Konferans Jeneral
Sonje Sen W Yo k ap Soufri Yo, O Bondye Nou An
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Sonje Sen W Yo k ap Soufri Yo, O Bondye Nou An

Kenbe alyans yo debloke pouvwa sakrifis ekspyatwa Jezikri a pou bay fòs la e menm lajwa pou noumenm k ap soufri yo.

Plan bonè Papa nou ki nan Syè la genyen ladann yon eksperyans mòtèl kote tout pitit Li yo ap pase tès epi travèse eprèv.1 Sa gen senkan, yo te dekouvri m te gen kansè. M te santi e mwen toujou santi soufrans fizik operasyon, tretman radyasyon yo, ak efè segondè medikaman yo. Mwen te fè eksperyans pwoblèm emosyonèl pandan anpil nuit tòtire san somèy. Evalyasyon medikal yo endike ke m ap pwobableman kite mòtalite a pi bonè pase m te janm espere, pandan m ap kite dèyè, pou yon sezon, yon fanmi ki se tout bagay pou mwen.

Kèlkeswa kote n ap viv la, soufrans fizik oubyen emosyonèl ki soti nan yon seri eprèv ak feblès nan mòtalite a te toujou fè pati lavi nou, ni yè, ni kounyea oubyen l ap fè pati lavi nou yon jou.

Soufrans fizik se kapab rezilta natirèl lavyeyès, maladi brit sou kou, ak aksidan enprevizib; grangou oubyen sanzabri; oubyen abi, oswa zak vyolans, ak lagè.

Soufrans emosyonèl kapab soti nan enkyetid oubyen depresyon; trayizon yon konjwen, yon paran, oubyen yon dirijan nou fè konfyans; pwoblèm travay oubyen finansye; jijman enjis lòt moun; chwa zanmi, timoun, oubyen lòt manm fanmi; abi sou tout fòm; rèv maryaj oubyen rèv pitit ki pa reyalize; maladi oubyen lanmò moun ki chè pou nou; oubyen anpil lòt sous ankò.

Kòman l ka posib pou nou andire soufrans san parèy e pafwa devastan k ap vini sou chemen nou chak yo?

Erezman, gen lespwa nan levanjil Jezikri a, epi lespwa kapab fè pati lavi nou tou. Jodi a m ap pataje kat prensip lespwa ki soti nan ekriti yo, nan ansèyman pwofèt yo, nan anpil vizit sèvis pastoral, ak nan pwòp eprèv sante pa mwen. Prensip sa yo pa sèlman aplike pou tout moun men yo pèsonèl anpil tou.

Premyèman, soufrans pa vle di ke Bondye pa kontan avèk lavi ou. Sa gen de mil ane, disip Jezi yo te wè yon nonm avèg nan tanp lan epi yo te mande, “Mèt, kiyès ki te peche, nonm sa a, oubyen paran li, pou li te fèt avèg la?”

Disip Li yo te sanble yo te konprann pa erè, menm jan avèk anpil moun jodia, ke tout difikilte ak soufrans nan lavi a se rezilta peche. Men Sovè a te reponn, “Se pa ni peche pa l ni peche manman l ak papa l ki lakòz sa. Li fèt avèg, se pou moun ka wè sa pouvwa Bondye a ka fè nan li.2

Travay Bondye se reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm.3 Men, kijan eprèv ak soufrans—espesyalman soufrans enpoze pa yon lòt moun k ap itilize libabit li nan peche4—ka finalman avanse travay Bondye a?

Senyè a te di pèp alyans Li a, “Mwen rafine ou … ; Mwen chwazi ou nan founo afliksyon an.”5 Kèlkeswa koz soufrans ou, Papa eman w lan ki nan Syèl la kapab itilize yo pou rafine nanm ou.6 Nanm rafine yo kapab pote fado lòt moun yo avèk senpati.7 Nanm rafine ki soti nan “gwo tribilasyon” yo prepare pou yo viv ak kè kontan nan prezans Bondye pou tout tan, epi “Bondye pral siye tout dlo nan je yo.”8

Dezyèmman, Papa nou ki nan Syèl la konnen soufrans nou trè byen. Pandan nou nan mitan eprèv yo, nou ka fè erè panse ke Bondye byen lwen epi li pa sousye pou lapenn nou. Menm Pwofèt Joseph Smith te eksprime santiman sa a nan yon moman kritik nan lavi li. Lè l te nan prizon Libèty a pandan yo t ap mete dè milye Sen Dènye Jou deyò nan fwaye yo, Joseph te chèche konpreyansyon nan lapriyè: O Bondye, kote ou ye? “E kote paviyon ki kouvri kote w kache a?” Li te fini avèk siplikasyon sa a: “Sonje sen w yo k ap soufri yo, O Bondye nou an”9

Repons Senyè a te rasire Joseph ak tout moun k ap soufri:

”Pitit gason m nan, lapè nan nanm ou; advèsite ou ak afliksyon ou yo pral sèlman pou yon ti moman;

Epi apre sa, si ou te sipote byen, Bondye ap leve ou anlè.”10

Anpil Sen k ap soufri te pataje avèk mwen kòman yo te santi lanmou Bondye pandan eprèv yo. Mwen sonje pwòp eksperyans pa m klèman nan yon sèten moman nan batay kont kansè m nan, kote doktè yo potko dyagnostike koz gwo doulè m te genyen an. Mwen te chita avèk madanm mwen, epi kòm dabitid, mwen ta pral ofri yon benediksyon woutin sou dejene nou an. Olyede sa, tout sa m te ka fè sete senpleman kriye, “Papa nou ki nan Syèl la, silvouplè ede mwen. Mwen malad anpil.” Pwochèn 20 a 30 segond yo, mwen te ansèkle nan lanmou Li. Mwen pa t jwenn ankenn rezon pou maladi m nan, ankenn endikasyon sou rezilta final la, ak ankenn soulajman pou doulè m nan. Mwen te jis santi lanmou pur Li, epi sa te sifi, e sa sifi.

