi jwenn yon repons ki pa pafètman tonbe dakò avèk istwa n ap ekri pou tèt nou an.

An tout franchiz, pa gen anpil nan nou ki pwobableman t ap antre eprèv ki rafine nou yo nan istwa nou an. Poutan, èske nou pa renmen li aboutisman gloriye yon istwa n ap li kote pèsonaj prensipal la simonte tout difikilte? Eprèv yo se eleman nan entrig la ki fè istwa a konvenkan, etènèl, edifyan, e diy pou yo rakonte li. Bèl difikilte ki ekri nan istwa nou yo se yomenm k ap rapwoche nou pi plis de Sovè a epi k ap rafine nou, pou fè nou vin plis tankou Li.

Pou David te ka venk Golyat, ti gason a te dwe konbat jeyan an. Resi ki t ap pi konfòtab la se t ap pou David te retounnen al okipe mouton l yo. Men, olyedesa, li te reflechi sou eksperyans li te fè nan sove mouton l yo anba yon lyon ak yon lous. Epi, apiye sou eksplwa ewoyik sa yo, li te rasanble lafwa ak kouraj pou l te kite Bondye ekri istwa l la, li te deklare, “Senyè a te delivre m anba pat lyon yo ak pat lous yo, L a delivre m tou anba men sòlda Filisti sa a.”3 Avèk yon dezi pou kite Bondye gen priyorite, avèk yon zorèy pou l te tande Sentespri a, ak yon volonte pou l te kite Sovè a tounen kòmansman ak finisman istwa l la, ti gason an, David, te konbat Golyat epi li te sove pèp li a.

Evidamman, prensip siblim libabit la pemèt nou ekri pwòp istwa nou—David te gen dwa tounen lakay li, al okipe mouton yo. Men Jezikri kanpe tou pare pou L itilize nou kòm enstriman diven, kreyon ke Limenm li taye, pou ekri yon chedèv! Avèk mizeridòd, Li dispoze pou L itilize mwenmenm, yon ti kreyon tou chèch, kòm enstriman nan men Li, si m gen lafwa pou m kite L fè sa, si mwen pemèt Li ekri istwa m nan.

Estè se yon lòt bèl egzanp tou sou kite Bondye gen priyorite. Olye pou l te kenbe yon istwa pridan sou prezèvasyon pèsonèl, li te egzèse lafwa, li te remèt tèt li totalman bay Senyè a. Aman t ap fè konplo pou l te detwi tout Juif ki te nan Perse yo. Madoche, paran Estè, te vin aprann konplo a epi li te ekri Estè, li te sipliye l pou l te pale avèk wa an favè pèp li a. Estè te raple l ke nenpòt moun ki te pwoche kote wa a san wa a pa t konvoke l, te gen posibilite pou moun sa a te mouri. Men, nan yon zak lafwa imans, li te mande Madoche pou l te rasanble Juif yo pou yo te jene pou li. “Mwen menm bò pa m ansanm ak sèvant mwen yo nou pral fè jèn tou”, Estè te di, “Apre sa, m aval kote wa a, atout lalwa defann sa. Si se pou m mouri, m a mouri.”4

Estè te dispoze pou l te kite Sovè a ekri istwa l la menm si, nan linèt mòtalite a, fen an te gendwa trajik. Erezman, wa a te resevwa Estè, epi Juif nan Perse yo te sove.

Evidamman, y ap raman mande nou pou nou gen nivo kouraj Estè a. Men kite Bondye gen priyorite, kite L tounen kòmansman ak finisman istwa nou, mande pou nou respekte kòmandman L yo ak alyans nou fè yo. Se lè nou respekte kòmandman yo ak alyans yo nou ap kapab gen yon liy kominikasyon pou nou ka resevwa revelayson atravè Sentespri a. Se atravè manifestasyon Lespri a n ap kapab santi men Granmèt la, k ap ekri istwa nou an avèk nou.

