Konferans Jeneral
Rezève Tan pou Senyè a
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Rezève Tan pou Senyè a

Mwen sipliye nou jodia pou nou evite pyèj mond lan nan rezève tan pou Senyè a nan lavi nou—chak jou, jou apre jou.

Chè frè m ak sè m yo, pandan de jou, nou sot resevwa ansèyman nan men sèvitè Senyè a ki te chèche avèk dilijans pou yo te konnen kisa L te vle yo di nou.

Yo ba nou tach nou pou pwochen sis mwa yo. Kounyea, kesyon an se, nan kisa nou pral diferan poutèt sa nou te tande ak santi yo?

Pandemi an demontre a ki vitès lavi kapab chanje, pafwa anba sikonstans ki depase kontwòl nou. Sepandan, gen anpil bagay nou kapab kontwole. Nou ka fikse pwòp priyorite nou epi detèmine kijan pou n itilize enèji nou, tan nou, ak mwayen nou. Nou ka deside kijan nou youn pral trete lòt. Nou ka chwazi moun nou vle al kote yo pou n jwenn verite ak gidans.

Vwa ak presyon yo nan mond lan atiran epi yo anpil. Men, gen anpil vwa ki ka twonpe nou, sedui nou, epi rale nou soti sou chemen alyans lan. Pou evite chagren inevitab ki suiv bagay sa yo, mwen sipliye nou jodia pou nou evite pyèj mond lan nan rezève tan pou Senyè a nan lavi nou—chak jou, jou apre jou.

Si pifò nan enfòmasyon w ap resevwa soti nan medya sosyal oswa lòt medya, kapasite w pou w tande chichotman Lespri a ap diminye. Si w pa chèche Senyè a atravè lapriyè ak etid levanjil chak jou tou, w ap ekspoze tèt ou anba filozofi ki ka atiran men ki pa verite. Mizik sanrete fanfa Babilòn nan ka fè menm Sen ki pi fidèl yo deraye.

Frè m ak sè m yo, mwen priye nou pou nou kreye tan pou Senyè a. Kreye pwòp fondasyon spirityèl fèm pa nou ki kapab reziste devan tès tan yo, nan fè bagay sa yo ki pèmèt Sentespri a rete avèk nou tout tanan.

Pa janm souzestime verite pwofon sa a ki di “Lespri a pale … konsènan bagay yo jan yo reyèlman ye a, ak jan bagay yo pral reyèlman vin ye.”1 L ap “montre nou tout bagay nou dwe fè.”2

Anyen pa envite Lespri a plis pase fikse fokis nou sou Jezikri. Pale de Kris la, rejwi nan Kris la, fè festen ak pawòl Kris la, epi avanse avèk fèmte nan Kris la.3 Fè Saba w yo tounen yon delis pandan w ap adore Li, pran sentsèn, ak sanktifye jou sakre L la.4

Jan m te ensiste maten an, tanpri, rezève tan pou nou ale nan kay sakre Senyè a. Anyen p ap fòtifye fondasyon spirityèl nou plis pase sèvis tanp ak adorasyon nan tanp.

Nou remèsye tout moun k ap travay sou nouvo tanp nou yo. Yo ap bati nan tout mond lan. Jodia, mwen kontan anonse plan pou nou bati plis tanp nan lokasyon sa yo oubyen tou pre yo: Kaohsiung, Taiwan; Tacloban, Philippines; Monrovia, Liberia; Kananga, République Démocratique du Congo; Antananarivo, Madagascar; Culiacán, Mexique; Vitória, Bresil; La Paz, Bolivia; Santiago Ouest, Chili; Fort Worth, Texas; Cody, Wyoming; Rexburg North, Idaho; Heber Valley, Utah; ak rekonstriksyon Tanp Provo Utah a apre ke Tanp Orem Utah a fin konsakre.

Mwen renmen nou, chè frè m ak sè m yo. Senyè a konnen nou epi Li renmen nou! Li se Sovè nou ak Redanmtè nou. L ap dirije ak gide Legliz Li a. L ap dirije ak gide ou nan lavi pèsonèl ou si w rezève tan pou Li nan lavi ou—chak jou, jou apre jou.

Ke Bondye avèk nou jiskaske nou rankontre ankò, mwen priye nan non sakre Jezikri, amèn.