Mwen temwanye ke Papa nou ki nan Syèl la, ki konnen menm lè yon ti zwazo tonbe, Li konsyan de soufrans nou.11

Twazyèmman, Jezikri ofri pouvwa reparatè Li pou ede nou jwenn fòs pou nou andire soufrans nou yo pi byen. Pouvwa reparatè sa a vin posib atravè ekspyasyon L lan.12 Mwen pè ke twòp manm nan Legliz la ta panse ke si yo yon tikras pi djanm, yo ka travèse nenpòt soufrans poukont pa yo. Se yon fason difisil pou n viv. Moman fòs tanporè w la pa p janm ka konpare avèk sous pouvwa enfini Sovè a pou fòtifye nanm nou an.13

Liv Mòmon an anseye ke Jezikri te “pran sou li” lapenn, maladi, ak enfimite nou yo pou li kapab pote nou sekou.14 Kijan w ka itilize pouvwa Jezikri ofri pou pote w sekou ak fòtifye w nan moman soufrans la? Kle a se mare w avèk Sovè a nan kenbe alyans ou te fè avèk Li yo. Nou fè alyans sa yo lè nou resevwa òdonans prètriz yo.15

Pèp Alma a te antre nan alyans batèm nan. Nan apre, yo te soufri nan esklavaj epi yo te entèdi yo adore an piblik oswa menm priye fò. Malgre sa, yo te kenbe alyans yo pi byen yo te kapab nan kriye ansilans nan kè yo. Kòm rezilta, pouvwa diven te vini. “Senyè a te ranfòse yo pou yo te kapab pote fado yo pi fasil.”16

Nan epòk pa nou an, Sovè a envite, “Gade sou mwen nan chak panse; pa doute, pa pè.”17 Lè nou kenbe alyans sentsèn nou pou nou toujou sonje L la, Li pwomèt ke Lespri L ap avèk nou. Lespri a bannou fòs pou nou andire eprèv e fè sa nou pa t ap ka posibman fè poukont nou. Lespri a kapab geri nou, byenke jan Prezidan James E. Faust te ansenye, “Kèk nan gerizon sa a kapab akonpli nan yon lòt mond.”18

Nou beni pa alyans ak òdonans tanp yo tou, kote “pouvwa Bondye a manifeste.”19 Mwen te vizite yon dam ki te pèdi yon jèn pitit fi nan yon aksidan terib, epi mari li nan kansè apresa. Mwen te mande l kòman l te fè ka sipòte kalite pèt ak soufrans sa yo. Li te reponn ke fòs li te soti nan asirans espirityèl yon fanmi etènèl li te resevwa pandan adorasyon regilye nan tanp. Jan pwomès la te fèt la, òdonans nan kay Senyè a te ame li avèk pouvwa Bondye.20

Katriyèmman, chwazi jwenn lajwa chak jou. Moun k ap soufri yo souvan gen enpresyon ke nuit la ap kontinye san sispann, epi limyè lajounen an p ap janm vini. Se nòmal pou nou kriye.21 Men, lè nou twouve nou nan nuit sonb soufrans, si nou chwazi lafwa, nou kapab reveye avèk bèl maten klere nan kè kontan.22

Paregzanp, mwen te vizite yon jèn manman ki t ap suiv tretman pou kansè, ki te chita majetyezman nan chèz li ap souri malgre doulè ak ak tèt li san cheve a. Mwen te rankontre yon koup ki nan laj mwayèn ki ap sèvi kòm dirijan jèn yo malgre yo pa t kapab fè pitit. Mwen te chita avèk yon fanmi kote jèn granmè a ak jèn manman an ta pral mouri nan lespas kèlke jou; malgre sa, nan mitan dlo nan je yo, te gen ri ak souvni kè kontan.

Sen aflije sa yo se egzanp sa Prezidan Russell M. Nelson te anseye a:

“Lajwa nou santi a pa gen anyen pou l wè avèk sikonstans lavi nou men li depann de kisa nou fè vin fokis lavi nou.

Lè lavi nou santre sou plan sali Bondye a … ak sou Jezikri ak levanjil li a, nou ka santi lajwa kèlkeswa sa k rive—oswa sa k pa rive—nan lavi nou.”23

Mwen temwanye24 ke Papa nou ki nan Syèl la sonje Sen L yo k ap soufri yo, Li renmen nou, e Li konnen nou chak pèsonèlman. Sovè nou an konnen fason nou santi nou. “Asireman, li te sipòte lapenn nou e li te pote tristès nou.”25 Mwen konnen—kòm yon moun ki benefisye sa chak jou26—ke kenbe alyans yo debloke pouvwa sakrifis ekspyatwa Jezikri a pou pote fòs e menm lajwa a moun k ap soufri yo.

Pou tout moun k ap soufri, mwen priye “Ke Bondye pèmèt fado nou kapab vin lejè, atravè lajwa Pitit Gason L la.”27 Nan non Jezikri, amèn.