Konferans Jeneral
Lafwa pou Aji e Vin yon bon Disip
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Lafwa pou Aji e Vin yon bon Disip

Atravè lapriyè, etid ekriti, ak aksyon, nou ka delòk benediksyon syèl yo epi vin pi bon disip Sovè a, Jezikri.

Tousuit apre m te resevwa apèl pou m te sèvi kòm Swasanndis Otorite Jeneral, mwen te gen opòtinite pale avèk Prezidan Russell M. Nelson pandan kèlke minit. Se te yon rankont enprevi nan kafeterya a, epi li te gen jantiyès pou l te envite Èldè S.Mark Palmer avèk mwen pou n te vin manje avèk li.

“De kisa yon moun pale lè l ap manje avèk yon pwofèt?” se panse k te vin nan tèt mwen. Konsa, mwen te deside pou m te mande Prezidan Nelson si l te gen kèk konsèy oubyen gidans pou mwen paske mwen te fèk aple. Repons li te vrèman senp e dirèk; li te gade m epi li te di, “Èldè Schmeil, ou resevwa apèl sa a akoz de sa ou ka devni.” Mwen te soti nan eksperyans sa a ap medite sou kisa Senyè a te vle pou m devni. Pandan m t ap reflechi sou sa, mwen te reyalize ke Li vle pou m yon pi bon mari, yon pi bon papa, ak yon pi bon pitit ak yon pi bon sèvitè. Mwen te reyalize ke tout bagay sa yo te ka akonpli pandan m t ap travay pou m vin yon pi bon disip Sovè a, Jezikri.

Nan dènye konferans jeneral la, Prezidan Nelson te di, “Pou nou fè nenpòt bagay byen, sa mande efò. Vin yon vrè disip Jezikri pa fè eksepsyon nan sa.”1 Prezidan Nelson ap envite nou travay di pou nou ka vin vrè disip Jezikri. Li te di nou pou nou ka vin plis tankou Sovè a, nou bezwen fòtifye lafwa nou nan mande, aji, epi etidye, ansanm ak lòt bagay ankò.

1. Mande

Li te di, epi m ap site l, “Mande Pè Selès la, nan non Jezikri, pou L ede ou.”2 Mande atravè lapriyè nou se youn nan kle pou nou vin yon vrè disip Jezikri.

Nan fen ministè Li nan pami Nefit yo nan Amerik la, Jezikri te monte nan syèl la. Nan apre, disip Li yo te rasanble ansanm, “ini nan gwo priyè ak jèn. Epi Jezi te parèt devan yo , paske yo t ap priye Papa a nan non Li.”3 Poukisa Jezi te parèt devan disip Li yo ankò? Paske yo t ap priye; yo t ap mande.

Apresa Li te kontinye:

“Epi kounyeya, m pral jwenn Papa a. Epi anverite, m di nou, nenpòt bagay nou mande Papa nan non m n ap resevwa l.

“Se poutèt sa, mande, e n ap resevwa; frape, e y ap louvri pou nou; paske moun ki mande ap resevwa; e moun ki frape y ap louvri pou li.”4

Nou dwe mande ak lafwa pou nou konnen vonlonte Senyè a, epi aksepte ke Senyè a konnen kisa k pi bon pou nou.

2. Aji

Aji se yon lòt kle esansyèl pou nou vin yon vrè disip Jezikri. Pandan n ap aji, L ap gide nou epi dirije nou nan chemen an. Mwen sèten Nefi te chèche gidans Senyè a pou l te ka konnen kijan pou l te pran plak yo nan men Laban, malgresa limenm ak frè l yo te eseye twa fwa san siksè. Men yo te aji, epi Senyè a te dirije yo sou wout la. Finalman, Nefi te jwen siksè twazyèm fwa a. Li te di, “Epi Lespri a te dirije m, san m pa konnen anvan ki sa m ta dwe fè.”5

Se konsa Senyè a travay lè nou fè efò epi nou aji menm lè nou pa gen yon konpreyansyon ki klè sou sa nou ta dwe fè. Senyè a te di Nefi kisa pou l te fè: ale epi al chèche plak yo. Men, li pa t di Nefi kijan pou l te fè l. Li te kite Nefi degaje l epi chèche èd Senyè a—epi sa se souvan jan Senyè a travay nan lavi nou. Si nou kontinye avèk lafwa, Senyè a ap gide nou epi dirije nou.