An Avril 2021, profèt nou an, Prezidan Russell M. Nelson, te mande nou pou nou konsidere kisa nou te ka akonpli si n ta gen plis lafwa nan Jezikri. Avèk plis lafwa an Jezikri, nou ta ka poze yon kesyon menm lè nou pa konn repons la—mande Papa nou ki nan Syèl la, nan non Jezikri, pou L voye repons la atravè Sentespri a, ki temwaye laverite. Si nou te gen plis lafwa, nou t ap poze kesyon an epi apresa nou t ap dispoze pou nou aksepte repons nou resevwa a, menm si l pa ale avèk istwa konfòtab nou an. Epi benediksyon yo pwomèt nou n ap resevwa paske nou aji ak lafwa nan Jezikri a se yon ogmantasyon lafwa nan Li kòm kòmansman ak finisman nou. Prezidan Nelson te deklare ke nou “resevwa plis lafwa nan fè yon bagay ki mande plis lafwa.”5

Konsa, yon koup san pitit k ap soufri anba enfètilite te ka mande ak lafwa si yo ta dwe adopte timoun epi yo dwe dispoze pou yo aksepte repons la, menm si istwa yo te ekri pou tèt pa yo a te enkli yon nesans mirakile.

Yon koup misyonè aje gen dwa mande si se tan pou yo al sèvi yon misyon epi yo dwe dispoze pou yo ale, menm lè istwa yo te ekri pou tèt yo a te enkli pase plis tan ap travay toujou. Petèt repons la te gendwa “pa kounyea”, epi y ap vin aprann nan chapit apre yo nan istwa yo a poukisa yo te bezwen rete lakay yo yon ti tan pi lontan.

Yon jènjan oswa yon jènfi gendwa mande ak lafwa si kontinye nan espò, oubyen nan etid oubyen nan mizik gen plis valè epi yo dwe dispoze pou yo suiv enspirasyon temwen pafè a, Sentespri a ap ba yo.

Poukisa nou vle kite Sovè a vin kòmansman ak finisman istwa nou? Paske Li konnen potansyèl nou pafètman, L ap mennen nou kote nou pa t janm imajine nou te ka rive. Li gen dwa fè nou tounen yon David oubyen yon Estè. Li va detire nou epi rafine nou pou nou ka vin plis tankou Li. Bagay nou va akonpli lè nou aji ak plis lafwa yo ap ogmante lafwa nou nan Jezikri.

Frè m ak sè m yo, sa fè yon ane depi profèt byeneme nou an te mande: “Èske nou dispoze pou nou kite Bondye gen priyorite nan lavi nou?… Èske w dispoze pou w kite tout sa L vle pou w fè pran plas sou nenpòt lòt anbisyon w genyen?”6 M ap enbleman ajoute sou kesyon profetik sa yo: “Eske w va kite Bondye vin kòmansman ak finisamn istwa ou?

Nan liv Revelasyon an nou aprann ke nou pral kanpe devan Bondye epi L pral jije nou selon liv lavi yo, selon zèv nou.7

Nou pral jije selon liv lavi nou an. Nou ka chwazi pou nou ekri yon istwa konfòtab pou tèt nou. Oubyen nou ka pèmèt Granmèt la, kòmansman ak finisman an, ekri istwa nou an avèk nou, epi kite wòl Li bezwen nou jwe a pase anvan tout lòt anbisyon nou ka genyen.

Kite Kris la vin kòmansman ak finisman istwa ou!

Kite Sentespri a temwaye pou ou!

Ekri yon istwa kote chemen w ap mache a dwat, yon chemen ki ap mennen w tounen nan fwaye selès ou pou w ka al viv nan prezans Bondye.

Kite advèsite ak afliksyon ki fè pati tout bèl istwa a vin yon mwayen pou w ka pwoche pi plis, epi vin plis tankou Jezikri.

Rakonte yon istwa kote w rekonèt ke syèl la ouvri. Poze kesyon ke w pa konn repons yo, konesan ke Bondye ap dispoze pou L fè w konnen volonte L pou ou atravè Sentespri a.

Se pou istwa w la se yon istwa lafwa, pandan w ap suiv egzanp ou a, Sovè a, Jezikri. Nan non Jezikri, amèn.