3. Etidye

Nan 3 Nefi, disip yo te fè Sovè a konnen ke te gen dispit nan mitan moun yo konsènan non Legliz la. Kòm repons, Sovè a te anseye yon prensip enpòtan lè L te mande, “Èske yo pa t li ekriti yo?”6 Etid ekriti yo se yon lòt kle esansyèl pou nou vin yon vrè disip Jezikri. Lapriyè ansanm ak etid ekriti mache men nan lamen. Yo travay ansanm pou byen nou. Sa se yon pwosesis Senyè a etabli. “Fè yon festen ak pawòl Kris yo; paske gade, pawòl Kris yo pral di nou tout bagay nou dwe fè.”7

Sovè a te anseye ke nou dwe non sèlman etidye ekriti yo men anseye de yo tou, jan L te demontre Nefit yo: “Epi kounyeya, se te konsa, lè Jezi te fin esplike tout ekriti yo te ekri yo fè yon sèl, li te kòmande pou yo preche bagay li te esplike yo.”8

Sa se youn nan rezon ki fè l te tèlman enpòtan pou Nefi te retounen al chèche plakderen yo: fanmi l te bezwen ekriti yo non sèlman pou yo te ka gen èd nan vwayaj yo pou ale nan tè pwomiz la men pou yo te ka anseye pitit yo tou. Noumenm tou nou dwe chèche gidans nan ekriti yo pou vwayaj pa nou an, epi nou dwe anseye avèk yo lakay nou e nan apèl nou nan Legliz la.

4. Aji pou w ka Devni

Gen anpil fwa, repons pou priyè nou pa vini vit. Men nou dwe gen lafwa pou nou kontinye, aji nan lajistis, epi pèsiste tankou Nefi lè l t ap eseye pran plakderen yo. Senyè a ap montre nou tikal pa tikal; lè nou etidye ekriti yo, Senyè ap ba nou repons oswa fòs ki nesesè pou nou ka travèse yon lòt jounen ankò, yon lòt semèn ankò, epi pou nou eseye yon fwa ankò. Èldè Richard G. Scott te di: “[Se pou ou rekonesan dèske Bondye dèfwa kite ou fè efò pou yon bon tan avan repons la vini. Sa ede lafwa w ogmante epi sa agrandi karaktè ou.”]9

Atravè priyè ak etid ekriti, Senyè a toujou ban m fòs pou m aji ak andire yon lòt jounen ankò, yon lòt semèn ankò, epi eseye ankò. Anpil fwa, repons yo pa t vini nan menm moman an. Mwen gen kesyon ki poko gen repons toujou, men mwen kontinye mande epi etidye, epi mwen kontan dèske Senyè a kontinye ap ban m fòs pou m aji pandan m ap tann repons yo.

Èldè Richard G. Scott te di tou, “[Pandan w ap mache al nan limit konpreyansyon ou pou rive nan kòmansman ensètitid, si w ap egzèse lafwa, sa ap mennen w jwenn solisyon ou pa t ap jan ka jwenn yon lòt jan.”]10

Vin yon pi bon disip Sovè a, Jezikri, se yon vwayaj ki ap dire tout lavi, epi nou chak nan yon nivo ki diferan, nou chak ap mache ak vitès ki diferan. Nou dwe kenbe nan tèt nou ke se pa yon konpetisyon, e nou isit la pou nou youn renmen ak ede lòt. Nou dwe ap aji yon fason pou pèmèt Sovè a travay avèk nou nan lavi nou.

Pandan Senyè a t ap pale avèk Sidney Ridgon, Li te di: “M te gade ou menm ak travay ou yo. M te tande priyè ou yo, epi m te prepare ou pou yon pi gwo travay.”11 Mwen temwaye ke Senyè a tande epi L reponn priyè nou yo, Li konnen nou, epi Li gen yon gwo travay pou chak nan nou. Atravè lapriyè, etid ekriti, ak aksyon, nou ka delòk benediksyon syèl yo epi vin pi bon disip Sovè a, Jezikri.

Prezidan Dallin H. Oaks te anseye “Jijman final la se pa jis yon evalyasyon sou yon sòm total bon oswa move aksyon—nou te . Se yon konstatasyon sou efè definitif aksyon nou ak panse nou—sa nou devni.”12

Mwen rekonesan pou pwofèt, vwayan, ak revelatè yo; yo se santinèl ki sou tou a. Yo wè sa nou pa ka wè. Mwen temwaye ke, atravè pawòl yo, nou kapab vin pi bon disip Sovè a, Jezikri, epi nou ka atenn potansyèl nou. Mwen temwaye Jezikri vivan epi li konnen nou chak individyèlman. Sa a se Legliz pa Li. Nan non sakre Jezikri, amèn.